Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Audit du projet de Constitution de JOVENEL par Le CRAN et la Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè

Publié par siel sur 5 Mai 2021, 21:02pm

Catégories : #AYITI ACTUALITES, #AYITI ROSE RAKET, #PEUPLE sans mémoire..., #DUVALIER, #CULTURE

 

 

Sou anvan pwojè Konstitisyon 2021 an

 

Yon pwojè Konstitisyon k ap touye demokrasi ak patisipasyon

Yon pwojè Konstitisyon k ap touye libète moun

 

CRAN, nan tèt ansanm ak CE-JILAP te pran tan pou etidye anvan pwojè nouvo Konstitisyon an. Se vre, se yon travay ki pa ta dwe nesesè, paske pwojè Konstitisyon an pa reponn ak egzijans lalwa mete yo pou yon travay konsa ; plis toujou moun ki nan tèt Leta a te prete sèman pou swiv sa ki nan Konstitisyon 1987 la. Men, lè n gade sa k ekri nan pwojè yo mete devan n nan, nou wè pi klè toujou ki kote pouvwa an plas la vle mennen peyi a.

Kèk remak anvan n tanmen koze a

  • Nou dwe byen kalkile sou sa sa vle di : yon Konstitisyon, Manman lwa peyi a :
    • Dokiman an se yon tèks lwa li ye, ki an menm tan dwe sèvi baz lòt lwa yo nan peyi a.
    • Dokiman an toujou genyen yon sans politik ladan l, paske li esplike ki jan yo chita pouvwa a, ki jan pou egzèse pouvwa a, ki jan pou òganize patisipasyon sitwayen yo epi ki jan pou otorite yo ap rann kont jesyon yo. Si moun ki nan pouvwa yo pa rann kont pou jesyon yo a, nou pa nan demokrasi ditou. 

 

  • Kilès ki gen pouvwa pou bay, pou fè oswa pou chanje yon konstitisyon ?
    • Pou chanjman ki pa two gran, gen chimen amannman yo ; se konstitisyon an menm ki montre ki jan sa dwe fèt.
    • Ranplase yon konstitisyon pou mete yon lòt nan plas li pi konplike: men li klè tou, se pa yon sèl grenn moun ki kapab deside sa. Se pa yon sèl grenn moun nonplis ki kapab mete yon komite sou pye pou ekri dokiman an. Chimen an pi konplike.
    • Desizyon pou chanje yon konstitisyon se pa yon gouvènman y ap konteste, ki pa lejitim vrèman, oubyen nan moman gen gwo kriz nan peyi a pou yo fè l. Sòf si lide a se mennen peyi a nan pi gwo pwoblèm toujou.

 

  • Nou dwe sonje tou : nan peyi a, y ap « manje » konstitisyon. Depi peyi a egziste, chak 10 lane konsa, yo fè yon lòt ; nou rive nan 24 konstitisyon depi peyi a la. Sa fè n wè, pwoblèm nan se pa konstitisyon an, men se elit yo k ap chèche avantaj chak fwa yo vle chanje oswa ranplase yon konstitisyon.

Gen lòt peyi, tankou peyi Ozetazini, ki toujou genyen menm konstitisyon an depi 1787. Lè gen yon bagay ki pa mache, yo fè yon amannman.

 

  • Konstitisyon Ayisyen ki fèt nan lane 1987 la, se konstitisyon peyi a genyen ki reziste pi plis kont tout kalite atak li sibi ak eseye yo te eseye chanje l : pwosesis ki te fè l la montre enpòtans sa genyen pou fè l yon fason kòrèk. Gouvènman yo ki vin youn dèyè lòt nan peyi a pa t renmen l, sitou fason li mande pou sitwayen ak sitwayèn yo patisipe nan zafè Leta a. Pou rezon sa a, yo pa janm aplike l kòm sa dwa, men yo akize l kòmkwa se li k sous enstabilite. Depi prezidan Preval te nan pouvwa, yo pa sispann repete pawòl la.

 

  • Yo te ekri Konstitisyon 1987 la apre ane diktati Divalye yo ; men, jodi a, èske nou kapab di : peyi a gen tan sòti nan sa k rele diktati ? Eske peyi a genyen vrè enstitisyon ak chapant ki garanti demokrasi nan peyi a? Nan moman sa a, tout enstitisyon Leta yo paralize, yo atè ; peyi a toujou anba tantasyon pou retounen anba diktati.

 

Pwojè Konstitisyon 2021 an, se yon pwojè pou touye libète nan peyi a, ki touye demokrasi ak patisipasyon. Plis toujou, pwojè a vle yo asepte yon konstitisyon ki garanti enpinite pou moun ki nan pouvwa. Lè n analize jan yo vle òganize Pouvwa Egzekitif la ak Pouvwa Jidisyè a, se yon bagay ki montre aklè sa n afime la a.

Ki jan Pouvwa Egzekitif la parèt nan pwojè 2021 an ?

  • Atik 133. Pouvwa Egzekitif la (selon pwojè a) se prezidan an. Minis yo ak sekretè deta yo asiste l.
  • Atik 134.  Yo chwazi prezidan an nan yon eleksyon dirèk, ki genyen yon sèl tou, epi sa k gen plis vwa tou ranpòte eleksyon an.

Nou dwe byen gade sa sa vle di: lè paegzanp genyen 20 kandida, chak kandida jwenn plizoumwen 5 % nan vòt yo … Ki lejitimite prezidan sa a ap genyen? 

  • Atik 139. Prezidan an jwi iminite pandan manda l. Pa genyen pwoblèm ak sa. Men lè li te poze zak ki pa dakò ak manda l genyen an, yo kapab rele li devan tribinal jis de (2) mwa apre manda l fini sèlman. Nou konnen tout pwoblèm lantè Lajistis genyen nan peyi a, nou kapab prevwa ki konsekans sa genyen pou si ta genyen move jesyon, koripsyon ak lòt krim pandan manda prezidansyèl la. L ap vin difisil, sinon enposib pou pouswiv zak koripsyon tankou sa k mare ak fon Petwo Karibe ak lòt.
  • Atik 141 ak 145. Nou dwe byen gade jan manda prezidan laj anpil, paegzanp nan domèn nominasyon yo.
  • Atik 147. Gade byen pakèt nominasyon prezidan an ak minis li yo kapab fè, san pa genyen yon sena ki pwopoze, ki prezante kandida, ki kontwole … Lasanble nasyonal genyen 15 jou fran pou refize yon nominasyon, men fòk 2 sou 3 nan manm li yo pa dakò ak desizyon an … Sa vle di : tout sa prezidan an pwopoze ap pase kanmenm.

Minis yo

  • Atik 158. Se « kolaboratè » prezidan an minis yo ye. Nou mande : èske yo genyen yon vrè reskonsablite pou jere ministè a ki sou kont yo, oubyen se egzekite y ap egzekite sèlman sa ki volonte prezidan an ? Paske, men sa k ekri nan atik 161 :

Atik 161. Se prezidan an ki nonmen epi revoke minis ak sekretè deta yo. Konsa pa gen okenn kontwòl palman an ; pa gen vrè reskonsablite minis la pou ministè ki sou kont li a

  • Atik 163. Atik sa a di byen klè se minis yo ki nonmen anplwaye yo ki nan ministè yo a, men ak « delegasyon prezidan an ».

Minis yo jwi iminite (sa vle di : pyès moun pa kapab trennen yo devan tribinal) pou nenpòt zak yo poze ki mare ak fonksyon yo a; iminite sa a dire, menm apre yo pa minis ankò.

Pouvwa Jidisyè a                                                            

Kèk remak :

  • Atik 185-186-187. Pwojè a fè wòl CSPJ pa sanble anyen ankò. Yo kapab konsilte li …
  • Atik 176. Yon jij toujou gen dwa pwofesè nan yon lekòl (jan sa te ye nan Konstitisyon 1987 la) … Eske se sa k ap pèmèt jij yo blije nan travay yo kòm sa dwa nan tribinal yo? Eske se sa k ap konbat twòp moun nan prizon? Konsa, nou wè : pa gen avansman nan kesyon an.

Lakou Dèkont

•       Atik 198. Lakou pa gen konpetans, nan pwojè a, pou sa k gade « kontansye administratif yo » (dezakò yo nan administrasyon an). Li pa yon tribinal ankò, si li konstate gen koripsyon li dwe ale devan pwokirè Repiblik la.  

 

•       Atik 203. Se prezidan an ki nonmen manm yo.

Selon atik 202 : 4 sou 9 nan manm yo se prezidan li menm ki chwazi yo. Epi, selon atik 200, 5 sou 9 manm yo soti nan administrasyon piblik la. Ki endepandans moun sa yo nan ka sa a ?

•       Atik 204. Wòl Lakou a se asiste Egzekitif la ; yo kapab konsilte yo oswa mande yo konsèy ; Lakou a kapab fè odit. Sou dènye pwen, nou konstate odit la se pa yon devwa pou Lakou a fè yo. Plis toujou, yon odit se yon kontwòl annapre.

Audit du projet de Constitution de JOVENEL par Le CRAN et la  Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè

yon odit se yon kontwòl annapre.

Konsèy Elektoral Pèmanan - KEP

  • Atik 208. Fason KEP la konpoze kite anpil pwen vid ak posiblite pou gen manipilasyon : konsa, yo pale sou yon reprezantan ki soti nan dyaspora a … ki gaye nan yon pakèt peyi. Yo pale sou sosyete sivil ki òganize nan chak depatman yo k ap pwopoze non kandida yo … Ki jan sa ap fèt an reyalite ?

Dyaspora gen yon reprezantan. Ki jan y ap òganize dyaspora a ?

Yon “sosyete sivil ki òganize” … Ki jan sa ap fèt an reyalite ?

Pouvwa Lejislatif la

  • Pwojè Konstitisyon an kraze zafè Sena a / li mete tout depite yo pou 5 lane / epi moun yo chwazi eli yo nan yon sèl tou eleksyon.
  • Kesyon an la pou konnen si Asanble nasyonal la, jan yo vle rele palman an, kapab fonksyone tankou yon vrè pouvwa ki pou fè ekilib ak yon lòt pouvwa, lè li anfas yon prezidan ki gen tout pouvwa nan men l, jan pwojè a prevwa sa.

Kesyon sou yon sèl tou eleksyon an (ki vle di yon moun eli ak yon majorite senp … se li k gen plis vòt) rete : ѐske metòd sa a kapab bay yon moun ki eli yon vrè lejitimite ? Ak pakèt kandida ki genyen, jan sa toujou fèt nan tout nivo. Yon depite kapab jwenn yon manda nan men l ak 100, 200 moun sèlman ki vote pou li, pou pa di pou yon kantite votan ki pi piti toujou.

Kolektivite yo

  • Anvan pwojè Konstitisyon an prѐske pa pale sou yo. Li prevwa sèlman pou genyen yon sèl majistra kominal.  
  • Atik 246. Prezidan an mete yon delege nan chak depatman ak yon vis-delege nan chak awondisman, k ap dirije sèvis dekonsantre yo.
  • Pa gen asanble teritoryal ankò, epoutan sete kle pou genyen demokrasi lokal, paske yon asanble se kote moun sanble pou fè echanj, kote yo twoke konn, ki nesesè anpil pou rive nan patisipasyon popilè. Ki patisipasyon vrè popilasyon lokal la genyen nan lavi kominote a ? Egzanp : nan Konstitisyon 1987 la, asanble yo t ap patisipe  pou chwazi jij yo ak nan chwa manm KEP la ; plis toujou, kolektivite yo sete kondisyon pou gen patisipasyon ak desantralizasyon. Se yo k konnen vrè reyalite peyizan yo ak moun nan katye yo ap viv. Si popilasyon an te montre gwo enterè pou kalite chapant sa a, otorite yo menm pa t kwè nan li, paske li t ap diminye pouvwa yo menm yo te genyen an.

 

Kèk pwen pou fini koze yo

Etid sa a te bay kèk pwen sèlman … Gen pi plis kesyon toujou pou n ta poze tèt nou.

Yon konstitisyon plis pase yon lwa òdinè ; gen yon chimen pou swiv lè yo fè li, epitou, lè yo vle fè chanjman ladan l oubyen lè yo vle chanje l nèt. Li genyen yon wòl jiridik ak yon wòl politik, paske li òganize pouvwa politik la nan peyi a.

Pwojè konstitisyon yo mete devan n nan elimine zafè premye minis la pou ranfòse fonksyon prezidan an epi pou bay li pi plis pouvwa pou pran tout kalite desizyon. Zouti ak enstitisyon pou konsilte oubyen pou fè kontwòl yo ki nesesè lè y ap fè nominasyon paegzanp, vin fèb anpil. Nou kapab gade sa yo prevwa pou fè prezidan ak minis li yo rann kont. Nou kapab gade tou jan zouti pou batay kont koripsyon an vin fèb anpil, tankou Lakou Dѐkont.

Konstitisyon yo an Ayiti genyen yon istwa. Chak 10 lane, elit politik yo santi li nesesè pou genyen yon lòt Konstitisyon. Sa montre aklè, se pa Konstitisyon an ki pwoblèm nan, se elit politik yo ki vle yon konstitisyon selon sa yo anvi ak selon kote enterè yo ye. Konstitisyon 1987 la te reziste kont tandans sa a, paske pwosesis pou fè l la te diferan: gwoup moun ki te ekri l la, se popilasyon an ki te eli yo ; popilasyon an te patisipe nan pwosesis la ak lide e sijesyon, te gen transparans nan travay la ; epi konstitiyant la (gwoup moun ki te fè l la) te vote chak atik apa, youn dèyè lòt, an franse ak an kreyòl.

Sa k te nouvo nan Konstitisyon 1987 la, se koze kolektivite teritoryal yo ak asanble nan chak nivo : se yon bagay yo retire nan pwojè 2021 an. Yo pretann yo pa t kapab mete yo an pratik. Men, nou dwe admèt pouvwa politik yo pa janm renmen pou pèp la patisipe, oubyen yo pa apresye yon patisipasyon popilè ki dirèk. Tout gouvènman yo te montre sa aklè, chak fwa lè yo te refize mete asanble yo anplas.

Kounye a, yo konstate popilasyon an pa enterese pou patisipe nan eleksyon yo ankò, yo pa deplase pou al vote. Rezon an senp: yon fwa otorite yo rive nan pouvwa, se pwòp enterè pa yo sèlman y ap chèche, yo bliye sa ki enterè kolektivite a.

Plis toujou, tan n ap viv la pa bon pou òganize referandòm. Dayè, Konstitisyon an pa dakò ak li. Tan an pa bon menm pou òganize eleksyon. Pwoblèm popilasyon an nan moman sa se koze vyolans ki genyen an, se kesyon ensekirite ak lavichè a. Tout gouvènman ki monte dwe bay prèv li lejitim, nan kapasite li genyen pou reponn ak vrè kesyon popilasyon an.

Eske peyi a pa bezwen yon Sena ? Tradisyon peyi a mande pou ta genyen yon Sena k ap fonksyone tankou yon pouvwa ki kontwole lòt pouvwa yo. Si gen lajan ki bay pou yo vote lwa, lè sa, ni sa k bay kòb la, ni sa k pran l, yo toude fè krim ki rele koripsyon an ; yo toude merite jijman ak sanksyon. Li nesesè pou asire endepandans epi ranfòse enstitisyon yo k ap lite kont koripsyon ; yo pa dwe febli yo, jan sa fèt nan anvan pwojè Konstitisyon an. Si se pou fè ekonomi lajan, yon bagay ki nesesè sèten, gen mil fason pou diminye depans Leta ap fè yo, san yo pa voye jete enstitisyon ki dwe la, vle pa vle.

Nan moman nou ye a, peyi a bezwen pou yo kreye kondisyon ki pèmèt enstitisyon yo mache kòm sa dwa, tankou Lajistis. Si n gade byen, Lajistis, ki yon Pouvwa Leta pa gen dwa fè grèv jan n sòt viv la, paske lè sa a yo pini moun, gason kou fi, ki nan detansyon ap tann jijman. Lajistis gen lòt mwayen pou fè yo respekte dwa l ak revandikasyon l yo.

Pòtoprens, 3 me 2021

 

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents