Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


HAÏTI/MACOUTES/ZENGLENDO/FRAHP/TET KALE. Yon jounen kochma devan zak banditis eskadwon lanmò Palè Nasyonal yo !

Publié par siel sur 20 Octobre 2019, 12:47pm

Catégories : #AYITI ROSE RAKET, #AYITI EXTREME DROITE, #AYITI ECONOMIE, #PEUPLE sans mémoire..., #DUVALIER

Mwen salye Laprès an jeneral, 

Mwen se Jean Bernard MARCELIN m ap travay nan CE-JILAP kòm Reskonsab Obsèvasyon ak Refleksyon, mwen voye pou nou yon nòt mwen fè sòti sou sa ki te rive sou Channmas la jou ki te mèkredi 16 oktòb 2019 la.
 
Jean Bernard 
assassinat d'un militant par les miliciens du Palais national: l'USGPN.

assassinat d'un militant par les miliciens du Palais national: l'USGPN.

Yon jounen kochma devan zak banditis eskadwon lanmò Palè Nasyonal yo !

Li te 8 tè 20 minit konsa nan maten lè mwen kite lakay mwen nan komin Kafou pou m ale nan biwo m ki nan perimèt zòn Channmas la. Mwen sòti nan lè sa a, paske mwen t ap koute radyo yon mannyè pou m konnen si m ka pran lari a, men sitou, pou m konnen si deja genyen machin sou wout la ki prale lavil (Pòtoprens). Mwen desann sou wout nasyonla # 2 a mwen pran yon ti bis ki asire transpò Kafou-Sant Vil menm jan mwen abitye fè nan tan nòmal.

Anpil moun konnen, depi kèk tan, trajè yon moun k ap sòti Kafou pou ale lavil (Pòtoprens) se pa yon ti egzèsis ki fasil. Lè ti bis la rive nan kafou twa (3) ki mare ansanm : boulva Jean-Jacques Dessalines, boulva Harry Truman ak ri sent Bernadette la, ti bis la pase sou boulva Jean-Jacques Dessalines lan pito. Lè bis la rive nan zòn 5èm avni bòlòs tou prè mache kote yo vann fig la sou bò goch mwen wè atè a de (2) kadav moun ki fin boule depi anviwon (2) jou. Ti bis la kontinye wout li, lè li rive nan kafou premye avni bòlòs mwen wè yon 3zyèm kadav ki vlope anba yon dra blan.

Ti bis la mete m nan ri pave a, kòm pa t gen ti kamyonèt ki t ap monte Kanapevè men ki toujou pase sou Channmas la, mwen deside monte nan ri pave a a pye. Sou tout wout la, mwen konstate machin ak motosiklèt youn k ap bat pou pran devan lòt paske yo prese. Mwen rive nan biwo a, mwen konstate majorite kòlèg yo pa t vini akòz lari bò lakay yo te kapab pa t pèmèt yo vini. Mwen vle di tou, ant 8 tè 20 mwen te sòti lakay mwen an ak lè mwen rive nan biwo a li te gentan 10 zè 30 yo konsa nan maten. Mwen rete anndan an pandan yon 120 minit konsa yon mannyè pou m gade kijan zòn Channmas la ye anvan menm mwen retounen lakay mwen.

Kèk minit aprè, bò zòn 1 nè nan apre midi konsa mwen sòti deyò a mwen mete tèt mwen bò plas Dessalines nan, lè mwen rive sou plas la mwen wè yon anbyans mizikal ak yon gwo foul moun kote majorite ladan yo te abiye ak koulè nwa ak blan, se lè sa a mwen konstate te gen yon antèman ki ta pral chante sou plas la. Mwen te wè plizyè jounalis ayisyen ak jounalis etranje ki te la tou. Mwen chita sou yon ti bout mi prèske pou kont mwen yon mannyè pou m obsève sa k ap fèt sou plas la.

Bridsoukou, mwen tande anpil bri bal k ap tire nan direksyon plas Pétion an. Lamenm genyen yon animatè ki pran mikwo a pou di moun yo pa kouri, men kout bal yo tèlman t ap tire dri, boutpoubout, mwen vin pa tande animatè a ankò. Pandan tan sa a, sèl grenn reflèks mwen te genyen se lage kò m anba ti bout mi mwen te chita a epi mwen kouche sou vant. Pandan mwen atè a mwen tèlman tande bri bal, gen yon moman ki rive, mwen te anvi leve kouri menm jan anpil lòt moun te fè. Men mwen te deside rete kouche atè a. Mwen konstate pandan mwen atè a te gen de (2) lòt moun ki te kouche tou prè m nan pami yo yon jounalis ki te vin kouri aprè. Mwen kouche sou vant mwen alonje tout kò m epi mwen mete tèt mwen sou manton m (babin mwen) nan zèb la. Mwen vin tande rafal bal yo pi pre m, nan tèt mwen mwen di yo bò kote m nan kounye a.

Jan sa t ap pase nan tèt mwen an, senk (5) oubyen sis (6) ajan USGPN lage kò yo atè sou ti bit kote mwenkouche a, se kòmsi se te yon tranbleman tè, kote m nan souke... Ajan USGPN yo di nou leve ak yon ton ki depase konpreyansyon m. Yo pwente bouch zam yo sou mwen pandan yo tout ansanm ap poze m kesyon, nan moman an mwen pa konnen sa k ap pase dèyè m nan. Mwen leve atè a, mwen leve de (2)

HAÏTI/MACOUTES/ZENGLENDO/FRAHP/TET KALE. Yon jounen kochma devan zak banditis eskadwon lanmò Palè Nasyonal yo !

men mwen anlè epi m ap avanse sou sa ki rele m nan, yo tout ap pale ansanm, kòmsi mwen tande yo mande m kijan mwen rele ? Mwen di yo plizyè fwa, mwen rele : Jean Bernard MARCELIN.

Lè mwen rive sou youn li pran m nan kòlèt epi li mande m : kisa ou t ap fè sou Channmas la ? mwen prankèk segond epi mwen di l biwo m se sou Channmas la li ye... Yon lòt nan mitan yo mande m : ki biwo sa a ? Mwen di yo m ap travay pou Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè. Yo pran m yo mete m nan mitan yo, pandan tout ap poze m kesyon ansanm. Youn ladan yo di m chita la a... Pandan tan sa a, jounalis yo ki t ap filme sèn nan, di m konsa : ou pa bezwen pè, kamera laprès la a... Mwen fè kèk segond chita atè a, pandan m ap ri aksyon ki sot pase a. Mwen leve pou m pale ak yon ajan USGPN ki sanble yon pèsonaj se li menm sèl ki pa t gen kagoul nan tèt li. Men rès ajan USGPN yo pran direksyon plas Christophe pou kontinye zak banditis yo a. Lè mwen fin pale ak youn nan ajan eskadwon lanmò yo, mwen mete tèt sou plas Konstitisyon an paske mwen ta pral pase regle yon bagay Tijo. Lè m ap pase sou plas la, mwen konstate anpil moun ki pran bal : genyen se nan se nan pye, genyen se nan do, genyen se nan vant. Mwen te wè youn y ap mete sou yon moto, men pye l kraze ak bal. Mwen kontinye wout mwen, men fòk mwen di : sitiyasyon an te vrèman difisil, menm pou moun ki t ap viv li li pa t fasil pou te konprann li.

Mwen se yon sitwayen k ap viv nan peyi m, yon sitwayen ki peye taks malgre sitiyasyon koripsyon ki gaye nan tout peyi a ak nan bwat Leta a an patikilye. Poutan, mwen pa ka di tèt mwen mwen pral pran yon ti repo sou yon plas piblik. Pa paske pwoblèm ensekirite jeneralize ki genyen nan tout peyi a, men paske tou senpleman m ap jwenn yon gad prezidansyèl ki konvèti tèt li an eskadwon lanmò k ap vin tire sou mwen. Mete sou sa, anpil moun kapab konstate depi kèk tan ajan USGPN yo ap fè patwouy nan tout lari a. Pafwa yo nan machin ki gen plak Palè Nasyonal, pafwa yo nan machin san plak. Pandan de (2) dènye mwa sa yo, prezans yo ranfòse sou teren an.

Lè mwen konsidere pawòl yon ansyen kòmandan an chèf lapolis la ki se Mario ANDRESOL ki toujou di :

sou prezidans René PREVAL menm nan epòk kanaval ajan USGPN yo pa t otorize pou sòti deyò griy Palè Nasyonal la. Si pou sa ta fèt, fòk se ki pou bay kòmandan an chèf Palè a yon otorizasyon espesyal, se sèlman konsa ou te kapab jwenn kèk ajan USGPN deyò griy Palè a. Nan sans sa a, mwen ta renmen konnen, èske prensip sa a elimine nan lapolis la ? Mwen ta renmen konnen, poukisa ajan USGPN yo vin tire sou moun sou Channmas la ? alòske jeneralman anpil moun ki vin chita sou Channmas la se moun kita sipoze pa gen zam sou yo... Ki kote ajan USGPN yo jwenn otorizasyon pou vin tire moun sou Channmas la ? Poukisa se jounen 16 oktòb 2019 la ajan USGPN yo chwazi vin fè zak banditis sa a sou popilasyon an, alòke yo te sanse konnen t ap genyen yon aktivite sou Channmas la ?

Mwen vle raple tout moun, jou 16 oktòb 2019 sa a fè yon (1) mwa jou pou jou depi lapolis nan komin Kafou te tire ak bal Vladimir FEDE yon jèn gason ki te gen tout kouraj li sou li. Mwen vle mande otorite nan peyi a, èske genyen yon volonte eksprès pou fè yon masak jeneralize nan tout peyi a sou popilasyon sivil la ? Sitou lè n ap konstate kantite moun k ap tonbe nan dènye mwa sa yo.

Nan sans sa a, mwen vle raple prezidan Jovelen MOISE genyen yon pakèt chèf Leta sou kontinan Afrik la ki te fè oubyen ankouraje masak ak jenosid sou pwòp pèp yo nan konplisite ak kèk peyi ki rele tèt yo gran pwisans, men chèf Leta sa yo pa janm rive chape anba sanksyon Lakou Penal Entènasyonal pou krim yo te fè sou moun (crime contre l’humanité). Mwen vle di tou, nan moman glwa yon chèf Leta : li genyen fòs represif yo avèk li, li genyen kès Leta a nan men li, li genyen aparèy diplomatik peyi a nan men li, brèf li tou pwisan. Sepandan, nan moman li pa chèf Leta ankò, nenpòt ki kantite tan sa ta ka pran paske li pa la pou toutan, tout bagay sa yo ki te nan dispozisyon l lan kapab retounen kont li menm. Se yon enperatif pou yon chèf Leta byen travay pou pèp li, e lè sa a, se pa chèf Leta a k ap rakonte sa li te fè, men pito zèv li, travay li ki pral pale pou li.

Jounen jodi a peyi a rive rive nan yon kafou kote moun yo pa kapab ankò, twòp san moun koule. San moun koule ak nèg ki gen zam nan yo k ap simaye dèy nan mitan popilasyon an, san moun koule ak yon chèf Leta kote majorite popilasyon an revoke manda yo te ba li a, men ki chwazi chimen represyon yon mannyè pou li fè kèk jou anplis. Men sa ki pi di a, se paske se lapolis la ki ta sipoze yon fòs lòd, paske se ak lajan taks sitwayen ak sitwayèn yo ki fè li kabab egziste, poutan ou jwenn yon chèf Leta k ap itilize enstitisyon sa a pou fè represyon pou li. Bagay sa a pa gen okenn sans. Nan yon moman kote sosyete sivil nan anpil peyi ap reflechi sou vrè wòl lapolis nan yon sosyete sivilize.

Mwen vle fini pou m di, yè mèkredi 16 oktòb 2019 la, Channmas la te yon veritab kochma ak eskadwon lanmò Palè Nasyonal yo. Mwen voye senpati m bay tout moun ak fanmi moun ki viktim zak banditis sa a. mwen swete yon jou sosyete a ap pran konsyans pou l konprann peyi a pa kapab kontinye ap fonksyone ak yon Leta lenglensou, yon Leta vanpi, yon Leta malfektè, yon Leta sansi, yon Leta asasen, yon Leta lougawou kote sèl objektif Leta sa a se bwè san popilasyon an.

Ak tout moun ki kwè nou kapab konstui yon lòt Leta pou byennèt pèp ayisyen an chapo ba pou nou !!!

Jean Bernard MARCELIN, Sitwayen angaje

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents