kreyolconnection • il y a 7 heures
1)“Max Rudolph Saint-Albin regrette que ce dossier soit ébruité sur les réseaux sociaux.
Ebyen ki sa minis Saint-Albin t ap panse la a menm? Minus la sanble bliye transparans se pi gwo zèl kat bòn gouvènans, sitou nan zafè jere lajan leta? Amwenske minus la ta sanble gen pwoblèm pou fonksyone an tout transparans, li pa ta dwe regrèt okenn nouvèl ki soti nan ministè li a ak mòd jesyon l ap aplike a soti fè bri sou rezososyo yo, sof si nouvèl sa a ta fè pati nouvèl sekrè Leta! Sa minus la regret la a? M te kwè nou di se koripsyon n ap konbat? Ebyen pa ta dwe gen okenn benyen kache lonbrit. Epi, sonje: pa gen okenn sekrè nan fè kola!
_____________________________________________________
2) Cela pourrait faire fuir ces faussaires qui ont reproduit la signature du ministre et celle du comptable public au MICT, a expliqué Max Rudolph Saint-Albin.
Hmmmm, hmm, hm. Pawòl sa a yon ti jan sispèk sispèk! Pawòl sa a fè m pran yon sant! (tankou Jando ta di), Oh wi, mwen pran yon sant, hm hm hm sispèk sispèk! Minis gen lè pa di tout verite a? Sa minus la pè la a? Minus la pè pou fosè yo pa sove kite peyi a??? Pou ale ki kote, cher minus? Lòt bò fwontyè? M te kwè se ou menm menm (oui, vous mème mème) ki kontwole fwontyè peyi a kòm minus enteryè ak kolektivite teritoryal? Ebyen ou pa minis tout bon?
Antouka, depi sou jan li la pale a, nou kapab wè minus Saint-Albin konnen trè byen ki moun ki fè zak la. Etandone li pa kab manyen moun sa a, li tou pwofite evite site non moun sa a nan laprès. Ta sanble fosè sa yo gen gwo bannann tankou kiko, Gwo soso oswa Lalo ki kanpe dèyè yo. Kidonk, minus la pa p menm kab pale ak yo, alevwa pou l ta fè arete yo!
Le ministre St-Albin dénonce l'action d'un " gros réseau de faussaires "
Le ministère de l'Économie et des Finances, dans une correspondance adressée en date du 12 octobre 2017, a appelé l'attention du ministre de l'Intérieur et des Collectivités territoriales, Ma...

Commenter cet article