Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


HAITI/ECONOMIE. Roudy Stanley Penn : Batay politik la pa politik ! - Le combat politique n'est pas politique ( en ayisyen)

Publié par siel sur 19 Septembre 2019, 21:14pm

Catégories : #AYITI ECONOMIE, #AYITI EXTREME DROITE, #PEUPLE sans mémoire...

Pouki tout kache men voye wòch sa yo mezanmi ? Batay politik la pa politik. Batay la ekonomik. Anpil aktè politik ki viktim deja de sistèm sa a, fè chwa – pou koupe depandans lan, mennen batay politik la pou yo ka asire aryè yo ekonomikman, paske yo rann yo kont, yo mèt plede fè politik, pale nan radyo, ekri bèl liv – anfendkont, se nan salon nèg ki gen kòb yo y-al resevwa lòd.

 

Anpil, depi nan fen lane 90 yo, deside fè politik pou pataje gato ekonomik lan. 

Yon bann nan jenerasyon moun sa yo – gen gwo dan kont Rene Preval. Se pou sa menm kant yo tal nan antèman l – men se pa yo ki tap kriye pou mò a. Yo kategorize Préval kòm tiboujwa kap kamoufle nèg nwè, paske tout avantaj (ekonomik) yo se yon ti ponyen byen patikilye li te bay yo. Pandan rejim Preval la, misye kadnase yon bò nan Leta a bay yon pati nan sektè prive a. Kanta ti nèg nwè ki te bò kote l yo, misye te itilize yo pou voye imaj ke pouvwa l la pa gen fòs kote, pa gen koripsyon. Kondisyon yo pa vrèman chanje, sinon de chanm kay nan yon bon katye yo ka genyen. 

Preval te fè chwa l. Lojik pa l : olye l distribiye richès la nan pèmèt nouvo aktè ekonomik rantre sou mache a, li alye l ak yon ti sektè nan boujwazi a. Preval te pran nan konplo kout janm nan. Yon estrateji ti mesye po klè yo ap itilize lontan nan istwa politik peyi a, paske yo konnen tinèg renmen grimèl. Grimèl pa konn lèd – selon sa m konn tande.

Aristid pa kont, malgre tout erè l, te diferan de Preval lè n konsidere l te fasilite kèk moun nan klas mwayèn nan 2, 3 gwo pwojè finansye (UNIBANK pa ekzanp).

Mesyedam kap fè politik yo – sa fè lontan -, anpil nan yo deside fè politik la yon lòt jan. Nèg sektè ekonomik tradisyonèl yo fini pa konprann tijwèt anba anba ti mesyedam politik yo ap jwe a. Yo reyajiste jwèt la. Politisyen antreprenè yo fèb toujou politikman. Ann al eseye konprann koman laboujwazi a fonksyone nan jwèt politik la.

Gen yon pati nan yo, ki te fè move plasman nan eleksyon 2010 yo – sa ki vle di yo “pedi”. Yo antre otomatikman nan opozisyon. Yap finanse mesye dam kap fè manifestasyon tout jounen yo. Mobilizasyon yap finanse yo, se pou garanti gwo kontra yo gen ak Leta. Kapote rejim ki la a kap tante remete an kesyon kontra sa yo – pou mete ekip pa yo ki pral kase fèy kouvri sa.

La suite dans le lien

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents