Lè w finn li « Malpas » ou siman otomatikman panse a yon lokalite nan komin Gantye sou fwontyè Ayiti ak Dominikani an. M te ka pale de li tou men MALPAS m vle pale w de li a se pa lokalite a. « Yo ekri menm jan, pwononse menm jan, poutan se pa menm lan ». M Itilize fraz mizik sa moun ki pi gran yo pa konnen men m pral pale de yon reyalite ke pi gran yo konnen men anpil nan nou nan jenerasyon pa m lan (80-90) inyore oubyen mal konprann.
MALPAS se yon akwonim Ekonomis Ayisyen Leslie Péan Itilize pou karakterize sistèm koripsyon ki te gen nan peyi a nan tan diktati Divalye yo. M.A.L.P.A.S se Malvèsasyon. Aranjman. Lwa. Pratik. Amenajman. Silans. MALPAS se te mak fabrik diktati ki te nan peyi a nan peryòd ki soti 1957 pou rive 1986 la.
Si se nan bouch moun ki t ap benefisye de diktati a pou mennen lavi ekstravagan tankou ansyen premyè dam Michèle Bennett Duvalier yon jenn Ayisyen chwazi aprann listwa, li siman p ap konn sa M.A.L.P.A.Svle di ni kijan vye pratik sa fè peyi a mal. Gen anpil travay ki fèt sou diktati a men gen youn ki konsakre espesyalman a koripsyon nan peryòd sa. Se travay ekonomis Leslie Pean nan tòm 4 seri liv li ekri sou ekonomi politik koripsyon nan peyi a pale de koripsyon ki te gen an Ayiti sou Divalye lè Makout yo te sèl bouwo.
Liv la rele « Haïti, économie politique de la corruption Tome IV: L’ensauvagement macoute et ses conséquences 1975-1990 ». Ann pale de kèk detay enpòtan sou 4 pilye pratik koripsyon sa yo jan nou jwenn yo nan liv sa.
Malvèsasyon.
Nan lane 1982, Jean Claude Duvalier achte Minotri Dayiti. Pri farin lan tou monte apre sa. Lè yo al nan kaye kontab Minotri a yo rann yo kont ke yon gwo moso nan benefis yo te al jwenn Jean Claude duvalier ak Michèle Bennett Duvalier pou yon total 4.5 milyon dola ameriken anviwon jan Jacques Chevrier rapòte li nan prefas liv Pean an. Nan liv sa toujou, nou ka dekouvri malvèsasyon te fèt nan lòt antrepriz leta tankou Siman Dayiti, Lotri Nasyonal Ayisyen. Makout yo te imite epi repwodui praktik gwo dirijan yo nan ekzèse tout sòt zak eksplwatasyon nan zòn yo t ap evolye yo. Pwòch rejim lan te benefisye sitiyasyon monopòl nan kèk endistri kote se sèl yo ki ta ka fonksyone nan sektè yo te chwazi yo.
Leslie Pean esplike kijan ti plantè yo ki te deja gen pil moun ap eksplwate yo tankou apantè, jij, kire legliz vinn gen makout sou do yo anplis. Eksplwatasyon sa ak desizyon gwo ponyèt ki pa favorab a peyizan pral lakoz agrikilti a fè yon ti bese nan peryòd la. Yo depouye ti peyizan yo pou gwo tonton makout ka akimile tè ak richès jouskaske gwo grangou lane 1977 la touye plis pase 20 mil peyizan.
Jacques Chevrier rapòte ke sa pa t anpeche yon lane apre Jean Claude Duvalier depanse 1 milyon pou li achte yon Yatch epi madanm li te fè friz palè a pou l ka mete gwo manto menm jan ak gran fanm nan peyi ki fè frèt yo t ap fè l. Yon dosye ke Leslie Pean itilize nan liv sa rapòte ke total lajan Jean-claude Duvalier transfere ba tèt li ak fanmiy li te anviwon 39 milyon dola ameriken. Moun ki resevwa yo se prensipalman Jean-Claude Duvalier pou kont pa l, madanm li Michèle Bennett Duvalier, Marie-Denise Duvalier, Simone Duvalier, Nicole Duvalier ak lòt.
La suite dans le lien.
/https%3A%2F%2Fayibopost.com%2Fwp-content%2Fuploads%2F2020%2F08%2FDuvalier-hp-slide-B93Z-superJumbo-v2-564x450.jpg)
OP-ED: Èske w tande pale de MALPAS deja?
Mak Fabrik sistèm koripsyon nou pa diferan de sa k te genyen sou Diktati divalye yo Lè w finn li "Malpas" ou siman otomatikman panse a yon lokalite nan komin Gantye sou fwontyè Ayiti ak Dominika...
Commenter cet article