Men se vre sa se yon abi fonksyon definitivman. Anplis de sa, li tankou si li pake pati politik yo tankou yon bann ak pakèt tikochon nan yon marekaj de merde ak labou. Konsa, tout moun sila yo sal, e lè sa a, yo paka louvri bouch yo nan denonse koripsyon puiske yo deja sal nan zafè koripsyon an tou. Ositou, li rive fèmen bouch swadizan pati politik de merde yo mwens sa ki refize sibvansyon anpwazonen yo, sètadi MOPOD, Fanmi Lavalas, Pitit Desalin, RDNP. E nou salye sila ki fè ripti ak pati pa yo pou tèt pati sa yo pran lajan an, an palan de Antonio (Don Kato) Cheramy, Jerry Tardieu (Verite), elatriye.
Nou bezwen moun ki gen kolòn vètebral pou montre Pèp la ak lajenès, DIYITE, ENTEGRITE, PIDÈ, ONÈ, AK PRENSIP SE DE VALÈ INIVÈSÈL KI VO PLIS KE LAJAN/RICHÈS PÈSONÈL AK AKIZISYON BYEN MATERYÈL. LENVÈS SE SOUS AK KÒZ TOUT KORIPSYON, TOUT KRIM, TOUT ENJISTIS NAP VIV AN SOSYETE. Se nou k pa egare! Egare devan lajan tankou bann ak pakèt visye/vòlò/granmanjè ki nan direksyon peyi a. Nou temwen de moun kap ranpe sou vant, mache sou 4 pat, koube pa do devan fèy vèt la, se laraj! Yo sitèlman rapas, yo vin pa moun ankò.
Nou bezwen moun nan peyi sa a pou kanpe anfas tout mafya, tout visye, tout vòlò, tout raketè, tout granmanjè kap kraze peyi a ak pèp la pou gonfle pòch yo.
/https%3A%2F%2Fi1.wp.com%2Frezonodwes.com%2Fwp-content%2Fuploads%2F2018%2F01%2FJean_Andre_Victor.jpg%3Ffit%3D446%2C552%26ssl%3D1)
Jovenel Moise accusé " d'abus de fonction " par Jean-André Victor de MOPOD
" Abus de fonction" , encore un autre titre après celui d'inculpé pour blanchiment d'argent, ajouté au passif a f férent du président Jovenel Moise, en déplacement avec une forte délégation...
https://rezonodwes.com/jovenel-moise-accuse-dabus-de-fonction-par-jean-andre-victor-de-mopod/
Commenter cet article