Kominike plizyè oganizasyon politik
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 20 janvye 2015
Sa anpil patriyòt te prevwa epi t ap denonse depi lontan reyalize jounen jodi a. Pouvwa Martelly a ak alye li yo t ap kreye kondisyon pou chanm depite a ale, rann sena a disfonksyonèl pou l te ka dirije peyi a ak kout dekrè. Koudeta planifye sa a kont enstitisyon demokratik yo nan peyi a pèmèt patriyòt ayisyen yo dekouvri epi konprann pi byen mak fabrik gouvènman Martelly/Lamothe la pandan plis pase 3 lane pratik politik li yo.
Sa ki te parèt pou sèten sektè kòm senp devyasyon ak tandans otoritè, montre vrè figi l jounen jodi a, tankou pwovokasyon jounalis ak manm pati politik, kanaval anpèmanans, alevini san rete aletranje, menas ak arestasyon ilegal opozan, negosyasyon bidon soti « El Rancho » rive « Kinam ». Tousa se te divès pyès teyàt pou te detounen atansyon tout moun sou nesesite òganizasyon eleksyon pou renouvle tyè sena a ak chanm depite a.
Anreyalite, pouvwa Martelly/Lamothe la te vle plonje peyi a nan yon kriz grav pou te anpeche enstitisyon demokratik yo renouvle nòmalman. Koudeta kont enstitisyon demokratik yo pa rive akouche jan yo te pwograme l la akòz rezistans sèten sektè popilè ak demokratik nan divès fòm manifestasyon.
Mobilizasyon nan lari a pote ale Premye minis Lamothe, li fòse KEP koupyon an demisyone epi li fè Prezidan japwouv Kou Kasasyon an rale kò l. Men sa pa rive anpeche vid enstitisyonèl 12 janvye a, malgre akò 23 desanm, akò chanpwèl 11 janvye, nominasyon yon premye minis defakto ak yon kabinè ministeryèl defakto. Enstans dekorasyon defakto sa yo pa anpeche Prezidans lan rete jodi a sèl enstans ki gen pouvwa deside. Gouvènman defakto a pral tounen yon jiwèt.
Malgre sa, misyon enperyalis la ak oligachi lokal la bay Martelly pou l egzekite a panko fini.
Martelly gen pou l kreye kondisyon legal pou miltinasyonal yo ansanm ak lòt gwo antrepriz nasyonal kou etranje yo piye richès peyi a, eksplwate fòs kouraj travayè yo pou granmesi, fè dappiyanp sou tè peyizan ak sou ti lajan pèp la nan vann yo machandiz ak sèvis byen chè. Pou sa, fòk Martelly voye jete Konstitisyon 1987 la epi vini ak fotokopi nouvo konstitisyon pisans etranje yo deja genyen nan valiz yo, tankou sa te fèt an 1918, nan tan premye okipasyon meriken.
Si ti pwojè rakèt pa reyisi andyoze sifizàmman konsyans politik mas yo, si pa gen ase divizyon nan mitan aktè òganize nan sosyete a, MINUSTHA, Lapolis ak atoufè pouvwa a ap genyen pou ogmante nivo represyon an kont mas popilè yo. Kidonk konplo ak koudeta antidemokratik enperyalis la ak gouvènman Martelly a ap deplòtonnen kont pèp ayisyen an e kont nasyon an pral kontinye vanse ak lòt vitès.
Sitwayen ak sitwayèn peyi d Ayiti, sitiyasyon an vrèman kritik, men lit la dwe kontinye!
Lit mas yo dwe kontinye kont vòl ak koripsyon nan Leta a ki vin anvlimen pi plis sitiyasyon moun ki pi pòv yo epi ogmante dèt peyi a nan fè gaspiyaj ak gagòt.
Nou dwe goumen pou bon jan ankèt fèt sou lajan Petwo Karibe ak lajan Fon Nasyonal pou ledikasyon an. Fòk nou fòse Lakou Siperyè Kont fè travay li kòmsadwa sou jesyon kès Leta a ak fonksyonnman administrasyon piblik la.
Lit mas yo dwe kontinye pou peyi a rive òganize nan bon kondisyon eleksyon jeneral antisipe ki pa anba kontwòl pouvwa a ni anba lòd kominote entènasyonal la. Kote souvrènte popilè a ka eksprime l epi vòt pèp la respekte.
Lit mas yo dwe kontinye kont volonte pouvwa a ak kèk pisans etranje pou amande konstitisyon 1987 la san respè pyès prensip ki anndan konstitisyon an.
Sa y ap rapouswiv se fè pèp ayisyen an pèdi tout konkèt demokratik li te fè nan mouvman 1986 yo epi fè peyi a tounen yon savann kote yo ka fè ak defè jan yo vle.
Lit mas yo dwe kontinye nan mete kanpe Komite Vijilans Patriyotik nan katye yo, nan vil yo ak nan seksyon kominal yo, pou batay kont tout fòm gwo ponyèt, abi, enjistis ak krazezo gouvènman Martelly/K-Plim/Defakto a.
Se konsa n ap rive pwoteje an granmoun divès espas peyi a ak tout richès ki gen ladan yo.
An nou angaje nou pou mete kanpe yon « Fwon politik pou di NON » kont tout fòm pouvwa defakto, kont titèl-okipasyon ekonomik, politik, sosyal ak ideyolojik pisans etranje yo mete sou peyi a.
