Pouki Espas Kreyòl ap onore Maurice Sixto (Mòy) pou tout 2019 la? Maurice Sixto fèt an 1919. 23 Me fè l santan. Men se pa poutèt sa Espas Kreyòl vle chita sou Maurice pandan tout 2019 la.
An 1975, Franketienne mete Dezafi deyò. Se on liv, on istwa. Premye woman ayisyen an Kreyòl. An 1975, Maurice Sixto mete Leya Kokoye deyò. Se on plak, on istwa. Anpil anpil moun rele Ayibobo pou Sixto ak Franketienne.
Dezafi se istwa Siltana ak zonbi Klodonis nan lakou lakay Ougan Sentil. Siltana bay Klodonis goute sèl, sèl lanmou, sèl libète. Zonbi goute sèl, li pa mande rete.
Leya Kokoye se istwa yon ti malerèz ki pase lekòl, ki fè klas, ki gen diplòm. Men li rive nan yon kafou barikad. Li pa sa kontinye vanse. Li pa sa vire adwat. Li pa sa vire agoch. Sèl sa li kapab fè se kase tèt tounen nan yon peyi mi wo mi ba. Ni Dezafi, ni Leya Kokoye, toulede te brase bil yon diktati bout di ki te met pye sou kou pèp la. Men Dezafi se pawòl ekri, nan yon peyi, alepòk, ki te gen 70% a 75% moun ki pa t konn ni li ni ekri. Diktati a fèmen je sou Dezafi. Kanta pou Leya Kokoye, minis enteryè a Paul Blanchet te di se ra se ta, li te met opozisyon. Li bay lòd pou yo sezi dènye plak Leya Kokoye depi ladwann. Leya Kokoye se pawòl pale. Kreyòl pale kreyòl konprann. Pawòl Leya yo pa t gendwa tonbe nan zorèy pèp la pou y al mache nan san l, monte nan tet li .
Apre Leya Kokoye, M Sixto rakonte n yon flonn istwa sou plak, pou li pale ak nou (lagè avèti pa touye kokobe), pou li pale nou.
Jiskaprezan li kontinye ban n istwa. Iyapafwa se li ki rele n vin rasanble pou nou koute. Gendelè se nou ki rele l nan govi. Gendelè menm pandan n chita ansanm n ap koze, li rantre nan mitan n, li rale yon dodin, Li chita. Li tonbe rakonte sa l wè, sa l tande. Istwa li yo fè nou ri, yo fè n kriye, yo fè n kalkile, fè n plenn nan kè, fè san bouyi nan venn nou, fè n anvi leve kanpe pou n di sètase! Men pouki sa Espas Kreyòl vle chita sou Maurice pandan tout 2019 la! Kòm ane sa a fè Maurice santan, se yon bon okazyon pou tout Ayisyen wete chapo devan l... jodi a se fèt Mòy, s on bon jou pou n di Maurice nou gen l anpil rekonesans pou tou sa li fè pou pèp ayisyen... S on bon jou pou n kalkile sa Mòy di n depi nan Leya Kokoye:
“Mm, a, li pa bon non. S'on lavanj jilèt n ap gen pou n pran paske depi m piti m pa janm wè moun plante pwa epi pou pran panyen pou al fè rekòt diri. M pa janm wè sa. Aaa sa ap gate wi, labouyi ap gate, dlo ap pase nan farin wi, se va chape kò, sa ka gen tan wi. Inosan ap peye pou koupab piske nanpwen omlèt san kase ze.”
Bòn fèt, Mòy, bòn fèt!
Voir aussi ici le livre paru sur la vie et les oeuvres de M. Sixto.
/https%3A%2F%2Fi.ytimg.com%2Fvi%2FSWbXM9uf20k%2Fhqdefault.jpg)
Commenter cet article