Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Franchement dans quel autre pays au monde peut-on voir un président rejeter un rapport de parlementaires ? Indépendance des pouvoirs ? Ou république bananière ? Faut choisir.

Publié par siel sur 14 Décembre 2017, 03:44am

Catégories : #AYITI ROSE RAKET, #AYITI EXTREME DROITE, #REFLEXIONS perso, #PEUPLE sans mémoire..., #DUVALIER

Pou yon nèg di lap “goumen kont koripsyon,” alòske lap bloke rapò sou gagotaj fon petwokaribe yo. Men èske nèg sa yo fou oubyen yo panse nou se yon bann zonbi ki pa konprann anyen nan anyen, kòmkwa nou pa wè jan yap vòlò rèdmare san limit. Yo di yap konbat koripsyon epi yo nan koripsyon an pi rèd. Gen yon fenomèn ki devlope nan peyi d Ayiti kote vòlè yo aprann rele bare vòlè tou. Kidonk, vòlè tounen viktim tou. Andotre tèm, si w poze lapat sou vòlè a, li gen dwa di yap fè li yon enjistis. Enben, se menm bagay la wi Jomo e konpayi ap fè nou la a. Yo vòlò fin plen pòch yo, epi yo di yo se viktim donk pinga moun pèsekite yo oubyen fè “la chasse aux sorcières.” SA RELE ENPINITE!!!

Wap benyen nan koripsyon epi ou leve baton enpinite w pou lajistis pa rive sou ou. Ou se yon enkilpe, ou menm ak tout moun ki ozalantou w endekse nan lobèy dwèt long nan fon petwokaribe epi ou deklare se ou menm sèl ki kapab batay kont koripsyon. Se swa ou fout fou, oubyen ou konsidere tout rès moun nan peyi a tankou yon bann enbesil, idyo, petevi ak zonbi. Alòske ou se dènye moun pou nou ta lage dosye sa a nan men w paske nou konnen se sou ENPINITE OU KANPE pou tèt ou ak zakolit ou yo. NOU PAP BAY CHAT VEYE MANTÈG POU NOU!!! NON MÈSI!!!

DOSYE KORIPSYON AN JENERAL E DOSYE PETWOKARIBE A AN PATIKILYE PA KA NAN MEN W DITOU MEN NAN MEN JISTIS POPILÈ A TANDE!!!

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents