Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


« Anmwe » Par Serge H Moïse

Publié par siel sur 30 Juillet 2013, 12:49pm

« Anmwe »

Si nou ap rele anmwe

Sè ke nou fout bouke

Bagay la rive twò lwen

Li lè pou nou mete fren

II

Nou refize kenbe men

Kouwè chen manje chen

Nap plede jape pou zo

Epi nou kouche sou do

III

Ou gade menm lan Nò

Pa gen gason bòzò

Lò w desann lan kapital

Bagay la rèd li fatal

IV

Papa gede tout en nwa

Paske li wè tout nwa

Li pap monte o palè

Pou yo pa di l se flatè

V

Nou menm ki lan dyaspora

Nou kòmanse sanble rat

Nou pale nou pale nou pale

Paske nou tout ap byen manje

VI

Nou tèlman gen pwotockòl

Ke nou pa pale kreyòl

Nou pale angle kou ti blan

Pou franse se tout tan

VII

E nou se jèn jan bwòdè

Nou pap ka tounen dèyè

Si’n bliye lakay se lakay

Ti mal nou pa lan batay

 

                      SHM av.

 

        PS. Nos sincères remerciements au Dr Hugues St-Fort pour la révision et la correction du présent texte.

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents