Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Norluck Dorange di Dread Shoudly pran nan « Efè Sweet Micky »! Pour le sociologue Norluck Dorange, Emmanuel Lemite a été pris dans ce qu'il qualifie d'"effet sweet micky",un comportement infantile, dont les valeurs sont le fric à tout prix, les apparences et l'arrogance

Publié par Norluck Dorange sur 14 Octobre 2017, 11:22am

Catégories : #AYITI ACTUALITES, #CULTURE, #AYITI ROSE RAKET, #AYITI EXTREME DROITE, #PEUPLE sans mémoire..., #DUVALIER

Norluck Dorange di Dread Shoudly pran nan « Efè Sweet Micky »! Pour le sociologue Norluck Dorange, Emmanuel Lemite a été pris dans ce qu'il qualifie d'"effet sweet micky",un comportement infantile, dont les valeurs sont le fric à tout prix, les apparences et l'arrogance

Kouman yon jenn gason 38 lane (li pa yon timoun piti) fè gen yon konpòtman trè anfanten konsa, pou l pa jennen, menm moun sa yo ta ka poze kesyon sou sous lajan ki finanse produi chè, stil lavi chik, liksye li montre li ap mennen. Map suiv. Men bagay la grav. Moun ki reyaji sou rezo sosyo yo, pale se tankou misye se yon vrè EGARE
1) paske l kite yo kenbe l
2) paske l pat dwe ap ekspoze kò l konsa.

Men gen yon lòt kouran ke m pat atann ki tap emèje se sila ki reponn: Se Egri ki ap Megri ki kontan yo arete Dread Shoudly, paske yo ta renmen nan plas li.

Pou mwen ki ap panse tout tan a fenomèn sosyete yo, mwen kalifye sak pase de Efè Sweet Micky. Kisa Sweet Micky a fè pase nan sosyete a depi anviwon 30 lane kounye a?
1) 30 pou 100 Konpetans pou 70 pou 100 Odas,
2) Fè tout sa pou w fè pou w kenbe yon APARANS,
3) Consumerisme débride ou bay Demonstrasyon Wap konsome produi chè,
4) Propagasyon Santiman apatanans yon ti klib ki ap boule lajan. Se sa m te ekri an 2011 pou m avèti sosyete a sou arive opouvwa Sweet Micky. E m te di se pral konsekrasyon yon modèl « hedonisme épicurien » nan fòm ki pi vilgè a, ki pral ofri bay jenès peyi a.

Nou pa Egare. Se eslogan plat, ki ta vle di Lajan dròg la la a, Nou pa egare. Nap foure men pran. Se reprodiksyon Foure men pran, san krent okenn jijman, san pa okipe sa sosyete a ka di, Lajan Petro Caribe a tandem Lamothe/Sweet Micky a piye rapyetè.

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents