Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Haïti. Les bandits sont dans la ville. Un commentaire instructif lu à propos du bal donné par les petro-pilleurs, Marelly et Tabou Combo à la place Boyer

Publié par anonyme sur 31 Décembre 2018, 20:56pm

Catégories : #AYITI ROSE RAKET, #AYITI EXTREME DROITE, #PEUPLE sans mémoire..., #DUVALIER, #RACISME

Mwen pa konprann tout tole saa.
Sa etone'm Ayisyen sanble pa konnen Tabou Combo se djaz oligachi ya, e ankraj li se kan divalyeris-makout la.


E se yon Ameriken nwa (Captain Black) ki te jwe tronbonn pandan lontan nan Tabou ki konfime sa pou mwen san li pat reyalize sa.

Pemèt mwen rakonte'w yon anekdot. Yon 31 desanm nan ane 1980 yo, mwen ale nan yon bal Tabou nan otel Holiday Inn bo ayeropo Kennedy nan Queens.
Bal anonse pou 9pm à 3 zè di maten (bagay ki pa reyalite anko depi lontan, ou pa ka mande yon mizisyen jwe pandan 6 è de tan), a $30 dola pa têt.

Li te 10 zè edmi 11zè lè mizisyen yo te resi ap parèt. 11 zè edmi yo monte podyom nan, yo jwe 2 moso.

Minui, yo swete piblik la Bonne Année, epi yo kanpe.

Inè, inè edmi ap balanse, moun anndan raz, figi yo komanse fennen. Mwen santi'm raz tou, mwen komanse fè lè 100 pa anndan'an.

M'al tonbe sou Captain Black nan yon kwen, l'ap pale ak eleman ki te chante mizik "Ola Panama" an panyol pou Tabou wa.

Mwen aproche yo. Mwen di Captain Black "sa k'ap pase laa? Kote djaz la?"

Msye di'm "I don't know, Man". Epi li lonje dwèt sou yon lot kwen, li ajoute "Here are the TONTON MAKOUTs over there, talk to them!"

Mwen vire têt mwen. Mwen wè tenor yo, (Shoubou, Kapi, Herman, Fanfan, Jean-Claude Jean) shita an serk ferme, yap pale.

Tout sa pou'm di'w, a leksepsyon petèt de Fanfan Tibot ki toujou trè afab, souriyan, Tabou toujou trete Ayisyen avek deden. Yo gade piblik la "de haut". Sitou lè yo nan mitan popoulo ak klas mwayèn nan, tankou bal mwen dekri ya.

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents