Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


"Pito yo bay moun repo yo ak koze lame yo a" Par Martine la tourmente

Publié par siel sur 7 Octobre 2011, 10:05am

Catégories : #AYITI ROSE RAKET

J'ai lu ça sur le web :

 

Maestro el Sasaye, tèt nou chaje men l'pa mato.

 

Lè depi w ti moun w'ap tande malè yon band fanmi ki disparèt, ki disemine à tort. Lè w'ap sonje sitwayen ki t'ap leve pitit ki t'al anmenaje lan kay moun Divalye te fè touye, lè w'ap sonje vwazen katye ki te rekipere mèbl ak pyano moun yo elatrèy, lè w'ap sonje yon jandam tafyatè ki tonbe voye rigwaz lan mitan sitwayen k'ap tand lan liy, lè w'ap sonje jenn fanm ki prefere al bay vagabon dechalbore yo olye ke yo renmen ak jenn gason ki ta vin mari yo pi devan, lè w'ap sonje la pèn ki touye manman papa frè zanmi sè'w ki disparèt, lè w'ap sonje malerèz k'ap lite ki pèdi sèl grenn pitit gason'l ki te pwal retire'l lan mizè, lè w'ap sonje yon band asasen ki trenen lan prizon yon pitit komèsan pou lajan pou y'al bwè tafya ak jwè poker, lè w'ap sonje ti moun lan defavorize k'ap jwe boul sou plas ki pran kouri depi yo apèsi jandam la ri, lè w'ap jenn gason ki pase diplome akademi militè ki te konn manje lakay w ki ap pale sèk lè kwaze yo lan biro eta sivil PAP pou ka remake yo an inifóm e pi y'ap grate papye, lè w'ap tande jenn gason ki te promèt ki kite mantalite pa rekonèt pouvwa sivil pouse yo al bay koudEta pou plis destabilize, lè w'ap tande LGR k'ap pale de eksperyans li ki fè li ekzekre yon enstitisyon ke li te konen. Lè w' retounen an Ayiti, paske yon mazèt rache manyók li, yon jeneral ak tout inifóm ak tout kask an metal lan tèt, yon gwo zam otomatik kanpe lan main'l sou yon plato televizyon ap li dekrè represif chak swa avan moun al dómi... TERRORISTES!

 

Pito yo bay moun repo yo ak koze lame yo a. Gen de mantalite yo pa ka refóme lan peyi Ayiti. Lè JBA te lonje men bay enbesil yo, yo pa't respekte sa ki di ke yo rate okazyon pou yo ta refóme, pou yo ta reyabilite. Tèt Mato sou bluff si se pou sa paske pa gen peyi etranje apa Dominikani ki pwal bay'l bourad lan projè sa a. Se pa pou anyen Kanada parekzanp mete lajan ak fómatè lan lapolis an Ayiti. Tèt Marteau ap pouse agenda'l la paske li pou kor'l, li bezwen kouvèti pou chyen'l yo ke'l ka itilize pou al terorize moun lan peyi a. Tèt Marto se yon militè dans l'âme.

 

Li pa't janm renmen lekól men li antre lan akademi militè kan mèm ki itou te bay'l kanè. Voilà ses chevals de bataille, pour reprendre ses mots. Sa jwe lan tèt li anpil paske misye pran anpil kalót malgre tout siksè popilè'l. Lan kómansaman manda'l la ki pwal à vie1!!!... l'ap konstate dega konpótman'l fè lan vi'l ak lan sèvo'l: l'ap manje souflèt ke li pe pa remèt ak pon-yèt.

 

Se domaj paske pa gen anyen ki di ke yon moun dwe yon bolé pou gen bonn entansyon, pou travayan, pou kapabl. Mais son passé le rejoint et il n'a encore rien compris. M'ap mande'm ki sa ki pwal pase ak misye.

 

Donc, après ces premiers six mois d'incohérence, je lui souhaite d'entreprendre un mandat neuf. Sinon, jamais un mandat de cinq ans n'aura été aussi long en ce qui le concerne.

 

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents