Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Lu sur le net : Gen yon pwojè “MINE” ann Ayiti. Gen yon etid, “Byen Konte, Mal Kalkile” ki montre tout kalite pwoblèm, risk ak danje pou popilasyon an ke pwojè sa a genyen ladann.

Publié par siel sur 1 Décembre 2017, 20:52pm

Catégories : #PEUPLE sans mémoire..., #AYITI ROSE RAKET, #AYITI EXTREME DROITE, #INTERNATIONAL, #DUVALIER

Un explorateur se tient près du puits d’une mine datant du 16e siècle. Photo : Florida Museum of Natural History

Un explorateur se tient près du puits d’une mine datant du 16e siècle. Photo : Florida Museum of Natural History

Gen yon pwojè “MINE” ann Ayiti. Gen yon etid, “Byen Konte, Mal Kalkile” ki montre tout kalite pwoblèm, risk ak danje pou popilasyon an ke pwojè sa a genyen ladann. Sanble leta Ayisyen vle kenbe kesyon an yon sekrè pou popilasyon an pa okouran de kisa kap pase. Jan nou konnen, se yon bann raketè ki opouvwa ann Ayiti; se lajan yo konnen sèlman. Depi yo kapab plen pòch yo nan yon pwojè, kèlkelanswa konsekans li sou santé popilasyon an, sa pa gade yo. SE ADELANTE!!! “LE CHIEN ABOIE, LA CARAVANE PASSE!”

Sepandan, gen kèk moun nan Chanm dè Reprezantan nan peyi Etazini ki adrese yon lèt bay prezidan sena Ayisyen an, Youri Latortue, epi kopi bay Jovenel Moise, prezidan sektè prive a, pou mande transparans nan tretman dosye Mine nan peyi d Ayiti. Etid la te pibliye pa The Global Justice Clinic ak Haiti Justice Initiative of UC Hastings College of the Law an Desanm 2015.

Kolektif Jistis Min (http://haitimining.weebly.com/about-kjm.html) se yon mouvman sosyete sivil la ki regwoupe plizyè òganizasyon ak endividi kap ekzije transparans sou konsekans ki genyen sou kesyon eksplwatasyon min de konpayi Kanadyen ak Ameriken ap chache fè ann Ayiti. Pami òganizasyon sila yo gen PAPDA, Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen, MODEP, POHDH, DOP, CE-JILAP elatriye.

Nan moman an, “dirijan” Ayisyen yo trete peyi a tankou yon savann kote moun ki gen pouvwa vle fè sa yo pito selon anbisyon pèsonèl yo; epi yo louvri vant peyi a bay etranje mal entansyone vin galope nan savann la tou. Ayisyen konsyan yo dwe ranmase karaktè yo, pran kouraj yo ak 2 men pou kontrekare raketè yo nan leta a ak sektè prive a pou leve eskanp figi peyi a a limaj Premye Janvye 1804 lè Ewo Endepandans yo te kreye yon Peyi. Pou rive la, nou bezwen plis moun ki gen moun nan moun yo, sa vle di MOUN KONSYAN ÒGANIZE, MOUN ESPÈS NOUVO.

Kanmarad Kawonabo

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents