Peyi nou pa “peyi de merde”. Men, pakont, leta a, gouvènman an, palman an, klas dominan reyaksyonè yo, ak politisyen abolotcho se yon ta de merde nan peyi a. Se sak fè yo pa oze louvri dyòl yo pou bay Trump repons li vreman merite a. Jan tinèg lakay la awogan! LE PRESIDENT A PARLÉ, PWEN BAR! Kote li, fout tonnè!
Si se Ayisyen, tap gen konplo kap fèt pasi pala pou fè kò sansinay, pa vre? Bann fout lach! DAN POURI GEN FÒS SOU BANNANN MI! Nap peye lachte nou trè chè tou. Apa Trump ekri lidè Afriken yo pou eksprime “plus profond respect” li. E Ayiti? Moun ki pran peyi a ann otaj yo pa gonfle “ponyèt” yo, montre yo alawotè devan blan an pou bay yon repons konsekan.
Kidonk, yap toujou pran Ayiti pou fè li tounen bwa dan yo jiskaske nou mete do bann ak pakèt enkonpetan sa yo atè nan peyi an nou.
/https%3A%2F%2Fi1.wp.com%2Frezonodwes.com%2Fwp-content%2Fuploads%2F2018%2F01%2Fkagame.jpg%3Ffit%3D634%2C489%26ssl%3D1)
Commenter cet article