Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Déclaration du 18 mai 2011 : De notre sol nous devons être les seuls maîtres.

Publié par siel sur 2 Juin 2011, 09:20am

Catégories : #AYITI ACTUALITES

Deklarasyon 18 me 2011 : Se nou ki dwe sèl mèt bout tè nou an

Soti 18 me 1803 pou rive 18 me 2011, sa fè deja 208 lane depi zansèt nou yo te kreye drapo peyi a nan vil Akayè. Nan yon jès ki te gen anpil detèminasyon ak fèmte, Jeneral anchèf lame endijèn nan, Jean Jacques Dessalines, te rache pati blan an nan ansyen drapo fransè a, epi li te kole moso ble a ak moso wouj la. Drapo sa a ki te senbòlize inite nan mitan Ansyen Lib yo ak Nouvo Lib, te montre volonte sila yo te genyen pou yo viv lib san yo pa deside pran lòd nan men lòt nasyon. Se sa k fè yo te chwazi kòm eslogan
VIV LIb OU MOURI. Atravè pawòl sa a, yo te vle di yo pito mouri pase pou yo kontinye viv nan lesklavaj, sou lòd lòt peyi, elatriye.

208 lane apre : ki kote nou ye ?

Sepandan, 2 lane sèlman apre zansèt nou yo te fin fete liberasyon peyi a nan Gonayiv nan dat 1e janvye 1804, yon gwoup reyaksyonè te fè kò sasinay sou papa nasyon an, jeneral Jean Jacques Dessalines paske pwojè libètebyennèt li te vle konstwi pou tout pitit peyi a pa t bobo ak pwojè gwoup reyaksyonè sa yo. Depi lè sa a, peyi a repèdi dwa grandèt majè li. Soti 1806 pou rive jounen jodi a, peyi enperyalis yo pa janm sispann pase dwa granmoun peyi dAyiti anba pye. Pami gwo souflèt pisans enperyalis yo ban nou, nou ka site : gwo lajan Lafrans te fè n peye pou l te ka rekonèt endepandans peyi a sou prezidan Jean Pierre Boyer, debakman Etazini nan peyi a nan lane 1915, Debakman pisans enperyalis yo nan peyi a nan lane 1994 ak 2004 sou banyè LONI.

Dènye okipasyon sa a peyi a ap viv depi fevriye 2004 la wete nèt tout sa peyi a te posede kòm diyite ak dwa grandèt. Sa ki sot pase nan dènye eleksyon LONI te òganize nan peyi a nan dat 28 novanm 2011 la montre sa aklè. Malgre nou rekonèt ekip ki te sou pouvwa a te fè tout sa li kapab pou vòlè vòt elektè yo bay pati ekip Preval la, nou pa dwe bliye se Edmond Mulet, anbasad peyi enperyalis yo ak misyon OEA a ki t ap bay konsèy elektoral pwovizwa Gaillot Dorsanvil la dikte lajounen kou lannwit. Se yo ki di ki lè eleksyon yo bon ak ki lè yo pa bon. Nan pi fò biwo leta yo, espesyalman nan ministè lajistis, ministè enteryè, ministè Edikasyon nasyonal,

ministè planifikasyon, ak nan lapolis, se Minustah, ajan sivil lONI ak konsiltan Fon Monetè entènasyonal (FMI), Bank Mondyal, BID k ap koupe rache. Nan tout rakwen peyi d Ayiti se ONG nasyonal ak entènasyonal k ap fè devlopman nan plas otorite leta yo. Malgre yo di se ede yo vle ede moun sistèm kapitalis la fè vin pòv yo, tout moun ki wè klè konnen se levanjil peyi enperyalis yo y ap mache pote bay popilasyon an.

Nou sèmante swasanndisèt fwa fòk peyi a reprann dwa granmoun li

Nan okazyon 208 lane nesans drapo peyi a, nou menm manm
BKNG, AKP, SEK GRAMSCI, GREPS, AVS, UNNOH, CATH, Chandèl, Antèn Ouvriye, MODEP, ki siyen nòt sa a, nou sèmante pou n kontinye batay pou pèmèt peyi a reprann dwa granmoun li. Nou mande popilasyon nan kat kwen peyi a pou li kontinye òganize l pou anbake nan batay sa a. Nou mande otorite anndan peyi a pou pran mezi pou fòse MINUSTAH kite peyi a san pèdi tan. Nou sèmante pou n kanpe anfas tout opòtinis, tout otorite ki deside kontinye travay pou anpeche peyi a reprann dwa granmoun li, k ap konplote ak MINUSTAH kont enterè pèp la, epi nan enterè laboujwazi ak gwo pisans yo.

Aba okipasyon! Aba plan neyoliberal! Viv yon peyi lib!

Pou òganizasyon yo moun ki siyen se:

MODEP-------------------------------------------------- Guy NUMA

AVS------------------------------------------------------- Esaie Gélin Jules

SEK GRAMSCI---------------------------------------- James Beltis

GREPS--------------------------------------------------- Délinx Jean - Charles

AKP-------------------------------------------------------- Jean Charles Evrard

CATH ------------------------------------------------------ Fignolé St-Cyr

UNNOH --------------------------------------------------- Jean Willy Belfleur

CHANDEL ------------------------------------------------ Petit Jean Dérinx

BKNG ------------------------------------------------------ Jean Pierre Olriche

AnTèn Ouvriye ------------------------------------------- Jean Fritz Beaubrun



Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents