Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Haiti Liberté Martelly / Conille, eske antant la posib ?

Publié par siel sur 25 Novembre 2011, 10:30am

Catégories : #AYITI ROSE RAKET

 

 

Alapapòt n ap di nan ka Martelly ak Conille, zafè « cohabitation » an pa ka jwe. ...

Nan sousi pou diminye pouvwa prezidan an ki nan tout istwa peyi a toujou gen tandans tounen diktatè, Konstitisyon 1987 mouvman sosyal 1986 la te akouche te vin bay palmantè yo, senatè ak depite, plis pouvwa. Konsa konstityan yo te chwazi yon modèl ak 2 tèt pou egzèse pouvwa egzekitif la : prezidan an kòm chèf leta a, premye minis lan kòm chèf gouvènman an. Atik 136 Konstitisyon an di aklè prezidan an se chèf Leta a. Wòl li se veye pou tout moun respekte konstitisyon an, veye sou bon fonksyonman enstitisyon leta yo, fè pouvwa piblik yo mache kòmsadwa, pou Leta a kapab toujou rete Leta. Kanta pou premye minis lan, atik 155 lan di li se chèf gouvènman an ki fòme ak premye minis lan, minis yo epi sekretè deta yo. Wòl premye minis la defini nan atik 159 Konstitisyon an ki ba li reskonsablite fè egzekite lalwa. Li reskonsab tou defans nasyon an, nan tèt ansanm ak prezidan Repiblik la. Kidonk li klè dapre Konstitisyon 1987 la, prezidan an se chèf Leta a ki la pou veye sou bon mach enstitisyon yo. Alòske premye minis la se chèf gouvènman an, li la pou tabli, egzekite epi fè egzekite politik jeneral gouvènman an. Li chwazi minis ak sekretè deta yo ak konsantman prezidan Repiblik la.

Tout dispozisyon sa yo montre amoni ki dwe egziste ant 2 tèt ki konpoze Pouvwa Egzekitif la pou fasilite reyalizasyon plan ak pwogram politik pou devlopman peyi a. Nan sans sa a anpil kesyon ap poze nan lari a jodi a sou posiblite « cohabitasyon » prezidan Martelly ak premye minis Conille.

 SUITE DE L'ARTICLE link


Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents