AK KISA W SOTI
.
Ou te di si w rantre ak ide pa w
W ap soti ak ide papa w
Ke w t ap venere tankou apredye
Devan tab pouvwa l nanm ou te pandye
...
Men anndan sèvo w pa t janm gen ide
Kòm eskanmòtè ou konn ap ranse
Radote chak jou pou fè divèsyon
Pase nan betiz pèp yon ti nasyon
...
Ak kisa ou soti
Kijan w kite yon peyi
Sanble w jwenn fyète
Nan malpwòprete
...
Nan ki pòt ou soti
Pòt dèyè istwa yon peyi w sèvi
Kote w te minis yon pouvwa bandi
Yon sistèm pouri yon rejim santi
...
W ap jwenn ranplasan ki aji menm jan
Se modèl konsa ki vin dirijan
Nan yon ti peyi kote ekskreman
Avèk salopri genyen kòmandman
.
Bito DaviD
/image%2F1034110%2F20210415%2Fob_36b683_covid19-haiti-2.jpg)
Commenter cet article