Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Fo diri Madan Gougous anvayi mache an Ayiti - Par EMMANUEL MOÏSE YVES

Publié par EMMANUEL MOÏSE YVES sur 27 Avril 2021, 12:34pm

Catégories : #AYITI ACTUALITES, #AYITI ECONOMIE, #PEUPLE sans mémoire...

Otorite k ap jere koze lakilti nan ministè agrikilte di li panse varyete diri Madan Gougous la ka egzite alòske pou gran plantè yo, varyete diri sa a disparèt depi byen lontan anndan peyi a

Ayiti pa pwodui diri madan Gougous depi nan ane 1990 yo, dapre temwanyaj plizyè gran plantè. Akoz renome entènasyonal diri sa a te gentan genyen, peyi letranje kontinye itilize non li. Gen nan « fo » diri madan Gougous sa yo ki ateri Ayiti.

Nan jounen mèkredi 21 avril la, mwen te nan mache Salomon ki nan mitan vil Pòtoprens. Mache sila a akeyi anpil moun nan popilasyon an, sitou sila yo ki bay anba lavil vag akòz ensekirite a ki tabli l doubout depi kèk tan nan zòn sa a.

Se nan mitan yon pakèt anbyans : bri machann k ap pwomennen, machann k ap pale mal ak kliyan ki ba yo move pri, mwen te rankontre ak Idamène Jean Louis, yon machann diri peyi. Li esplike kijan diri Madan Gougous, pa disponib anko: « Kounye a se diri Shella ki sanse ranplase diri Madan Gougous la paske nou pèdi diri sa a lontan. Tout sa ki genyen ki te bon nan peyi a fin disparèt ».

Idamène Jean Louis pa t sèl machann ki pale konsa. Yon lòt machann diri peyi ki chita tou pre l la, vide koze atè san mwen pa mande l : « Mouche yo di w pa gen diri Madan Gougous ankò. Menm lavil la, kote nou achte an gwo pa janm genyen l. Si w panse genyen l eseye rantre andan mache a pou ale mande ».

Lè mwen rive anndan mache a, pawòl lòt machann mwen rankontre yo pa t depaman ak sa machann ki deyò yo te di. Yo admèt diri sa a disparèt depi lontan san yo pa konn rezon ki fè lakòz sa a. Poutan, gen kèk moun ki pa sispann klewonnen yo jwenn diri Madan Gougous la achte nan mache.

Nan mwa out 2019, gen yon paj Facebook ki rele Haïti Connections ki te konn fè pwopagann di l ap vann diri madan Gougous. Mèt biznis sa a tabli kò li nan Chili. Yo prezante diri a sou fòm yon diri jòn nan yon ti sachè transparan, menm jan ak diri Madan Gougous Ayiti te konn pwodui a. Selon sa ki di nan kòmantè yo, sachè ki peze 10 liv la te vann 15 000 peso chilyen.

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents