Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Lu sur le net à propos de Stéphanie BALMIR VILLEDROUIN : 'J`ai été indexée injustement ! '

Publié par siel sur 15 Novembre 2017, 10:02am

Catégories : #AYITI ROSE RAKET, #AYITI EXTREME DROITE, #PEUPLE sans mémoire..., #DUVALIER

  Lu sur le net à propos de Stéphanie BALMIR VILLEDROUIN : 'J`ai été indexée injustement ! '

Sak pase moun sila yo rapò sou gagotaj fon petwokaribe a endekse yo? Yon rapò yon komisyon sena a annik distribiye bay “senatè” yo. Senatè yo poko menm diskite rapò a pou konn kisa kap fèt ak li. Se pa moman pou moun ki endekse yo nan voye lèt, nan pale anpil sou kesyon an. Yo dwe tann jijman yo devan lajistis. Alò, nou di sa konsa. Men nou tout konnen kijan jistis la gen anpil kowonpi tou. Jij ki pare pou vann nanm yo pou depane moun ki endekse nan rapò a. Nou konn tout sa posib. Fòk Pèp la kenbe vijilans li pou veye kouman jij yo ap trete kesyon an. E fòk nou pare pou denonse tout jij kap fè paspouki nan pran lajan anba tab.
Mesye Dam, tann lajistis rele nou anvan nou tonbe esplike. Se devan jij pou nou al esplike. Pa gen pèsonn nan piblik la kap kwè anyen nap di nan laprès jounen Jodi a. Se prèske kat (4) milya dola vèt rejim nou te ladann yo gagote pandan Pèp Ayisyen an ap kankannen nan yon mizè san limit. Tout moun ki nan yon pòs kèlkonk nan leta ke rapò a endekse ta dwe demisyone imedyatman si yo pat sanwont, san karaktè, san diyite.
Ayiti bezwen yon netwayaj, yon lavaj anrèg pou debarase l de tout enpirte, tout salte moun ki pa gen moun nan moun yo, san kolòn vètebral, kowonpi, raketè, mafya tout kalite. Fòk nou vreman evalye tout moun pou nou konnen e idantifye kilès ki moun tout bon nan peyi a. Paske gen yon seri moun ki sanble moun men ki pa moun vre. Si yo te moun, li pa tap posib pou gen tout yon Pèp nan mizè demezire sa a pandan yon ti minorite ap viv nan gwo liks ak yon pakèt privilèj.
Ou gen dwa pale, pale w. Men sena a pa kapab fè anyen pou ou. Li pa vo lapèn pou nap ekri sena pou demanti anyen. Sena sèlman genyen pou remèt dosye yo bay lajistis pou lajistis fè chimen li. Nou menm Pèp la chita sou tichèz ba nou pou nou gade degenn jij yo nan dosye sila yo. TOUT MOUN KI POU ANBA KÒD PRAL ANBA KÒD SAN MANK. PA MENM AL ESEYE BAY LAJAN ANBA TAB. TOUT JIJ KI PRAN LAJAN ANBA TAB PRAL ANBA KÒD TOU.

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents