Nan jou ki te 16 jen 2020 an gouvèman Moise-Joseph lan soti yon dekrè sou mezon transfè yo ladan li di enstitisyon sa yo dwe ba moun ki ap resevwa yo lajan an nan monè Bank Santral fikse pou sa.
Nan moman dekrè sa te soti a, dènye sikilè bank santral te fè soti a « Circulaire No 114» la di bank yo ak mezon transfè yo dwe peye lajan an nan monè ke ekspeditè a endike a. Pou mwen BRH te pral raple desizyon sa opwen m t ap mande tèt mwen pouki yo pa tou di yon mo pou katdekredi yo paske depi lè desizyon pou anile tantativ dedolarizyon ekonomi an, fonksyonman kat yo pa tounen jan l te ye a. Se achte n ap achte dola nan men bank yo menm si n gen dola nan men nou.
Se te byen konte mal kalkile ! BRH soti yon lòt sikilè « CIRCULAIRE No 114-1 » ki fè anpil plenyen ak pale anpil.
Nan sikilè sa BRH mande pou yo bay moun k ap resevwa transfè « kach » lajan an goud sofsi li resevwa transfè a sou kont labank li.
Gen anpil moun ki panse si yo al nan biwo transfè ki nan bank yo, pran lajan an epi depoze l sou kont yo bank lan ap ba yo li an dola men se pa vre. Li pi grav toujou. Sèl jan pou w resevwa dola se si transfè a fèt pou lajan an al sou kont ou dirèkteman. Poukisa desizyon sa fè tout pale anpil sa yo ? Ki konsekans li ka genyen ?
Rezon ki lakoz desizyon sa deranje
Desizyon sa bay pwoblèm pou anpil rezon men pi gwo pwoblèm lan dapre mwen menm se BRH ki voye dlo a epi l chwazi mouye yon sèl kategori moun. Pou jan transfè lajan enpòtan nan ede kenbe yon minimòm lavi nan peyi a, sa dwòl ke menm chèf ki pa ka bay rapò sou 1 dola 50 dyaspora a alèz pou kontinye pran ladan pandan yo pa ofri moun ki depann de transfè yo anyen pou amelyore lavi yo.
Transfè lajan dyaspora a reprezante ekivalan anviwon 33% richès ki kreye nan ekonomi an. Pou lane 2019 lan li te 3 milya dola. Se anpil lajan Dyaspora a rive voye Ayiti. Men se pa kòmsi se paske lajan fasil pou dyaspora yo fè pase sa. Anpil moun ki voye lajan yo pa moun ki pi rich yo. Moun ki pi rich yo pa toujou gen pwòch ki nan nesesite transfè toutan. Se moun k ap travay di anpil pou ede fanmi yo ke yo twouve ki nan nesesite. Chak santim lajan dyaspora yo voye konte ni pou yo ni pou moun y ap ede yo nan yon peyi kote mwatye popilasyon an klase kòm moun ki ap viv nan povrete alòske pri tout pwodui ap monte tèt nèg chak jou.
Peyi a dolarize anpil. Nan dènye lane yo gen plis lajan sere an dola ke an goud. Pri kay ki gen ti konfò yo se an dola, pri kèk lekòl se an dola, pri anpil restoran ki plizoumwen yo se an dola, magazen yo se an dola majorite nan yo fikse pri yo. Apre mache ak boutik ou pa souvan jwenn magazen ki pa pre mache vann an goud. Anplis de sa, chak enstitisyon sa yo fikse todijou pa yo pou dola. Menm lè mèt magazen yo mete pri yo an goud, se toujou ak yon to ki egzajere yo kalkile l pou yo ka fè ase lajan lè yo pral retounen achte machandiz.
Konsomatè avize yo reyalize vit ke se yo ki toujou pèdi chak fwa y al achte, yo pito peye an dola. Sa vin ogmante depandans a dola a, ogmante demand pou dola a men pou moun yo se pi bon opsyon an sinon yo ap pèdi. Lajan dyaspora a voye nan tansfè ede fanmi yo sere ti dola pou peye frè epi fè depans ki an dola yo.
BRH penalize konsomatè yo. Li pa deranje bank ak mezon transfè yo
BRH pa fikse todchanj paske nou nan yon rejim todchanj flotan kote BRH pa entèvni pou fikse to a. Se sa n te toujou konnen. Se sa BRH te toujou repete sof ke lè BRH deside se pou mezon transfè yo bay lajan an nan to li a ki se yon to referans senpman, li soti fikse to a kounya. Sofke li fikse sèlman pou moun ki pral resevwa yo li pa fikse li pou bank ak mezon transfè ki ap vann yo ni enstitisyon ki fikse pri yo an dola. Si l ap fikse to, li fikse li pou tou de bò yo pou evite abi paske gen kote ki met to pa yo a wo anpil.
La suite dans le lien.
/https%3A%2F%2Fayibopost.com%2Fwp-content%2Fuploads%2F2020%2F06%2Fcollage-4-scaled-600x450.jpg%23width%3D600%26height%3D450)
OP-ED: Pèman transfè an goud : BRH favorize mezon transfè yo. Fanmi yo soti pèdan.
BRH penalize konsomatè yo. Li pa deranje bank ak mezon transfè yo Nan jou ki te 16 jen 2020 an gouvèman Moise-Joseph lan soti yon dekrè sou mezon transfè yo ladan li di enstitisyon sa yo dwe b...
https://ayibopost.com/op-ed-peman-transfe-an-goud-brh-favorize-mezon-transfe-yo-fanmi-yo-soti-pedan/
Commenter cet article