Tou Efèl vin kout kou sitwon
- Kouman ou rele sa a ?
- Lèt damou.
E ti konmmè a ki di m :
M ap desann 4 septanm
M mande l :
- Ki lane ?
M limen tout limyè nan chanm lan :
Bon la pèmèt li mande m : - Se 14 jiyè ?
M di l : - Non, se premye janvye.
E ti pitit nan tren an ki gade m
Li di manmanl :
- Sila a pa mechan.
- Pitit, ale mande grangrann ou
S al pran Sen Domeng.
Nan mache Ponslè 16èm Awodisman
Bèl tifanm blanch k ap vann vyann
Michan boujwaz sa ta fè potoprens ak Daka
Gen kote nèg se chante yo chante
Lot kote nèg danse
Nan Pari nèg se etidyan
Toujou menm bagay la wi
Y ap etidye pou lot moun.
Commenter cet article