Kontra Leta siyen yo, ki moun ki benefisye yo?
Imajine w ap mache nan yon biwo Leta pou mande yon papye ki konsène tè manman w. Yo fè w tann devan pòt la. Lè yo resevwa w, yo di w li poko pare. Semèn apre semèn, mwa apre mwa, li toujou poko pare. Pandan tan sa, yon vwazen ki gen kontak, li jwenn papye l rapidvit, san okenn pwoblèm. Li pa pi entèlijan pase w. Li jis li konn kijan pou l fè bagay yo anba tab, nan do lalwa.
Sa a se yon reyalite plizyè milyon Ayisyen viv chak jou. Pou konprann reyalite sa a pi byen, ann pran egzanp Mariz, apre manman l mouri, li erite yon ti moso tè manman l Machan Desalin. Yon vwazen, ki gen zanmi jij, kòmanse mete presyon. Li pran kontak ak yon notè. Dokiman yo chanje. Yon semèn apre, tè a pa pou Mariz ankò. Li ale nan tribinal. Yo di l li dwe peye avoka. Li pa gen lajan. Li pèdi tè a. Lalwa rele sa: spolyasyon. Se lè yon moun, souvan yon ofisyèl oswa yon moun ki gen konneksyon ak pouvwa, sezi pwopriyete yon lòt moun pa lafòs, anba menas, ak fo dokiman. Lè lalwa pa pwoteje pi piti yo, se pi gwo yo (pi rich) ki fè lalwa.
Poukisa Leta pa dijitalize dosye sitwayen yo? Pouki nou pa gen aksè sou entènèt pou jere yon seri dosye? Sa t ap garanti transparans, rann sèvis Leta yo pi aksesib epi kwape koripsyon ak enpinite. Nan anpil peyi, si w vle konn kijan gouvènman an depanse lajan Leta, lajan ki sot nan pòch ou sou fòm taks ak enpo, w ap jwenn li sou entènèt nan kèk segond. Ann Ayiti, sa pa egziste. Reyalite peyi a moutre klèman se pou yon rezon byen senp : koripsyon. Bidjè ki deklare a, se pa li ki egzekite. Nou pa konn ak kiyès Leta siyen kontra yo, ki moun ki benefisye yo, kiyès k ap fè detounman fon, kiyès k ap sifaktire? Nou pa konn kiyès k ap pwoteje kiyès?
«Pa gen lwa sou aksè enfòmasyon. Pa gen ògàn kontwòl endepandan.»
Malgre konstitisyon 1987 la, nan atik 40, li jete baz pou Leta garanti transparans devan sitwayen li yo. 39 ane apre, pa gen okenn lwa espesifik sou aksè a enfòmasyon, ki garanti sitwayen yo dwa founi je gade sa Leta ap regle ak resous peyi a. Moun ki pase nan pouvwa yo chwazi wout kwochi sa a paske li pwoteje yo. Li kache detounman, li sove zanmi politik yo devan lajistis. Ògàn kontwòl yo pèdi endepandans yo, tribinal yo pa fonksyone. Lansèdalèt yo, moun k ap denonse zak koripsyon, enjistis, osinon move pratik nan enstitisyon ak sosyete a, yo pa gen pwoteksyon. Souvan yo pèsekite yo. Si yo pale, se yon danje ni pou karyè yo, ni pou lavi yo. Finalman, lè sitwayen yo pa konnen kisa yo ka egzije dirijan yo, pwoblèm transparans lan jwenn dènye rès pwoteksyon li bezwen : silans nou.
Pandanstan, sosyete an kontinye ap dekonstonbre. Aktè ki nan sektè ekonomik prive yo kontinye pwofite kontra Leta anba tab ak nan do lalwa ki ap pwovoke gaspiyaj resous peyi a.
Batay pou transparans pa jis yon batay teknik pou done yo piblik. Se yon batay pou chanje tout règ jwèt la, pou Leta rann kont epi vin youn nan poto mitan demokrasi a. Lè yon Leta fonksyone nan blakawout total, se yon envitasyon pou koripsyon. E si pa gen kontwòl, pa gen kont pou rann, se Ayiti k ap mouri.

«Lajan Leta se pa lajan okenn minis, se lajan nou tout. »
Suite dans le lien
/https%3A%2F%2Fstatic.wixstatic.com%2Fmedia%2F0d7e04_caad0fd5ac714ddf98c5bad21d0dd8ce~mv2.jpg%2Fv1%2Ffit%2Fw_700%2Ch_2000%2Cal_c%2Cq_85%2Fimage.jpg)
Commenter cet article