Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Lu sur le net : ' Pwomès Tonton nwèl, mete lasi nan je moun, fè timoun dodo, lolo moun, bay fo lespwa, fè moun reve je klè, bati chato ann Espay, achte chat nan makout...' A propos de l'électricité 24/24 aux Irois annoncée par 'nèg bannann nan' rebaptisé JoMo-Promés-Pa-Dèt...

Publié par siel sur 2 Janvier 2018, 01:25am

Catégories : #AYITI ROSE RAKET, #AYITI EXTREME DROITE, #PEUPLE sans mémoire..., #DUVALIER

Pwomès Tonton nwèl, mete lasi nan je moun, fè timoun dodo, lolo moun, bay fo lespwa, fè moun reve je klè, bati chato ann Espay, achte chat nan makout, se otan ekspresyon nou kapab itilize pou dekri politik “aloral” phtk 1er (Sweet Micky) ak 2èm vèsyon an, an la pèsòn de Jomo nan tèt peyi a (savann la).

Koze kredi tankou “elektrisite 24/24, remobilizasyon lame, karavan chanjman, konbat koripsyon, monte desann kap fèt, tout sa se demagoji men ki ka gen efè psikolojik sou popilasyon an ki montre li ka trè nayif a plizyè repriz. Menm lè pa gen okenn endis, okenn evidans gen okenn bagay kap chanje vre, di yo kapab gen efè sou Pèp la de mete li ann atant pèmanan ke gen yon bagay ki kapab rive fèt vre. Donk, fòk nou bay Jomo yon chans. Alòske pa gen yon merde kap fèt vre. Se sopoudraj, fè sanblan, pran pòz, oubyen fè de bagay sipèfisyèl tankou yon bout wout san drenaj ki pral kraze nenpòt lè, se politik nèg opouvwa yo pou fè demagoji a mache ak fòs magouy.

Sa ki preyokipe politisyen abolotcho yo inikman se fin fè tout tan yo sou pouvwa e menm ale odela pou fè tan plis posib ke yo kapab. Se nan leta a yo fè kòb yo, akimile kapital/richès ak privilèj epi pouvwa pou fè sa yo pito nan peyi a an tout ENPINITE.

Kidonk, an 2018, lè nou tande Jomo ap pale anpil, fè tout kalite pwomès bri sapat, konnen pawòl mouche yo pa vo papye li ekri yo e pa menm vo yon santim, kidonk, li nan manti.

NOU FOUT BOUKE AK MANTI POLITISYEN ABOLOTCHO!

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents