-
Attention, mesdames et messieurs, cela ne signifie en rien mon accord avec ce qu'exprime le président de cette association (ou parti).
Il se trouve que ce texte aborde un nombre de problématiques au coeur du monde politique (et société civile) haïtien.
Le style est clair. Les pensées sont énoncées avec simplicité et concision.
Le créole, pour le peu de maîtrise que j'ai de cette langue, me semble hamonieux , bien rythmé, bien ortographié.
Ce sont ces caractéristiques qui devaient permettre aux élèves d'élaborer une discussion dynamique susceptible de développer leur sens critique, leurs capacités d'analyse sur la situation politique actuelle, d'apporter leurs propres réflexions au débat, et pourquoi pas, leurs recommendations.
Le texte :
Pozisyon ADEBHA nan sitiyasyon malouk Ayiti ap viv jounen Jodi a.
Anpil sitwayen ak sitwayèn reproche prezidan Michel Martelly pou anpil derive li komèt nan tèt peyi a.
Men kèk nan repwòch sa yo:
- Yo di prezidan Martelly se yon novis kap dirije peyi a an otokrat.
- Yo di prezidan Martelly pa respekte okenn enstitisyon nan peyi a.
- Yo di prezidan Martelly avèk lajistis se lèt ak sitron.
Si tout repwòch sa yo ta fonde, ki wòl depite ak senatè nan peyi dayiti ?
Palman reskonsab tout dezas peyi a konnen sou rèy prezidan bann machouè ki pase nan tèt leta a depi 1987. Selon konstitisyon peyi a prezidan repiblik la gen pouvwa pou l dirije leta a. Menm konstitisyon sa a remèt kontròl peyi a ak palmantè yo. Yo menm gen pouvwa jije prezidan kap fè sak pa sa.
Gen kèk grenn palmantè, depite ak senatè, Ki wè direksyon peyi a nan menm linèt ak ADEBHA. Bravo pou sa. Malerezman yo minoritè, vwa yo paka pase.
Peyi a pa kabab ankò. Li bouke. Mètdam yo okipe tout espas yo : Yo sou pouvwa, yo nan palman, yo nan opozisyon, yap laloz kò yo nan kominote entènasyonal la. Menm si gen rèl kay makorèl, ak gwo kout slogan demagogik, yo desonnen pèp la. Yo fè lanavèt ant pouvwa/opozisyon, opozisyon/pouvwa pou yo ka toujou la. Lè wap chache yo nan opozisyon yo te gen tan fonn andedan pouvwa.
Tout sa kap fèt jounen jodi a sou echikye politik la se bri sapat. Tout sitwayen, tout sitwayèn, menm sa ki pa fè politik aktif, ta dwe konpran n tout chirepit kap fèt andedan peyi se pou nèg toujou rete opouvwa pou kontinye piye peyi, fè aktivite dwòg san pwoblèm, fè tout kalite zak kriminèl ki pap janm gen swit nan yon peyi chèf vle di mwen fè sa m pito.
Pouvwa tradisyonèl + opozisyon tradisyonèl = pwason kraze nan bouyon. Si ou kwè se manti, al mande Rene Preval ki chòk li te resevwa aprè li te deklare ke dezièm mitan pouvwa a, se limenm sèl kòm fòs retrograd kap sou teren.
ADEBHA mande tout jèn andedan peyi pou yo rete tèt frèt. Fè konfyans nan aksyon demokratik lap menen andedan peyi pou trennen pèp la nan direksyon lalwa. Siklòn kap pase la, li pap dire lontan. Se gwo van ti lapli. Viv yon Ayiti legalis - Viv yon Etadedwa
Fait le 29 aout 2013 Osner Richard, av.
Président.
Président
Commenter cet article