...anprizònman polisye yo pat fèt dapre pwosedi lalwa mande. Ki donk, nou anfas yon foskouch si nou konsidere PM Jouthe avèk gouvènman nan pase sou tèt komisè gouvènman an pou l rezoud ak gwo ponyèt yon dosye ki sou kont tribinal.
Sa fè nou sonje lè Jovenel Moïse avèk Minis jistis la te remèt anbasadè ameriken an 7 mèsenè ameriken ame jis nan dan, ki tal asasinen opozan politik Jovenel Moïse yo. Mèsenè yo te pase nan aewopò tankou tout gwo ofisyèl pou yo kite peyi a. Sa ta vle di endepandans pouvwa tribinal an fas ekzekitif la se mannigèt pou fè ti moun dòmi paske an Ayiti se pwa lou ki konte.
/image%2F1034110%2F20200913%2Fob_0066f3_aa15464386c1068911e1c4cfb2c63dc5-w204.jpg)
Commenter cet article