Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


HAÏTI/ PRISON et théâtre

Publié par siel sur 6 Février 2020, 00:50am

Catégories : #AYITI ACTUALITES, #CULTURE

Yon jou swa nan lane 2009, Fabiola Rémy ansanm ak yon zanmi l t ap soti nan ri Sen Maten pou yo al lakay yo, Pòtay Sen Jozèf. Nan wout, yo kontre ak mari zanmi an, Junior Saint Hilaire. Misye joure medam yo, ba yo kou epi l te menm rive pike Fabiola Rémy nan ponyèt ak yon kouto. Apre ensidan sa a, Fabiola Rémy deside pote plent pou agresè li nan yon ti pòs polis ki nan Avyasyon an. 

Polisye yo te deklare l yo pa gen gaz, epi yo pa fè okenn dosye. Yo te konseye l tounen demen pou l vin fè manda. Men lè l rive bò lakay li apre sa, li jwenn Junior Saint Hilaire ak tout patizan l k ap ret tann li. Yo te anviwon sis. Yo plonje sou li, ba li kou, akize l se li ki toujou ap vin rele chèf sou katye a depi gen yon bagay ki rive.

Nan goumen, Fabiola Rémy rive blese Junior Saint Hilaire ak yon moso boutèy epi chape poul li. Kounyea la, menm chèf lè l t al fè depozisyon yo, se yo menm ankò ki tounen al kenbe l. Nan demen maten, li aprann Saint Hilaire mouri lopital jeneral. Apre ensidan sa a, patizan misye yo chache touye Fabiola Rémy lè polisye yo t ap soti ak li pakè pou al mete l nan prizon Petyonvil la.

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents