JWÈT MÒRÈD KONT AYITI : GWO MANIPILASYON !!! 🙄😎
2 zèd tan Apre EGZEKISYON Diacre Legliz Batis ri La Réunion an ki tou pre defen " Palè Nasyonal " la : LAPOLIS PA PREZAN Men Lapolis Te Prezan Nan Ravin Pentad Pou EGZEKITE Jèn ki t ap fè videyo a !
Depi Bonjan BANDI OFISYÈL Yo Okipe Yon Espas : PNH la Toujou MAWON !
Eske se poutèt Lapolis la LACH oswa eske Se poutèt Li KONPLIS ? Nan Lide pa m : tou lè 2 !
Se Gwo MANIPILASYON Politik ki Ap Fèt pou Retire Focus la sou Refijye Ayisyen Del Rio yo ak " demisyon " Foote la etan y Ap Prepare Opinyon Piblik Entènasyonal la pou Li vin panse : Yon Lòt Entèvansyon Militè Meriken Kont Ayiti Nesesè ! Epi gen moun ki ap di : Yo Pa Tande Helèn Lalime BINUH ! L Ap Travay , Men Nan Men Ak Fòs Revolisyonè G9 An Fanmi ak Alye a !
Kale Je Nou Pou Nou Pa Pran Nan Yon Lòt Kout Pa Konprann Ki Kapab Fatal Pou Ayiti !
Stephen William PHELPS , Pòtoprens 26 septanm 2021.
/image%2F1034110%2F20210928%2Fob_d1ad16_photofamilleindigence.png)
Commenter cet article