Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Lèt tou louvri pou Evens Paul KPlim/ Guerby Dujour à Evans Paul

Publié par Guerby Dujour sur 14 Juin 2016, 10:33am

Catégories : #AYITI ROSE RAKET

Au fait, qui est exactement EVANS PAUL ?

Au fait, qui est exactement EVANS PAUL ?

Monsieur,

Mwen gen lone antan ke sitwayen Ayisyen pou'm voye let saa ba ou nan moman peyi Dayiti ap travese yon sitiyasyon politik ki bay plis vant fe mal ak gwo kè sote.

Monsieur,

Tout moun sonje ou te gen yon bel slogan : "Peyi anvan pouvwa." Yon slogan ki se mak fabrik KID, yon pati politik ou mete kanpe. Mwen regret pou'm konstate ou chanje slogan sa-a an pouvwa anvan peyi. Pouvwa nan nenpot ki kondisyon. Mwen konstate ou vi-n pran gou pouvwa. Mwem gen enpresyon ou wèl pi dous pase siro kann.

Monsieur,

Ayè ou tap rele bare vole lajan leta. Jodia se ou kap bare la jistis poul pa mare vole. Ou fè anpil moun sezi. Ou mete dlo nan je anpil moun ki te kwè nan ou. San konte fanmi anpil militan ou lakoz ki nan simityè jodia.

Monsieur,

Depi lontan ou lague lit pou chanjman an. Anba anba wap sèvi ak moun nan Kid pou feè kob, chache avantaj lajan pou ou ak fanmiw. Ou eseye fè wout kochi depi sou 1 er manda Preval. Kom li pat bow kote pou pase ou goumen ak li ak pè Aristide tèt kale.

Monsieur,

Apre mouvman GNB a ki te debouche sou lekzil Aristide ak okipasyon peyia an 2004, rejim defakto a te lage ONA nan deplamenw. Rejim nan te enstale Jean Ronald Joseph, manm KID nan tèt ONA. Jean Ronald Joseph livre ba ou 6 Kay pami yon bann lot li te sezi pou dèt. Ak ki lajan ou te achte yo ? Lajan ONA ou te prete sanw pat kalifye pou sa. Se ak yon pati nan lajan sa-a tou ou te repare kay sa yo epi lwe yo ak Minustha.

Monsieur,

Eskew ka explike orijin ko asasinay ki te fet sou Jean Ronald Joseph swadizan yo tap eseye vole bous li nan ri kapwa tou pre lokal ONA a nan dat 1 Dawout 2010 ?

Nan 2e manda Preval la ou fe nonmen madanm ou (Maguy Durce) nan ministè komès. Ou te fè menm bagay la an 1990 lè-w te fe nonmen 1er madanm ou Irene Ridore nan meri potoprens. Kou Preval revoke madanm ou, ou pase nan opozisyon.

Monsieur,

Tout moun te sezi wè se ou menm ki gen kè pou vi'n antre nan abyans Tèt kale-bandi legal. Apre Lamothe te fose kite sa, ou ede Michel Martelly menm jan ak Lamothe dechepiye kès leta. Ou patisipe san gade dèyè nan devore lajan leta.

Se pa kounye a wap bay move kou. An 1980 ou te gen kat rechech kriminel pou te ka chache manje. Alyans ou ak PHTK+Guy Phillipe asasen se rezilta peye chango paske ou tap manje lajan chango. Ki donk ou dwe rete ak yo.

Premye lajan Tet kale debloke pou ou se 160 mil dola vèt pouw te ka achte rechanye- kostume dyandyan. Lè saw  ou deklare Tet kale pi konn sèvi ke Lavalas. Lajan sa-a te batize "Frais de représentation".

Monsieur,

Paske ou gen repitasyon dechouke ou anonse yon mouvman kraze brize pou mache pran Privert menm Jan ak 2004. Mwen plis kwè ou vle fè moun pè pou lajistis pa mache sou ou ak PHTK -Tet kale. Paske sa wap fri a se ou sèl ki pran sant li.

Li tap pi bon pou ou siw te bat ba. Paske blan yo pap ka pwotejew douvan kolè pep ayisyen ki voyew jete depi lontan Pou movez kondyit ak dwet long siperyè ak kout kouto nan do.

Ki kote-w te ye lèderiv Tet kale yo ? Pou kisa se kounye a ou wè deriv ? Li klè ou pa tap janm denonse yo paske Michel Martelly te pare pou mete dosye ONA a deyo. Konsa ou te blije metew piti jouk li relew vin edel dechepiye kès leta kom bon jan aksyonè-dechouke. Li klè ou pat ak goumen pou chanjman vre. Ou se yon blofè ki tap fe manèv pou jwenn gwo privilèj nan leta sou do mas pèp la.

Monsieur,

Mwen gen lonè poum pa menm diw orevwa paske ou pa merite sa.

 

Guerby Dujour

Commenter cet article

A
mhuuuuuuu kreol pale kreol konprannn - yon sel bagayy ou di li fe lajan poul mange ak fanmil m pa kwe sa w di a c vre - zanmi an gin le mange tou sel- sa w di a c nan san tout fo lide sa ye - pran devan pou di pep mwen avew epi c ak minm pep sa yap fe lajan - min yon sel bagayy mwen konnin vos actes vous suivrent
Répondre
W
Bonne note est prise.
Répondre

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents