OKAP, 15 FEVRIYE 2019
KOWODINASYON AKAO NAN NÒ
NÒT POU LA PRÈS
Kriz tou louve ki blayi nan peyi a depi ke plan neyo liberal enpoze pa enpeyalis yo nan lane 1980, provoke jodia yon sitiyazyon eskplwoziv. Depi le, klas dominant yo ak enpeyalis yo te pete kouri ak dictate bebi dok, klas domine/eskplwate rantre an rebellion kont lod rejim semi feyodal la e klas dominant yo pa fouti dirije klas defavorize yo tankou avan.
jounen jodia, li kle ke tout kondisyon objektif yo reyini pou yon revolisyon te eklate, men febles mass popile yo nan nivo oganizasyonel ak yon absans yon direksyon proletaryenn ran enposib konkretman yon ranvesman de system sosyal.
Pouvwa phtk ki gen kom maryonet Jovenel Moise kom prezidan agrave mize tout klas esplwate yo e elaji povrete a nan mitan tout klas domine yo. yon dola vo 85 goud ayisien, sale minimum mize fe travaye paka reponn a bezwen yo, la vi che, tout prodwi sou mache se pri dola, pagen swen sante pou malere, pagen dlo potab, majorite timoun paka ale lekol, edikasyon kap bay lekol la se yon enstriksyon pay, profese lekol paka touche nan leta e yon group ap travay san yo pa jwenn nominasyon yo, medsen, enjenye, agrononm, sosyolog, ki fe tout sakrifis pou etidye apre diplom nan chomaj, ti komesan paka jwi rezilta ti bizniz yo aba det pou labank, plan neyo liberal la kraze tout jaden ti peyizan, ata menm zouti travay yo pa gen; sa provoke yon ekzod riral, kote peyizan yo antre nan vil ki pagen kapasite pou resevwa yo.
pandan klas eskplwate/domine yo ap viv nan lanfe sosyal system de mwatye domine pa capitalism mondyal la, nou jwenn yon leta kap:
gaspiye lajan pou depans yon prezidan restavek, yon chanm depite senate rakete,
yon santralizasyon nan avantaj yon birokrasi pouri nan potoprens ki chita sou koripsyon,
yon leta kap louvre frontye peyi a pou prodwi etranje layite pandan yap kontinye detri tout prodwi nasyonal,
yon leta kap garanti monopol yo ti group boujwa kap deside jan lide l di l sou pri prodwi yo,
yon leta kap bay de konpayi boujwa de kontra pou pete fyel popilasyon an kap peye sogener pou bay blakaout ak kob, materyel leta,
yon leta ki louvre vant peyi a pou kite boujwa vinn eskplwate sou sol nou yo e ki pral pote la mize, malady, lanmo, ba sale,
yon leta konplis nan koze spekilasyon kap fet pa boujwa pou kite lavi che vale teren,
yon leta ki gagote de milya dola fon petrokaribe ke pouvwa progresis nan peyi Venezuela bay ayiti pou ede nou soti anba dominasyon peyi enpeyalis yo.
Sa ki pi red la, jovenel pa jennen pou bay pep Venezuela ak prezidan Maduro kout ponya nan do. Vot jovenel kont Maduro 9 janvye a se yon afron a vale moral ke zanzet nou yo tankou Dessalines kite pou nou kom eritaj.
Sitiyasyon sa montre a kle; menm si politisyen ti boujwa yo ap redwi lit la sou baz SEKTE SESI, SEKTE SELA, KOMINOTE ENTENASYONAL KI AN FET SE 7 PEYI ENPEYALIS, SEKTE PRIVE, SEKTE PEYIZAN, SEKTE DEMOKRATIK, se 2 klas ki fas a fas nan yon lage ou lit de klas. men febles mass yo anko yon lot fwa, pemet opotinis yo ak popilis lage anpil konfisyon. yap pare pou Mennen nou nan tranzisyon pou regle zafe eleksyon oryente nan avantaj de klan. yap pare pou yon anvayi minister yo pou kontinye piye kes leta pou tet yo ak fanmiy yo. yap pare pou kontinye mare sosis yo ak klas dominant nan ranpe devan anbasad enpeyalis yo.
se pou sa, AKAO nan no ap mande pou mass yo kontinye mande pou jovenel kite pouvwa a
pou yon tranzisyon eksekite yon plan ekonomik sou yon dire a mwayen term nan kad yon LETA DEZANTRALIZE POUKI:
AJISTE SALE TOUT TRAVAYE PA RAPO DOLA MERIKEN
OGMANTE SALE MINIMUM POU TOUT TRAVAYE
VOYE JETE TOUT KONTRA AK KONPAYI BOUJWA MAFYE KAP APOVRI
LETA
PRAN DISPOZISYON POU AMELIORE KONDISYON LAVI MOUN
MENNEN YON POLITIK POU RELANSE PRODISYON NASYONAL LA
METE SOU PYE YON TRIBINAL EPSEPSYONEL POU JIJE TOUT AKIZE SOU KOB PETRO KARIBE A
LAVE LA WONT VOT 9 JANVYE KONT MADURO A
REFE KONSTISYON AN SOU BAZ YON DEBA NASYONAL
METE AKOTE PALMAN SANSU A
METE SOU PYE YON POUVWA REPREZANTATIF PA DEPATMAN
OGANIZE ELEKSYON NAN 5 KAN.
AKAO NAN NO KWE SE SEL YON MOUVMAN DEMOKRATIK POPILE ANBA DIREKSYON KLAS OUVRIYE AK TRAVAYE YO KOM POTO MITAN KAP RETIRE PEYI A NAN TROU.
POU AKAO NÒ STANLEY,JEAN-MARY (DOUDY)
Commenter cet article