Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Lang kreyòl ak lit mas popilè yo/ Le créole et les luttes populaires par Franck Seguy

Publié par siel sur 6 Octobre 2010, 09:39am

Catégories : #CULTURE

sur le même sujet

voir LE FRANÇAIS EST-IL UN BON OUTIL D’APPRENTISSAGE À L’ÉCOLE FONDAMENTALE HAITIENNE?, par Roselor François

Créole, école, rationalité,Par Yves Dejean,

H.SAINT-FORT chronique

 

Franksegi

 

Èske se pa yon aktivite gaspiye tan pou blije ap ekri sou plas lang kreyòl nan mitan lit pèp ayisyen an? Èske se pa deja klè kou dlo kokoye se nan lang pèp la li regle tout sa li  gen pou l regle? Èske gen yon sèl pèp sou latè ki ka òganize lavi l nan lang ki pa lang li? Ki reyaksyon yon Alman ta genyen si l ta louvri yon revi alman epi l tonbe sou yon atik ki pote tit: Lang alman an nan lit mas popilè peyi Almay? Èske li pa t ap tonbe ri? Osnon mouri anba sezisman? Se yon voum keksyon konsa k ap pase nan tèt nou nan moman n ap ekri atik sila a. Se konsa tou nou vin blije mande tèt nou: Poukisa tit sa a an Ayiti se yon tit nòmal, ki gen tout sans li, ki pa (preske) choke pèsonn? Èske nou dwe konsidere Ayiti se yon peyi apa? Pou dènye keksyon sa a, nou anvi reponn: wi. Dayè ta sanble se tout bagay ki fè pèp ayisyen se yon pèp apa pou nou chache pou n rive konprann kisa lang kreyòl la ye nan listwa lit mas pèp la.

 

Youn nan premye bagay ki fè pèp ayisyen se yon pèp apa se jan li parèt nan listwa. Premye Ayisyen yo, ansasen panyòl ki soti an Ewòp te touye yo tout. Tout moun konn sa. Kristòf Kolon debake nan moman kote kapitalis modèn yo te bezwen debouche pou yo layite kò yo. Timache Lewòp la te koumanse twò piti, donk, yo te blije chache pigwo espas. Se pou sa yo anvayi tout yon kontinan ki vin pote non Amerik pita pou onore non yon bandi k te rele Americo Vespucio sou pretèks se li k te ‘’dekachte ‘’ kontinan sila a.

 

Men, jan anpil save pa pè di sa, kapitalis modèn nan mache men nan men avèk lesklavaj. Nou ka li sa, pa egzanp, nan entwodiksyon yon liv ki rele Etik pwotestan ak lespri kapitalism lan. Nan entwodiksyon liv la, gwo sosyològ alman Max Weber ki t ap pran defans sistèm kapitalis la pou l te ka moutre jan li kanpe tòf, eksplike kijan antreprenè kapitalis yo òganize travay esklav la sou yon baz rasyonèl. Se te yon fason pou l te ka di Ewopeyen yo siperyè lòt pèp yo.

 

Yon save ajanten ki rele Walter Mignolo, eksplike kijan modènite ak kolonyalite se palmis ak tonton Nò sou degouden. Modènite a se fas yo moutre a, kolonyalite a se fas yo kache a. Kidonk, pa gen mwayen pou pèsonn modèn si li pa kolonyal[1]. (Leve tèt gade misyonè modènite politik ak ekonomik k ap jebede nan sosyete sivil boujwagrandon yo epi n ap konprann).

 

Lojik modènite/kolonyalite/esklavaj la chwazi 4 domèn pou l layite kò l: (1) ekonomik: yo pran tout tè ak tout lòt richès, epi yo fè tout moun tounen esklav pou travay pou yo; (2) politik: se yo ki sèl otorite k ap kontwole tout bagay; (3) sosyal: yo kontwole kalte lavi moun, menm seksyalite moun yo chache mete kontwòl tou, epi (4) epistemolojik: sa vle di yo kontwole ki kalte lide, kalte konesans k ap simaye. Yo menm kontwole kijan ak sou kisa moun ap panse.

 

Nan lane 1496 (katran apre Kolon fin dekabe), lè blan panyòl yo ta pral fè sa timoun ayisyen yo ap etidye nan lekòl ki rele repartimiento a (pataje tè yo ak moun yo ta pral fè tounen esklav yo), blan yo te konte ki kantite moun yo jwenn sou tè d Ayiti a. Yo te jwenn 1 130 000 moun. Men ta sanble timoun ki pa t ko gen 14 lane, ki pa t ko gen kouray pou travay, yo pa t konte yo. Sa ki fè gen moun ki panse kantite moun yo te konte a te apenn 14 al pou 15% nan total abitan ki t ap viv sou tè a nan epòk la. Nan lane 1530, lè yo rekonte ankò, yo jwenn se sèlman 100 moun ki rete[2]. Kote lòt yo? Lojik modèn/kolonyal/esklavajis la touye yo tout. Se pou sa jodi a, pa rete yon sèl Tayino (yo rele yo Endyen) nan peyi d Ayiti. Yo touye yo tout jan: fizye yo, lage chen anraje dèyè yo... pote maladi lajònis (lafyèv jòn) vin simen nan mitan yo. Menm jan jodi a Minista koumanse pote grip kochon (yo rele l Grip A tou) an antre Ayiti.

 

Konsa, sivilizatè modèn/kolonyal/esklavajis yo al chache nèg Lafrik pou ranplase Endyen yo fin touye yo. Antretan, blan panyòl pataje zile a ak blan franse. Yo chak pran yon moso. Se nan moso ki tonbe anba ponyèt blan franse yo lang kreyòl ayisyen an pral pran nesans.

 

Nan moso zile sa a ki rele Repiblik d Ayiti a, gen yon bagay ki pral fèt ki pa rive anpil fwa nan Listwa Limanite. Kolonn Nèg yo sot kaptire Lafrik yo, kolon blan modèn yo simaye yo nan tout kwen pou yo pa kontre ak lòt moun ki pale menm lang avèk yo. Pwojè kolon se te kreye yon babèl, yon gwo kafouyay. Men moun pa viv san kominike. Moun pa kominike san lang. Se konsa, trapde, yon nouvo lang boujonnen nan koloni an. Se lang sa a kaptif k ap bourike nan esklavaj modèn yo pale. Yo rele li KREYÒL.

 

Youn nan premye obsèvasyon nou ta ka fè se yon konparezon avèk lòt pèp ki antoure nou yo. Kisa n ap dekouvri? Tout pèp ki te esklav Panyòl yo pale panyòl, sa ki te anba lesklavaj Anglè palè anglè, kote se Lafrans ki t ap pezesouse nan lesklavaj, li kite fransè a... Nan peyi d Ayiti, se kreyòl pèp la pale. Malgre se Lafrans ki t ap souse san moun epi detri anviwònman nan peyi a.

 

Ayiti se pa yon senp ansyen koloni. Se yon ansyen koloni kote esklav te mete kolon deyò. Lòt peyi ki antoure nou yo, se kolon ki koupe fache avèk rasin metwopòl yo. Se konsa, menm lè peyi sa yo fin pwoklame endepandans yo, lesklavaj pa fini pou sa. Ayiti diferan. Se esklav ki goumen ak kolon pou pete chenn yo. Konsa lè yo pral pwoklame endepandans, yo te deja dechouke lesklavaj. Kidonk, se te yon gwo lit rezistans. Kaptif yo te devlope pwòp ladrès pa yo pou òganize lit la, se lang pa yo tou, yo te pale. Diskou Boukman nan kongrè politik Bwakayiman, pa egzanp, se yon prèv. Kidonk, nou pa ta bezwen ap chache ki plas lang kreyòl genyen nan mitan lit mas popilè yo. Kreyòl la se zouti lit sila a. Kreyòl se lit sila a menm.

 

Nan peyi d Ayiti, pale lang se pa yon bagay senp. Se yon zak politik. Wòtman politik. Paske pale kreyòl osnon pale franse kapab, selon sikonstans lan, bay enfòmasyon sou nan ki kan ou kanpe. Bon! Tiboujwa ak tigrandon nan peyi isit toujou nève lè yo tande pale nan ki kan ou kanpe. Paske se antre de yo vle kanpe; se woule debò yo aprann fè... Men se pa nesesè pou moun pèdi tan nan diskisyon konsa ankò, paske peyi a sot viv yon seri evènman ki moutre tout moun ki te anvi konprann jan reyalite peyi a fann an 2 gwo kan. Diskou “nou tout fè youn” nan tounen yon bouyon ki tèlman si, li vin enposib pou yo rechofe li. Li vin parèt twò klè koulye a Nou se 2 kan.

 

Kreyòl la pa selman boujonnen nan lit, nan rezistans. Se tout lavi l li pase nan kan rezistans lan. Se nan rezistans li ye pirèd alèkile.

 

Nan nenpòt peyi kote gen 2 osnon plizyè lang, lang sa yo pa fasil egal ego. Li pi fasil pou gen youn ki kwaze pye l sou kou lòt yo, sòf pètèt nan ka kote tout moun nan peyi a pale tou 2 lang yo. Lè sa a, moun yo pale youn ou lòt aletounen san pwoblèm. Men depi gen yon pòsyon moun ki pale youn epi yon lòt pòsyon pale yon lòt, koumanse gen posiblite pou yon rapò miwomiba tabli nan mitan lang yo. Kisa ki fè sa? Se paske lang nan se ekspresyon moun k ap pale li. Sa vle di, rapò miwomiba nan mitan 2 lang yo, se ekspresyon rapò miwomiba ki genyen nan mitan 2 gwoup moun ki pale chak lang yo. Se konsa, pa egzanp, nan peyi Kanada, moun ki pale franse yo ap reziste anba angle a ki kwaze pye li sou lestonmak franse a. Se pa paske mo osnon son lang angle a pibèl, men se moun ki pale angle yo ki pi pisan (sosyalman, ekonomikman, politikman, kiltirèlman) pase moun ki pale franse yo.

 

Se menm bagay la tou nan peyi d Ayiti. Si nou tounen nan lakoloni, n ap jwenn moun ki t ap bourike nan lesklavaj t ap pale kreyòl. Sila ki t ap jwi san yo pa janm travay, yo menm pale franse. Genyen tou ki pa t ap jwi men se yo ki te nan lakou, nan kizin... ap sèvi nan salon lakay kolon, moun sa yo tou, yo te rive aprann franse a anba bouch kolon. Paske yo t ap fwote avèk kolon chak jou. Anpil fwa, kolon fè kadejak sou medam ki t ap sèvi nan salon lakay yo. Lè kolon deside rekonèt pitit sila yo, li konn menm voye yo ale lekòl Lafrans pou tounen vin dirije nan koloni an. (Paske Lafrans te kontante l piye pote ale sèlman, li pa t mete lekòl nan koloni an). Donk, yo pale franse. Lè kolon blan vole gagè, se kolon milat ak kolon nwa yo ki rete kòm moun ki konn pale franse nan peyi a. Se yo menm ki vin pran plas siperyè nan peyi a apre lendepandans. Lang yo pale a tou vin pase pou lang siperyè (Menm si yo pale kreyòl tou). Men, moun sa yo te apenn yon 10 pousan konsa nan total popilasyon an. Ki vle di, depi nan koumansman se kreyòl pèp ayisyen pale.

 

Men touswit peyi a fin endepandan, fòk li òganize. Depi se kote administrasyon leta ap fèt, se pye franse yo plante. Kreyòl pa antre. Se pa yon zak tèt cho. Ni yon senp aza. Se yon chwa kalkile. Yon zak politik pou mete majorite peyi a deyò jwèt la. Se pou sa menm, jouk jounen jodi a, yo rele majorite moun sa yo “peyi andeyò”. Ki vle di, chwa pou fè lekòl, inivèsite, tribinal,... ak tout lòt biwo an franse, se yon chwa politik ki temwaye klèman jan yo pa vle pèp la antre nan espas sila yo. Se pou sa, kontrèman avèk lòt peyi, an Ayiti lè moun pale franse se pa pou kominike: moun pale franse lè yo pa vle kominike. Osnon moun pale franse lè yo vle kominike yon lòt bagay ki pa egzateman sa y ap di a. Moun pale franse an Ayiti, lè yo bezwen voye siyal pou di ki klas moun yo ye, nan ki kan yo kanpe. Sa vle di, an Ayiti, moun pale franse lè yo vle kominike sou tèt yo. Finalman se pa pawòl yo ki mesaj la, se lang nan.

 

Nan peryòd koudeta 1991-1994 la, pandan Mak Bazen te premye minis, li t ap bay yon konferans pou laprès. Kòm te gen anbago, jounalis yo t ap plede mande l ki kote y ap jwenn gaz pou mete nan ponp yo. Premye minis lan reponn keksyon an plizyè fwa epi jounalis yo kenbe keksyon an la nan kò l pirèd. Finalman, pou l dejennen pye l, li reponn: “Il n’y aura pas de rareté de carburant”. Epi tout jounalis fèmen bouch yo. Mo ‘carburant’ an te nouvo pou anpil nan yo.

 

Nou te siyale kijan pwosesis kolonizasyon/esklavaj/modènite a layite kò l nan 4 domèn ki se: ekonomik, politik, sosyal epi epistemolojik. Men an reyalite se pou analize sistèm nan nou pale konsa. Tout kat domèn sa yo fè yon sèl anndan reyalite kolonyal/modèn/esklavajis la. Paske pa gen okenn mwayen pou ta kenbe sistèm lan si li pa kontwole tout ti epas nan lavi kolonize a. Premye bagay ki pou pèmèt klas dominant yon pèp al kolonize yon lòt pèp, fòk li jistifye nesesite kolonizasyon an kit pou mas pèp lakay li a, kit pou pèp li pral kolonize a. Filozòf ak lòt save ewopeyen yo, pa egzanp, itilize anpil entelijans pou konstwi nan lespri pèp ewopeyen yo yon reprezantasyon ki pote yo kwè Afriken pa moun. Yo bezwen sivilize. Bondye bay pèp ewopeyen yo misyon sa a menm pou pote pwogrè modèn pou Afriken yo, pou yo ka patisipe nan lakilti siperyè, pou yo ka vin moun. Lesklavaj la vin tounen yon etap siperyè nan evolisyon pèp Afrik yo pou yo ka antre nan limanite, paske yo te pimal pase esklav anvan[3]. Kolonizasyon/modènizasyon an se yon favè kolon blan fè esklav nwa.

 

Apre sa, se nan sèvèl pèp kolonize a yo gen pou kontinye lavaj la jouk yo fè yo kwè tou yo pa moun. Se te wòl enstitisyon kolonyal yo, pa egzanp legliz katolik womèn ki t ap batize kaptif ki redwi nan esklavaj yo sou pretèks y ap sove nanm yo.

 

Si gen yon bagay ki fè moun moun, se lang yo pale. Se pou sa tou, enstitisyon kolonyal yo te depanse anpil enèji pou mete nan tèt kaptif yo, yo pa gen ni lang ni relijyon ni kilti. Se yon dyalèk yo genyen. Ayisyen ki te goumen pou libète yo pa t pran nan fo mamit sa a. Dayè si yo te pran ladan, yo t ap rete esklav, yo pa t ap rive òganize rezistans kont lesklavaj. Yo pa t ap menm leve tèt gade blan nan je. Se paske yo pa t pran ladan menm ki fè yo te ka òganize yo nan lang pa yo, nan kilti pa yo, nan relijyon pa yo. Lite jouk yo pete chenn.

 

Pwoblèm yo pral pran chè nèt touswit apre lendepandans lan. Tiklik zwit ki pale franse a, paske se yo ki t ap jwi nan lakoloni kòm privilejye, deside sèl moun ki gen dwa jwi byen apre lendepandans se moun ki te abitye jwi 10, 20, 30 tan anvan lendepandans[4]. Se pou majorite a kontinye bourike menm jan an. Sa ki pa t dakò yo touye yo. Se pou sa yo fann fwa Desalin 17 oktòb 2006. Apre sa, tout rès mas la yo pousade l moute nan mòn, nan “peyi andeyò” a. Yo santre peyi a epi konsantre li lavil. Epi se an franse tout bagay fèt.

 

Se pou sa, nan peyi d Ayiti ki pwoklame lendepandans 1e janvye 1804 la, jouk jodi a, kan k ap domine a se franse, kan k ap reziste a se kreyòl li pale. Men tou, menm jan anndan koloni an, sèvitè ak sèvant kolon yo, kòmandè yo, jeran bitasyon, tout lòt moun ki te fè pati chenn kòmandman ki te kenbe sistèm nan, yo te pale franse... se menm bagay la tou. Jodi a, pitit pèp la ki soti nan mòn kou lavil, apre yo fin rive lekòl yo konn li, yo tout tounen menm jan avèk Mèt Zabèlbòk Bèrachat. Yo tout tounen tigrandon ak tiboujwa k ap fè tyoul grandonboujwa. Yo pa pale lang pèp la ankò. Se franse yo pale pou ka moutre nan ki klas moun yo vin ye, nan ki kan yo kanpe – men yo pa vle tande pale koze nan ki nan ou kanpe a.

 

Konpòtman tiboujwa ak tigrandon nou yo se prèv pwofondè kolonizasyon franse te fè nan peyi a; se prèv li te byen fèt. Paske, malgre franse te sispann egzèse pouvwa politik ak ekonomik la dirèkteman nan peyi a, lavaj sèvo a te tèlman byen fèt, yo kontinye domine kiltirèlman menm lè se pa yo ki fizikman prezan. Minimòm yon moun ka rekonèt lè ou gade fonksyon 2 lang k ap goumen nan peyi a, se rekonèt peyi a toujou kolonize nan panse li, nan lide li, nan mantal li... 200 lane apre fransè yo kite l. Sèvèl wòwòt toujou rete tèt bese depi tout sa ki soti lakay kolon, sitou lè li depaman ak sa ki fondalnatal bò isit.

 

Gen yon chante Boukman Eksperyans ki gen pawòl sa yo: “Yo touye Desalin/ Yo ban nou yon leta pèpè/ Ki aprann nou rayi? Rayi tout sa ki nan rasin nou...”. Youn nan domèn kote anpil Ayisyen moutre yo rayi sa ki nan rasin yo, se nan keksyon lang. Lè Ayisyen ki pase lekòl yo pati, nan nenpòt peyi yo rive, yo aprann ekri lang nan. Menm Ayisyen sa yo santi yo fyè pou di ou yo pa t aprann ekri kreyòl lè yo te lekòl, yo pa konn ekri kreyòl.

 

An reyalite se pa kreyòl la yo rejte: se tout sa kreyòl la reprezante, tout sa l ye. Se tout klas moun ki viv, òganize yo, reziste... fè tout zafè yo nan lang sa a. Pa egzanp, Goman ak tout mas pèp ki te lite bò kote li yo kite yon vrè leson libète byennèt pou tout Ayisyen ki gen bonnanm lè li tabli yon Komin anndan komin Grandans lan. Akawo ak tout lidè ki te ansanm avèk li yo kite anpil leson tou. Se Akawo ki anseye nou pou n pa kite aparans twonpe nou. Se li ki di nou lènmi nou yo tout koulè, fòk nou veye yo. Ak yon voum lòt egzanp nou ta ka site kote pèp ayisyen natif natal plante trè klè nan je tout moun ki chwa lavi li vle. Ayisyen tankou Mèt Zabèlbòk Bèrachat ki pran pòz yo gen kont avèk lang kreyòl la, se eritaj sa yo y ap chache voye nan fatra. Se rasin sa a yo rayi. Gade byen epi n ap wè yo tout ap preche demokrasi boujwa ak modènite.

 

Kidonk, batay ki genyen ant kreyòl ak fransè se yon senp teren pou 2 gwo klas sosyal peyi a k ap goumen. Se boujwagrandon, dechèpiyè aloufa trip paswa mete ak tigrandon tiboujwa kravat anba gagann k ap sèvi yo kòm tyoul k ap souse pèp la. Se yo ki pran pòz pa vle pale kreyòl. Se yo menm tou ki anpeche pèp la aprann pale franse. Pinga pèsonn al konprann se yon lit kont lang fransè a non k ap fèt la. Se pito yon lit pou franse ak kreyòl egal ego nan pratik chak jou, pa sèlman sou papye. Pou tou 2 lang yo soti nan prizon kote entèlektyèl isit fèmen yo. Se pou sa yo anpeche tout moun kwaze ak lang franse a pou yo pa pale li. Pou l ka rete tiprivilèj pa yo sèlman. Kidonk, se yon lit pou tout Ayisyen ale lekòl. Paske lekòl se youn nan zouti yo itilize pou repwodwi sosyete pezesouse miwomiba a. Se yon lit pou chak Ayisyen ka pale franse, menm jan tout Ayisyen konn pale kreyòl. Pou pèsonn Ayisyen pa souse san pèsonn lòt Ayisyen.

 

16 jiyè 2009



[1] Moun ki li angle kapab chache vèsyon orijinal liv la ki te pibliye an 2005 kote l pote tit: The Idea of Latin America. Li gen yon vèsyon panyòl ki pibliye nan Edisyon Gedisa nan lane 2007 nan vil Baselòn. Li pote tit: La Idea de América Latina. (Nou pa okouran si gen vèsyon franse). Se nan premye chapit liv la, lotè a dekòtike ladrès sistèm modèn/kolonyal la pou li kreye diferans ant moun ak moun jouk li rive fè kwè gen moun ki pa fin moun.

[2] Dapre done yon save brezilyen, Gláucio Ary Dillon Soares, pwofesè nan inivèsite Brazilya, rasanble nan yon liv ki pote tit: A questão agrária na América Latina. Liv la pibliye nan Edisyon Zahar, Rio de Janeiro, nan lane 1976.

[3] Moun ki swete verifye osnon pwofonde keksyon sila a kapab konsilte yon liv Hegel ki rele an franse La raison dans l’histoire. Epi li va li chapit kote Hegel ap fè pòtre pèp Afrik yo.

[4] Se premye istoryen peyi a, Toma Madyou ki rapòte sa nan liv li ki rele Histoire d’Haiti, tòm 3.

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents