Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Nòt Pati RASIN Kan Pèp La, pou make 50yèm anivèsè masak rejim diktati makout la te fè sou popilasyon Kazal la, nan lane 1969.

Publié par siel sur 27 Mars 2019, 21:38pm

Catégories : #AYITI ACTUALITES, #AYITI EXTREME DROITE, #DUVALIER, #PEUPLE sans mémoire...

Rasanbleman Sosyalis pou yon Inisyativ Nasyonal tou Nèf

Pati RASIN Kan Pèp La
Tel :(509)3837-1899, 3760-0443, E-mail :kanpepati@yahoo.fr

Nòt Pati RASIN Kan Pèp La, pou make 50yèm anivèsè masak rejim diktati makout la te fè sou popilasyon Kazal la, nan lane 1969.

Pou memwa ak pou listwa, Pati RASIN Kan Pèp La vin raple soti 27 mas rive 15 avril 1969, rejim diktati makout Divalye a te ansasinen yon pakèt moun nan popilasyon Kazal la. Pami yo, te genyen 9 militan PUCH1 (Nefort Victomé, Jérémie Eliazar, Max Belneau, Willy Joseph, Lamare St Germain, Alix Lamaute2, Roger Méhu) ki te tabli nan bouk la. Yo t ap denonse abi ak enjistis makout yo t ap fè kont popilasyon an e yo t ap fè yon travay fòmasyon politik nan rejyon an. Pou nou reviv trajedi sa a, pati a vin raple 2 ensidan ki te rive jis anvan masak la

  1. Premye evènman an rive nan okazyon yon ogmantasyon gwo ponyèt taks sou kat mache pèseptè kontribisyon nan zòn lan te fè kont peyizan yo.

    An jeneral, pèseptè kontribisyon nan bouk la te konn touche 50 santim pou chak kabrit ak kochon peyizan yo vann nan mache a. Brid sou kou, pèseptè a ogmante lajan kat moun dwe peye pou bèt k ap vann yo. Se konsa, yon jou gen yon ti peyizan ki vann yon ti kochon pou 12 goud, pèseptè a egzije l peye 6 goud kòm taks. Zak sa a, revòlte popilasyon an, espesyalman 9 militan manm PUCH yo. Pèseptè a menase pou l arete yo mete yo nan prizon.

  2. Dezyèm evènman an rive sou baz konfli sou kantite jou peyizan yo kapab itilize dlo larivyè a pou wouze jaden yo.

    Peyizan yo te gen dwa jwenn dlo ki sòti nan rivyè a 2 jou sou 7 ki gen nan semèn lan pou wouze jaden yo. Alòske, makout yo tabli pwòp lwa yo, nenpòt moun ki pran dlo nan rivyè a pou wouze jaden yo, plis pase 2 jou, y ap arete yo, bat yo, epi y ap peye amand 50 goud. Pandan rès 5 jou yo se sèl grandon Kabarè ki gen dwa sèvi ak rivyè a pou wouze jaden.

1 Parti Unifié des Communistes Haïtiens

2 Alix Lamaute te fèt nan dat 25 jiyè 1941. Se te yon briyan ekonomis ak sosyològ ki te etidye nan peyi Almay (Fribourg). Li retounen an Ayiti an 1967 e li te gen reskonsabilite enplante yon selil Kazal ak Roger Méhu ak lòt militan tankou Lamarre St Germain ki te moun zòn lan. Alix te yon powèt e yon militan displine. Li te fonksyone Kazal sou non Lionel Camaz. Li kite pou nou yon travay enpòtan sou boujwazi ayisyèn lan “La bourgeoisie haïtienne: une entité controversée”

 
 
 
 

Se konsa, gen yon peyizan makout yo kondane paske li pran dlo pou wouze jaden l pandan 5 jou ki rezève pou grandon yo. Lapolis nan zòn lan resevwa lòd pou arete ti peyizan an, mennen l nan kazèn Kabarè. Sa w tande a, 9 militan manm PUCH yo endiye, yo anvayi kazèn makout la, yo desann drapo nwa e wouj Divalye a, epi yo monte drapo ble e wouj la. Sa pase 27 mas 1969. Divalye reyaji rapid epi brital. Li voye chache 500 militè ak makout nan Gonayiv, Plato Santral, Akayè, Sodo ak Pòtoprens pou anvayi Kazal. Masak la kòmanse avèk dife yo mete nan plizyè dizèn kay. Yo arete, yo bat epi fizye plizyè dizèn moun. 9 Militan yo gaye nan mòn yo. Makout ak militè yo touye 2 nan militan yo epi koupe kò yo an moso. Alix Lamaute avèk Lamare St Germain monte sou tèt mòn Tiso, kote yo defann tèt yo ak anpil kouraj e yo mouri zam alamen3. Konbatan PUCH yo reziste pandan 15 jou malgre tout fòs diktati a te deplwaye. Gen anpil makout ak militè ki mouri pandan batay la. Dapre yon dokiman PUCH pibliye4 te genyen 14 revolisyonè ki tonbe nan batay e yo arete 17 blese. Nou pa janm konnen ki kote blese yo pase. Militè ak makout yo koupe tèt Alix Lamaute ak Lamare St Germain pote bay Divalye. Se konsa, soti 27 mas pou rive 15 avril 1969, makout ak militè yo egzekite anviwon 30 moun anba pye kenèp ki bò rivyè a. Yo arete plizyè dizèn moun mete nan prizon, gen plizyè dizèn lòt moun ki disparèt. Kriminèl yo vyole anpil fanm e yo ansasinen ti bebe tankou vye granmoun.

N ap site pawòl Sekretè Jeneral RASIN te ekri nan lane 2009:

« Comment ne pas apprécier ces jeunes intellectuels des deux sexes issus pour la plupart de familles aisées, qui ont abandonné leurs études universitaires soit en Haïti soit à l’étranger pour épouser la cause révolutionnaire ? Comment ne pas honorer les vaillants membres de la petite paysannerie, du prolétariat et d’autres couches populaires qui ont compris que seul le socialisme peut garantir l’avenir digne du peuple en intégrant le rang révolutionnaire ? Ils ont su affronter les sicaires militaires et macoutes haïtiens entraînés et armés par l’impérialisme américain malgré leur faiblesse numérique et leur manque d’armement. Pour protéger leurs intérêts et corollairement, ceux de la bourgeoisie compradore et des grands dons, les puissances du capital ne lésinent pas sur les moyens même en engraissant les régimes les plus féroces comme celui de François Duvalier. Leur valeur personnelle mérite non seulement notre admiration, mais aussi doit être une

3 Gen plizyè temwayaj ki rakonte Alix Lamaute tiye tèt li lè li wè makout yo te rive ansèkle li

4 PUCH pibliye yon dokiman enpòtan ki rele : “Haiti sous Duvalier: Terrorisme d’Etat et visages de la résistance nationale »

 

source de réflexion pour l’avancement des luttes de classe et le renversement des rapports de force en faveur de la grande majorité de la population »5

Se konsa, Kazal peye byen chè, lit pitit li yo t ap mennen kont diktati Divalye a. 50 lane aprè, Kazal pa janm jwenn jistis ak reparasyon pou krim san parèy sa yo ki te fèt kont popilasyon an.

Pou make 50èm anivèsè masak diktati makout Divalye a te fè nan peyi a pandan lane 1969 la, Pati RASIN Kan Pèp la ap òganize yon seri aktivite soti 31 me pou rive 9 jen 2019 la. Pou nou pa manje manje bliye e pou nou konstwi avni a sou fòs ak enèji bèl ekzanp batay ak diyite kanmarad ki t ap goumen anvan nou.

Onè respè pou militan kominis ki bay lavi yo pou defann libète ak dwa peyizan eksplwate yo. Kanmarad ki mouri Kazal yo se senbòl batay nou pa dwe janm bliye.

Marc-Arthur Fils-Aimé Camille Chalmers Sekretè jeneral Potpawòl

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents