Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Pour ceux, ki pa konnen oswa ki manje manje-bliye, un témoignage éprouvant du fonctionnement des Duvalier (en haïtien)

Publié par siel sur 27 Janvier 2019, 22:17pm

Catégories : #Duvalier, #PEUPLE sans mémoire...

« Yo mande m, kòm grandèt, si mwen rekonèt premye foto sa a epi kisa mwen kapab di sou li. Se foto kandida Louis Déjoie nan Vil Baradè pandan kanpay prezidansyèl 1957 la. Se te yon jou mache. Misye ak delegasyon l lan soti nan Ri Tèt Bèf ; y ap vin parèt sou Kare-Mache, kote nouvo plas la ye kounye a. Gen moun ki di se nan Vil Aken foto a fèt. Se pa vre. Pou m kore sa m di a, m ap pote kèk presizyon sou dekò a.
 
Zèl kay nou wè sou adwat la se kay Rémi Kersaint. Se misye yo di ki te premye bati modèl kay chanmòt twa etaj sa yo nan Baradè nan lanne 1904 pou premye santnè lendepandans Ayiti. Kay nan mitan an (ak tout fenèt fèmen yo) se kay yon dam ki te rele Madan Tarret. Sou agòch la, premye kay an beton nou wè nan fon an, se la Edvin Vincent te abite. Misye te direktè Lekòl Nasyonal Baradè nan epòk la. Se te papa Janboul Vincent : Anpil moun pral konnen l kèk lanne pi ta kòm Pè Jean Marie Vincent (nan dezyèm foto a), ki te vin responsab Mouvman Peyizan Tèt-Ansanm, jouk jou li te tonbe krible anba bal ansasen nan mwa Dawou 1994. Toujou sou lamen gòch, kay an bwa ki anvan kay Direktè Vincent an, se kay Saint-Fort Cadet, ki te papa Doktè Livie Cadet, youn nan pami premye fanm ki te diplome nan Ecole de Médecine an Ayiti.
 
Vizit Louis Déjoie sa a pral gen konsekans grav sou lavi plizyè moun nan Baradè, pami yo yon misye ki te frè-bra papa m. Bon non l se te Dominique Clermont, men tout moun te rele l Bòs Do.

Bòs Do se te yon modèl jenn gason ki chaje ak talan, ki gen ideyal, ki gen konsyans, epi ki pa pè redi travay. Nan tout Komin Baradè pa te gen yon pi bon chapantye pase l. Li te konn bati kay ki pa ret ak kay. Li te gen atelye kote li te fè bèl mèb, bèso, sèkèy. Li te mete yon boulanjri nan lakou l la tou. Anplis li te bon travayè latè. Mete sou tout sa, li te gen yon fanm seryèz ki te kore l e ki tap bay kontwòl. Mwen pa bezwen di nou si afè Bòs Do te bon.

Pandan kanpay elektoral la, patizan Déjoie ki tap prepare vizit li a Baradè te bezwen yon kay ki gen yon pewon byen wo kote kandida a te kapab monte pou li pale ak foul la. Tout notab nan vil la yo te adrese te refize. Finalman se Bòs Do ki te resi dakò prete pwent galri l la, paske se yon vwazen l (Joice Saint-Ange) ki te vin mande l sèvis la. Miting lan pase trè byen.
 
Kèk semenn apre, eleksyon fèt, se Francois Duvalier ki monte kòm prezidan. Tousuit ekip nèg ki pran pouvwa politik la deside fè yon bale-wouze pami lòt lidè ki te nan kous prezidansyèl la. Daniel Fignolé te deja an egzil. Yo fè Louis Déjoie bay peyi a tou. Clément Jumelle te chwazi rete sou plas ; li oblije antre nan mawon. Apre yo fin pase 2 nan frè l yo alenfinitif, li menm tou fini pa pèdi lavi l. Yon fwa yo fin elimine chèf yo, patizan gouvèlman an twouse ponyèt yo pou yo fè fas-kare epi kouri ak yon divida lòt moun yo te konsidere kòm kat-make, paske yo pa te apiye menm kandida ak yo. Se konsa, poutèt miting ki te fèt sou pewon li an, yo vin arete Bòs Do nan Baradè pou Dejwayis. Se sa yo te di; men an reyalite, Bòs Do pa te menm vote Déjoie; se Jumelle ki te enterese l. 

Nan kòmansman lanne 1958 la, yo vin pran l byen ta lannuit, nan lè chanpwèl. Yo mete l anba kòd. Kòm Baradè pa te gen wout-machin, yo mare bout kòd la dèyè yon milèt; yo fè l mache apye soti Baradè pou rive Ansavo (yon distans 16 kilomèt konsa). Apre yon premye entèwogatwa nan Ansavo, yo jete l dèyè yon pikòp, yo bwote l Miragwàn. De Miragwàn, yon lòt machin mennen l nan Penitansye Nasyonal Pòtoprens. Pou fanmi l pa te rive konnen kote li ye epi fè demach pou lage l, yo depeyize l jouk nan Plato Santral. Nan Vil Hench, yo mete l nan travo-fòse. Men yo vin sispèk li kapab sove, ale Nanpanyòl (Sen Domeng) ; alòs yo voye l tounen Pòtoprens, fwa sa a destinasyon Fò-Dimanch.

Tray ak mati Bòs Do sibi nan Fò-Dimanch, pa gen bouch pou pale. Maleng pete sou po l; maladi anpare l; li vin kòmanse mal pou l wè nan je l. Tout fanmi, tout zanmi te fin pèdi espwa. Men apre prèske 18 mwa nan lanfè a, grasa Dye plis chans, yo vin deside « grasye » l. Lè li soti nan prizon, li retounen Baradè. Sèlman tout afè l te tonbe plat atè. Malgre tou, li pa te mache fè ti sousou nan pye pèsonn ; li pa te chèche antre nan okenn vye bann san-manman rache-pwèl ; li te kenbe eskanp figi l ak diyite l. Ak 2 kanson, nan tonbe-leve, li rive fè edikasyon tout pitit li yo. Firamezi timoun yo fini klas yo, youn pa youn yo pati kite Ayiti. Bòs Do ak madanm li tou vin rantre Nouyòk an 1976. Li viv nan Bwouklin jouk li mouri an 2007. Yo antere l nan yon simityè ki rele Cypress Hill.

Mwen te renmen Bòs Do anpil. Li menm tou te trete m tankou pitit gason l. Pandan plizyè lanne, chak fwa mwen te gen chans fè yon kout pye Nouyòk, mwen te ranje pou m al pase yon moman avè l. Se pa yon nonm ki te toujou twò dispoze nan pale anpil ak nenpòt moun. Men mwen aprann tèlman bagay sou lavi a anba bouch li.
 
Gen yon koze Bòs Do te rapote m sou eksperyans li lè yo fèk transfere l Fò-Dimanch. Mwen sèvi ak pawòl sa a prèske mo pou mo an 1978, nan moman mwen tap ekri youn nan pyès mwen yo ki rele “Tezen”. Yo te mennen Bòs Do devan yon otorite pou entèwogatwa. Chèf la dabò mande l : « E ou menm , pou ki kòz ou twouve w isit la ? » Bòs Do reponn : « Kòmandan, mwen pa fè anyen ». Kòmandan an leve kanpe, li fout li yon sèl souflèt, epi li di l : « Animal, tout lòt ki mouri yo, ou konprann yo te fè kichoy ? Li fin twò ta pou ou, men ou te dwe konnen ou pa bezwen koupab pou yon chèf fè kraze w ! »

Alòs, pou moun ki pa konnen oswa ki manje manje-bliye, men sa yo rele diktati, tande. »

Serge Madhere
Pour ceux, ki pa konnen oswa ki manje manje-bliye, un témoignage éprouvant du fonctionnement des Duvalier (en haïtien)

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents