Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Le parti Rasanbleman Sosyalis pou yon Inisyativ Nasyonal tou Nèf Pati RASIN Kan Pèp La Tel . En réponse à la "perte de patience" de M. Kerry

Publié par Pati Rasin Kan Pèp La sur 21 Avril 2016, 20:58pm

Catégories : #AYITI ACTUALITES

Le parti Rasanbleman Sosyalis pou yon Inisyativ Nasyonal tou Nèf Pati RASIN Kan Pèp La Tel . En réponse à la "perte de patience" de M. Kerry

Ayisyen konsekan yo dwe pèdi pasyans.

Potoprens 21 avril 2016

Se ak anpil endiyasyon, men san sezisman, Pati Rasanbleman Sosyalis pou yon Inisyativ Nasyonal tou Nèf (RASIN Kan Pèp La) tande sekretè Leta ameriken, John Kerry, deklare ''pasyans kominote entènasyonal la genyen limit''.

Dabò, nou konnen byen jounen jodi a, mo kominote entènasyonal la se ti non gate enperyalis yo. Lè gwo zotobre sa a fè deklarasyon sa a, se menas chèf peyi enperyalis yo ap fè pou toufe volonte pi fò moun nan peyi a ki vle konnen verite sou eleksyon 9 out ak 25 oktòb la. Nou konnen menas sa yo mache ak tout kalite presyon ak chantaj tankou koupe sa yo rele èd militilateral ak bilateral yo.

Men nap raple M. Kerry, se pasyans pèp ayisyen an ki dwe genyen limit, paske tout mizè lap pase jodi a, se konsekans  kasèdkou  politik meriken ak konplisite oligachi a ak politisyen tradisyonèl yo bò isit. San nou pa fè yon gwo listwa  klas dominant peyi  w sou do Pèp ayisyen depi 1915 rive jounen jodi a - dayè se pa ni youn ni 2 liv ki ekri sou sa-  nap kontante  nou  raple kèk mezi dappiyanp sou richès ak kèk foure bouch gouvènman ameriken nan politik  peyi a.

- Dabò 17 desanm 1914, merin meriken la kase kòfrefò labank peyi a epi yo pote ale tout lò yo te jwenn, jiskaprezan richès sa a ap fè tiyon nan kès labank nan Nouyòk.

- 28 jwiyè 1915, sou pretèks mete lòd nan zafè ki pa regade gouvèman meriken,   li debake yon lame sanginè, kraze zo ki touye plis aysisyen pase tout gè sivil nou yo soti 1806 rive 1915.

-  Okipan yo mete prezidan yo vle, yo fè konstitisyon yo, you kraze lachanm, yo vini ak Konsèy Deta, yo mete patriyòt nan prizon, yo enstale koripsyon nan achte depite ak senatè, yon mal peyi a ap peye byen chè jounen jodi a ak kalite palman nou genyen la a.

- Yo dezame mas peyizan yo aloske lakay w, tout moun ka pote zam lib e libè. Yo mete  kanpe yon lame kraze zo.  Se lame sa a ki te ranplase bòt fere yankee yo lè yo te oblje ale nan lane 1934. Yo pa te manke kite nanm yo, lespri yo epi sitou sistèm kapitalis rachitik la ki tounen sansi travayè: timoun, fanm tankou gason nan tout rakwen peyi a. Se poutèt sa nou toujou di: "Ak bòt ou san bòt, okipasyon an toujou la''.

- Se Gouvenman meriken ki òganize migrasyon travayè peyizan nou yo pou al koupe kann nan peyi Cuba ak Sen Domeng.

-  Se Klas dominant meriken ki ba nou SHADA, SEDREN, REYNOLDS, KODEVI, PAK ENDISTRIYÈL KARAKÒL ak tout faktori vèmin kap detwi lavi klas travayè nou yo.

- Se Gouvenman meriken ki ba nou Divalye pandan 29 lane - ki touye plis pase 30.000 patriyòt e ki tap vann san popilasyon an sou mache entènasyonal la. Se Gouvenman meriken ki ban nou kou Deta kont ansyen prezidan Aristid, premye prezidan pèp la eli sou fòs ponyet li malgre tout mannèv prezidan Jimmy Carter te fè pou te mete Marc Bazin nan plas li.

- Se peyi w la ki ba nou MINISTA kolera, anjandrè ti gason tankou tifi

- Bill Clinton rekònèt li te fè presyon sou Gouvènman peyi a pou mete politik komèsyal ki kraze pwodiksyon diri bò isit la e kreye plis depandans alimantè ak grangou.

- Kandida pretandi Pati demokrat la Hillary  Clinton te majò jon nan nonmen prezidan imoral epi koronpi Michel Jozèf Mateli nan eleksyon 2010 - 2011.

- Se anbasadè  meriken, Pamela White, ki kareman te di nan yon emisyon radyo ofisyèl gouvènman ameriken “La voix de l'Amérique” nan ki lane eleksyon tap fèt nan peyi a. Kidonk, nou konnen kiyès ki konplis tout traka nap viv jounen jodi a.

Ti moso rapèl sa a sifi epi menm twòp menm pou Pati RASIN Kan Pèp La  fè sonje kantite ak kalite dega klas dominant meriken yo fè an Ayiti.

Nan ka sa M. Kerry, ki kote limit pasyans lan ye?

Deklarasyon Keneth Merten ak John Kerry vyole lwa ak konvansyon entènasyonal sou konpotman diplomat etranje. Konpotman ak deklarasyon Gouvenman meriken toujou ap kore sektè reyaksyonè ak retwogad nan peyi Dayiti. Menm jan jodi a Keneth Merten sanble tèt koupe ak yon militan PHTK depi lè li te sove ansyen Prezidan Mateli nan afè nasyonalite a jis jounen jodia kote lap kore tout demach kap fèt pou kwoke Jovnèl Moyiz nan gòj Pèp ayisyen lè yap di fòk eleksyon fèt viteprese.  Poukisa pasyans Gouvènman meriken pat bout pandan 5 lane ki sot pase yo kote ansyen Prezidan Mateli tap vyole konstitisyon ak lalwa san rete e te derefize òganize eleksyon ?

Enpasyans Gouvenman meriken ap manifeste jodi a se anpresman pou vin fè dappiyanp sou resous peyi a (an patikilye nan zafè Min ak petwòl) pou kontinye piyaj ki te koumanse depi koumansman 20yèm syèk la. Nap raple gen plizyè konpayi meriken, kanadyen ki déjà gen pèmi eksplorasyon ak eksplwatasyon nan men yo e kap tann yon nouvo lwa vin ba yo lesepase pou yo ranmase tout richès nou genyen anba tè pou granmesi.

Nap mande Pèp ayisyen, an patikilye tout sektè ki te leve kanpe e ki te reyisi rache kokenn viktwa 22 janvye 2016, lè yo te rive bloke eleksyon lawont ki tap prepare pou 24 janvye, pou yo kontinye mobilize.

  • Mobilize pou ekzije yon komisyon evaliasyon ak verifikasyon elektoral ki ka fè yon travay serye an pwofondè
  • Mobilize pou nou rejte radiyès pèmèt deklarasyon Mouche Kerry ak tout menas kap fèt pou mande “pinisyon” pou politisyen ayisyen ki pa vle mache tèt bese nan eleksyon malatchong. Yap pale de pinisyon komkwa nou se restavèk yo.
  • Mobilize pou ekzije odit sitwayen sou jesyon pouvwa Mateli pandan 5 lane ki sot pase yo. Ekzesis sa a pa dwe tounen yon teyat kote vòlò ak asasen ap eseye lave figi yo.
  • Moblize pou chanje figi aparèy elektoral la. Pou nou kreye kondisyon pou nou reprann souvrente nou sou eleksyon yo e anpeche pou yo fè l tounen yon espas gaspiyaj, yon operasyon komèsyal kote tout bagay ap vann a moun ki gen plis lajan.
  • Mobilize pou espas elektoral vin yon espas kote sitwayen ak sitwayèn al pran desizyon sou baz konviksyon yo ak jan yo wè lavni peyi a.
  • Mobilize pou nou mete kanpe de politik tounèf ki ka konbat grangou ak enflasyon, ki respekte dwa ak diyite travayè e ki fonksyone nan enterè majorite moun nan peyi a.

Mobilizasyon manch long. Mobilizasyon san pran souf. Mobilizasyon lisid, òganize. Mobilizasyon dèyè yon pwojè nasyonal konsekan ki retire peyi anba bòt enperyalis yo!!

RASIN  Kan Pèp La kwè san rezèv, se pa ni Mouche Kerry, ni gouvènman peyi meriken ak tout enperyalis soubreka nan kòkòday ak politisyen  san kolòn vètbral isit yo ki bouke. Dayè yo pap janm bouke piye ak vòlò fòs kouray Pèp la.

Se nou menm pèp ayisyen ki kwè epi ki renmen peyi li san gade dèyè ki dwe bouke e Pati a asire w, Mesye Kerry pasyans nou ap bout anvan lontan.

 

Marc-Arthur Fils-aimé         Sekretè jeneral                                                                                       

 Camille Chalmers                Pòt pawòl

                                                                                                       

Pati RASIN Kan Pèp La

Tel :(509)3837-1899, 3760-0443, E-mail :kanpepati@yahoo.fr

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents