REZO SOLIDARITE AK BATAY OUVRIYE
bosolidarity@yahoo.com
PIKÈT KONT MINISTA ANN AYITI
VANDREDI 17 JEN 2011
A 5 :30 P.M. – 6 :30 P.M.
DEVAN KONSILA BREZILYEN
1185 Avenue of the Americas (6th Ave), 21st Floor
Ant 46th ak 47th Streets
Tren #2, 3 desann nan 42nd St/Times Square
Tren #4, 5 desann 42nd St/Grand Central
Dimanch 5 Jen, 2011, yon kontenjan solda Brezilyen debake nan Ayewopò Tousen Louvèti. Nan Ladwann, yo derefize peye enpo pou yon bann konpitè laptòp yo te pote. Yo te bezwen lese pase san yo pa peye taks. Lòt kontenjan Minista ki te vin chache yo nan Ayewopò a vin rantre zam alamen anndan edifis Ladwann la epi tire anlè ak lanse gaz lakrimojèn. Konsa, se ak gwo ponyèt, pa la fòs, militè Minista yo sòti avèk konfrè yo nan Ladwann la. Sa se yon evidans anplis de lokipasyon enperyalis sou peyi a epi konsolidasyon lokipasyon an. Se yon awogans, enpètinans anmenm tan tou se yon imilyasyon ankò yon fwa pou nou menm Pèp Travayè a.
Nap mande :
Pou Minustah rache manyòk li e bay tè a blanch !!!!
Pou plis enfòmasyon, rele : 646-829-9519
Commenter cet article