Objektif tout lit sa yo se rive konstwi ansanm yon pwojè politik altènatif ki ranmase enterè tout Ayisyèn ak tout Ayisyen.
Yon pwojè politik altènatif k ap pèmèt peyi a reprann dwa grandèt majè li.
Yon pwojè politik altènatif ki chita sou yon modèl devlopman fòs pwodiktiv yo ki respekte lanati, ki respekte dwa moun epi k ap fè kreyasyon ak redistribisyon richès nasyonal yo san fòs kote.
Pòtoprens, 20 janvye 2015
Pati ak òganizasyon politik ki siyen pozisyon sa a:
Junot Felix / Aksyon pou Konstwi yon Ayiti Òganize - AKAO .........................................
John Blot / Ayiti Djanm ...........................................................................................
Ernst Mathurin / Gwoup Refleksyon Moïse Louverture - GRML ......................................
Fritz Pérard / Komite Rezistans Popilè Benoit Batraville - KRPBB ...................................
Marc Arthur Fils Aimé / Pati Rasin Kan Pèp la .............................................................
Notez bien que cette analyse a été faite sur ce blog dès pratiquement la sélection de Martelly par la CI.
Pourquoi la CI aurait-elle voulu imposer à la tête d'Haïti un homme comme Martelly ?
Un homme dont le passé s'étalait sur le net et qui avouait dans un entretien avoir participé au vol de camions de ciment, et ceci aux USA même, où avec un tel profil il n'aurait jamais pu être, ne serait-ce que candidat à une mairie.
Les media de là-bas l'auraient dézingué en quelques secondes.
De plus, Il était clair que Martelly ne possédait ni les compétences, ni le caractère pour assumer la fonction de président d'un pays. Quel qu'il soit.
Il n'était pas nécessaire d'être fin analyste pour savoir que si Mulet ,OEA, Clinton, Core Group et la ribambelle des ambassades étrangères l'avaient placé à ce poste, cela ne pouvait pas être simplement pour ridiculiser une fois de plus les Haïtiens, après les avoir encouragé à boycotter la commémoration des 200 ans de l'indépendance de leur pays.
S'ils sont allés aussi loin dans leur soutien, voir l'histoire du passeport qui a donné lieu à une grande cérémonie présidée par l'ambassadeur des USA, à laquelle a été conviée tout le gratin local et international, c'est que le jeu en valait la chandelle.
Ce n'est pas pour gran mèsi, que cette CI a tenté de barioler l'homme roz en chef d'Etat en organisant des rencontres pour lui avec le pape, Hollande, Merkel, Obama, etc. En organisant des pseudo conférences internationales ou régionales à Port-au-Prince. Jamais autant d'attention n'a été portée à un président haïtien.
Sachant que si le blan dit que tu es mort, tu es mort, la CI n'a pas lésiné dans sa propagande pro-Martelly. Il fallait aussi convaincre les Haïtiens, que malgré toute les inepties qu'ils pouvaient constater, si le blan a dit que ce président était génial, c'est qu'il l'était.
Un point c'est tout ! (courtoisie V. Numa de Vision 2000)
Sak pa kontan anbake ! (courtoisie M.J Martelly)
Et le pire, le plus machiavélique c'est que cette CI a fait porter au peuple haïtien son propre choix de Martelly. Elle est allée dire partout que c'étaient les Haïtiens eux-mêmes qui avaient massivement voté ( 700 000 personnes) pour Martelly parce qu'ils en avaient assez des intellectuels, qu'ils voulaient un "bayakou" pour faire le ménage. Et autres fables tendant à montrer la population haïtienne comme définivement sotte, immature, irresponsable.
Propos relayés par les direteurs d'opinion auto-proclamés répétantt à longueur d'anntenne ce qu'ils savaient bien être un mensonge : "C'est le peuple qui l'a choisi, vous devez accepter le choix du peuple. C'est la démocratie";
Journalistes en service commandé, chargés de faire avaler la cigûe aux citoyens.
Il fallait bien que les enjeux soient de taille pour que se déploient tant de maneuvres, coups-fourrés et stratagèmes pour sauver le soldat Martelly.
Derrière le silence complice qui acceuillait les nombreuses dérives de leur bandi legal de protégé et les accusations infondées contre ceux qui s'y opposaient, se cachait une décision prise de longue date d'arriver à la situation actuelle, à savoir à la caducité des institutions haïtiennes. Pourrir la vie des Haïtiens jusqu'à les pousser à accepter l'innaceptable.
Ce pourquoi, comme je l'ai dit iici, le coup de force de Martelly n'est pas autre chose qu'un coup d'état de la CI, contre la souveraineté de la nation haïtienne, contre le droit de sa population à construire la société dans laquelle elle souhaite vivre.
Un bis répétita de 1918. dont le coup d'Etat de 2004, également instigué et financé par la CI, annonçait que pi devan pi tris.
Effectivement, c'est le moment ou jamais de se réveiller. Le secteur démocratique se doit de créer un large front d'opposition au retour de la servitude afin der sauver les acquis démocratiques durement acquis.
Mais, attention aux chevaux de Troie qui ne manqueront pas de s'infiltrer pour faire dériver le mouvement. Car comme dit Aldous Huxley dans son livre Le Meilleur des mondes :
"...On observe cependant, qu’il est très facile de corrompre un individu subversif : il suffit de lui proposer de l’argent et du pouvoir. »
Commenter cet article