Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Men rapò rankont: Ansanm òganizasyon popilè yo ki siyen akò montana a jodi 26 janvye 2022 ya.-  

Publié par siel sur 28 Janvier 2022, 20:54pm

Catégories : #AYITI ACTUALITES

Men rapò rankont: Ansanm òganizasyon popilè yo ki siyen akò montana a jodi 26 janvye 2022 ya.-  

Men rapò rankont: Ansanm òganizasyon popilè yo ki siyen akò montana a jodi 26 janvye 2022 ya.-  
°°°Men Òganizasyon kite prezan yo: - ÒGANIZASYON FÒS POPILÈ.
- ÒGANIZASYON JÈN TAYINÒS.
- PLATFÒM ÒGANIZASYON POU IDEYAL BOISROND TONNERRE( P.O.I.B.T).
- MOSSOH
- ASOSYASYON VIKTIM BÈLÈ.
- KVNER.
- MOLEGHAF.
- KONBIT.
°°° Men ÒDDIJOU yo te debat : PLANIFIKASYON YON ANSANM AKSYON AK MOBILIZASYON K AP KÒMANSE APATI 27 JANVYE POU RIVE JOUK 7 FEVRIYE 2022 POU ENPOZE AKÒ MONTANA A OPOUVWA. 
°°° Men kalandriye pou aksyon ak mobilizasyon yo, yo deside: - Demen jedi 27 janvye ya a 11 zè nan maten: °°° ansanm òganizasyon popilè yo ap prezante yon konferans pou laprès.
N.B- OBJÈ KONFERANS POU LAPRÈS LA E KI TOU AP FÈ OBJÈ ENVITASYON POU LAPRÈS LA, SE: 1) DENONSE DOMINASYON AK ENJERANS KÒ GROUP LA AK TOUT TONTON SAM NAN ZAFÈ POLITIK PEYI D' AYITI. 2) ANONSE RELANSMAN MOBILIZASYON POPILÈ YA. 3) MANDE KAREMAN POU RESTAVÈK POLITIK ARIEL DEFAKTO KITE POUVWA A.
°°° a 3 zè nan laprèmidi, menm jedi ya. Òganizasyon popilè yo ap kontinye rankontre pou planifikasyon aksyon ak mobilizasyon yo ki relanse nan peyi ya.
--- Vandredi k ap 28 janvye 2022 ya : sit-in devan lokal kò group la.
---Dimanch k ap 30 janvye 2022 ya, jou vòt montana a: °°° A MIDI ,BAT TENÈB NAN DÈYÈ ARYÈL NAN TOUT PEYI YA.
°°° APRE....,( menm jou dimanch lan) GRAND MACH POLITIK NAN POTOPRENS AK ZÒN ALANTOU LI YO POU ENPOZE AKÒ MONTANA A OPOUVWA. E POU FOUKE ARYÈL DEFAKTO DEYÒ NAN POUVWA A.( gran mach dimanch lan kenbe lye rasanbleman sa yo toujou : °°kafou aryeropò, channmas, fò nasyonal e lòt.....)
N.B- depi dimanch lan mobilizasyon rete debou nan tout peyi ya...
--- Mèkredi 2 fevriye 2022 ya : yon lòt gran mach politik ak menm kontni revandikasyon politik yo.
--- EPI GWO MANMAN KOZE YA AP TONBE LENDI 7 FEVRIYE 2022 YA: GRAND MACH POLITIK AK MENM KONTNI REVANDIKASYON YO. DECHOUKE ARYÈL SOU POUVWA A. DENONSE ZWAZO BÈK FÈ.
ENPOZE AKÒ MONTANA A OPOUVWA .
HUGUES- KAPÈ MONDÉSIR, KÒDONATÈ ADJWEN PLATFÒM ÒGANIZASYON POU IDEYAL BOISROND TONNERRE ( P.O.I.B.T).

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents