Mario Caonabo
27 juillet 2017 à 10:28
Èske Jovenel, madanm li ak pitit li yo kapab viv ak 350 pyas pa jou? Se kesyon senp sa a li te dwe mande tèt li anvan li vini lonje plot krache sa a bay Ouvriye yo. Sa konfime pi plis toujou poukisa patwon esklavajis yo ansanm ak peyi kolon enperyalis yo te envesti anpil konsa nan Jovenel pou te foure l nan gagann pèp la.
Kounye a lap bay mèt li yo randman, bon randman. Li bay patwon yo posibilite pou vòlè plis pase 450 goud pa jou sou do Ouvriye yo puiske Ouvriye yo te revandike 800 goud pou yon jounen 8 èdtan travay. Sa se yon vòl!! Se yon vòl ka l anrichi pawon yo davantaj sou do Ouvriye yo. Sa montre kouman gouvènman Jovenel-Lafontant an, patwon kriminèl ak reyaksyonè yo ansanm ak peyi kolon enperyalis yo mare sosis yo ansanm pou eksplwate Ouvriye yo alekstrèm san limit.
A vrè di, salè minimòm Ouvriye yo ta dwe 1,600 goud (US$25.00) pou yon jounen 8 èdtan travay anfèt jounen Jodi a, Jiyè 2017. Kidonk, baze sou kalkil sa a, kantite lajan patwon yo ap vòlè sou do Ouvriye yo se plito 1,250 goud pa jou. Si yon sèl grenn faktori fè U.S. $20 Milyon pa mwa, (dapre Andre Apaid ki te di nan laprès se sa li pèdi chak mwa pandan Ouvriye yo ap fè grèv yo), pa gen okenn rezon pou patwon yo pa ka peye Ouvriye yo 1,600 goud pou yon jounen travay 8 èdtan.
Ositou, revandikasyon 800 goud Ouvriye yo te anfèt yon piyay yo bay patwon yo paske se lamwatye de sa yo te dwe revandike pou lane 2017 la. Malgre sa, patwon yo montre kouman yo pa imen; se de bèt sovaj, de mons, de votour, de rapas ki vle trete Ouvriye tankou esklav nan gwo 21èm syèk sa a. Se konsa patwon yo viv Pèp Ayisyen an jeneral -kòm esklav. Se yon esklavaj nan yon kapitalism sovaj depandan de miltinasyonal peyi kolon enperyalis yo. SE NAN SA NOU YE JOUNEN JODI A!
Si Pèp Ayisyen pa òganize l definitivman pou ranvèse kapitalism sovaj depandan sa a, enben, yo fenk kare viv nan lesklavaj dezimanizan e pourisan an.
Sous-Traitance - Jovenel Moise a tranché : Le salaire minimum est fixé à 350 gourdes!
Port-au-Prince, jeudi 27 juillet 2017 ((rezonodwes.com))- Dans un message diffusé en direct sur la page Facebook de la présidence, le président Jovenel Moise a annoncé qu`un nouveau salaire min...

Commenter cet article