La a, Pap Francis touché yon pwen ki trè sansib asavwa DEFANS DIYITE TIMOUN AK LAJENÈS nan domèn ENTÈNÈT FAS A EKSPLWATASYON PÒNOGRAFIK AK SEKSYÈL. Mwen apresye lakay Pap sa a kapasite de disèneman li nan lonje dwèt sou de dosye vital pou limanite san krentif pou PUISAN mond la. Pa ekzanp, an 2015, li te soulve nesesite moun ki nan pozisyon lidèchip nan mond la devlope konsyans yo pou reponn a danje anviwonmantal ak klimatik yo. Lè sa a, de dinozò tankou sila nan pati repibliken, sitou de kandida ki tap eseye brige pòs prezidan Lèzetazini tankou Donald Trump, Ted Cruz, Marc Rubio te estomake devan priz de pozisyon Pap la.
Pap Francis, nan yon deklarasyon Vatican an, te mande pou yon REVOLISYON KILTIRÈL MONDYAL pou fè fas a tout defi limanite ap konfwonte nan domèn ekonomik, sosyal, kiltirèl, politik ak espirityèl. Jiska prezan, nou pa wè bann ak pakèt relijye wo grade konsèvatif yo reponn a apèl Pap la. Nou pa menm tande yo pale de Revolisyon Kiltirèl la nan okenn nan legliz yo. E pa twò lontan, Pap Francis deklare ke KOMINIS YO APLIKE PRENSIP KRETYEN YO PI BYEN KE ANPIL KRETYEN KI DI YO “KRETYEN” SOU PLANÈT LA.
E dènye entèvansyon sa a kote li fè apèl a mobilizasyon ann ijans kont rezo pedofil sou rezo entènèt yo fè de Pap Francis yon Ikon kap pote yon souf nouvo nan legliz la ki parèt domine pa yon bann ak yon pakèt dinozò zoblòd ki mare sosis yo ak estatikwo a.
Kisa nou menm Ayisyen nou ka tire de sa Pap Francis di yo?
Nou tout konnen Ayiti se yon lanfè pou timoun, pou nou pa di tout moun ki nan mas pèp la. Pa gen okenn fòm pwoteksyon pou timoun ditou, ditou. Se bounda louvè, pedofil ap mache nan lari peyi d Ayiti, ranmase timoun, tifi kou tigason pou eksplwatasyon seksyèl ak trafik moun tout kalite a syèl ouvè nan tout rakwen peyi a. Èske se pa lane pase yon ekip pedofil/predatè seksyèl (kit e enkli de etranje ak misyonè pami yo) te ranmase 31 timoun pou patisipe nan òji pandan yap filme yo nan yon chanm otèl (no 155) nan Kaliko Bay Hotel nan Cote-des-Arcadins sou wout Montrouis a? Kwak lapolis rekipere timoun yo e poze lapat sou koupab yo anflagran deli, men pèsonn pa pran prizon nan zafè sila a, ni pwopriyetè otèl la, ni bann ensousyan ki te kidnape jèn timoun sila yo.
Ositou, apèl Pap Francis la konsènen tout sitwayen konsyan pou yo veyatif e pran responsabilite pou yo dekouvri tout kalite trafik timoun kap fèt swa pou eksplwate yo seksyèlman, swa pou kidnape yo pou vann tankou esklav. Nou pa gen yon leta ann Ayiti ki sousye de timoun oubyen de moun toukour. Se yon bann raketè san konsyans ki swadizan ap “dirije” peyi a nan w twou san fon. Leta Ayisyen, kit li prezidans, palman, gouvènman, minis pa vo anyen nan peyi sa a ke dayè yo trete tankou yon savann san fwa, ni lwa. SE NAN LWA RAKÈT YO KWÈ YO MENM!
Pou nou adrese apèl Pap la konvenableman, kòrèkteman ak veritableman, pou defans timoun nou yo ak lajenès, e tout moun nan mas pèp la, li nesesè, inevitab ak ijan ke nou vanse nan REVOLISYON DEMOKRATIK POPILÈ A PI VIT POSIB. Se sèlman ti minorite zwit opouvwa a ak zakolit yo nan entènasyonal la kap banbile, sote ponpe, pwofite ak bati richès sou mizè Pèp la ki pa ta renmen siksè revolisyon sa a. Sepandan, fòk li fèt kanmenm, malgre opozisyon ensousyan, ipokrit, sinik, egoyis, endividyalis kapitalis/boujwa reyaksyonè sila yo a sa. VIKTWA SE POU PÈP KAP GOUMEN!!!
Kanmarad Kawonabo
Le Pape appelle à une mobilisation urgente contre les réseaux pédophiles sur internet
Le Pape s'est exprimé vendredi matin devant les participants au colloque organisé cette semaine à l'université Grégorienne de Rome au sujet de la protection des mineurs dans le monde numériqu...
/https%3A%2F%2Fwww.lepoint.fr%2Fimages%2F2017%2F02%2F06%2F6959325lpw-6959328-article-jpg_4076602.jpg)
Haïti: vaste coup de filet contre un réseau pédophile
La police haïtienne a arrêté 12 personnes dimanche dans une station balnéaire à proximité de Port-au-Prince, où 33 femmes dont vingt mineures étaient sur le point d'être vendues, selon les...
Commenter cet article