@MichelDeGraff | 21 desanm 2022, revizyon 30 desanm 2022
Pwofesè lengwistik @MIT
Grenadye @MITHaiti
Manm fondatè @Akademi_Kreyol
Sa fè plis pase 2 lane depi Robert Berrouët-Oriol ap plede atake m kòm lengwis e kòm edikatè k ap goumen an Grenadye nan Inisyativ MIT-Ayiti — yon inisyativ k ap ede nan tabli fondasyon lengwistik e pedagojik pou lekòl tèt an wo, pou peyi tèt an wo. Objektif MIT-Ayiti se valorizasyon kreyòl kòm lang ansèyman ann Ayiti e kòm zouti ki nesesè pou aprann lekti ak ekriti epi tout lòt matyè yo: syans, matematik, dezyèm lang tankou franse, angle, panyòl, e latriye. MIT-Ayiti se yon bèl konbit edikatè, yon rezo k ap grandi tou lè jou ann Ayiti e nan dyaspora a epi n ap pote kole pou n kreye bon jan kalite resous an kreyòl ki disponib gratis ti cheri nan fòma nimerik. Travay an konbit sa a mete MIT-Ayiti nan nannan mouvman kreyòl la ki se yon mouvman liberasyon pou n rive chape an ba bòt neyo kolonyal frankofolis ak yankifolis.
Enben, genlè objektif sa yo vin deklannche yon menas kont idantite plim e ank ak otorite frankofil yo.Epi sa vin lakòz se chak semenn — pafwa se tou lè jou !— Berrouët-Oriol ap ekri imel ak atik difamasyon, an franse e ann angle (men, PA an kreyòl!), voye bay milyon ven moun ak tout kalite òganizasyon tou patou nan monn lan depi yo gen koneksyon ak Ayiti, lengwistik oswa edikasyon, sitou sila yo ki ka ofri apui bay MIT-Ayiti: MIT, National Science Foundation (Etazini), National Academy of Sciences (Etazini), Linguistic Society of America, USAID, UNESCO, UNICEF, Society of Caribbean Linguistics, Comité International des Études Créoles, Asosyasyon Etid Ayisyen, CUNY Haitian Studies Institute, Inivèsite Leta d Ayiti, Akademi Kreyòl Ayisyen, FOKAL e latriye. Epi li pibliye difamasyon li yo prèske chak semenn nan jounal Le National ann Ayiti.
Sanble objektif kanpay difamasyon sa a se pou Berrouët-Oriol eseye trangle MIT-Ayiti pandan l fè kòm si atak li yo se sou baz lengwistik ak sou baz moralite. Atak Berrouët-Oriol se yon echantiyon yon malèz frankofòl ki lontan pi laj pase Berrouët-Oriol. «Linguiste terminologue» se yon egzanp estwòdinè pami entelektyè frankofil ayisyen sa yo ki, depi twò lontan, derefize rekonèt enpòtans total kapital kreyòl kòm sèl lang nasyonal peyi d Ayiti. Jounen jodi a, y ap fè wont sèvi kòlè devan kontradiksyon prejije anti kreyòl a yo. Kanpay anti kreyòl sa a se konsekans politik neyo kolonyal Lafrans depi nan kòmansman 19yèm syèk la. Ki donk sa merite yon analiz pwofonde pou n konprann epi konbat fonksyonnman laboratwa pwopagann ak difamasyon nan divès sektè soyete Ayiti a —pami entelektyèl, politisyen, medya, rezo sosyal, lekòl ak inivèsite, e latriye. Fenomèn sa a sanble ak sa Edward Herman ak Noam Chomsky rele «Fabrikasyon konsantman».
Atik manch long sa a pral dokimante jan Berrouët-Oriol kontinye ap envante yon «naufrage de la lexicographie créole au MIT-Haïti Initiative». Se kòm si MIT-Ayiti te gen yon grenn objektif ki se pwodiksyon glosè. Sanble, depi tout tan sa a l ap pase nan atake nou, li pa janm li dokiman ki esplike misyon nou. Epi li vin envante yon kout lang politik: «appui public au cartel politico-mafieux du PHTK néo-Duvaliériste».
Atik sa a se 3yèm atik n ap ekri pou demanti manti Berrouët-Oriol yo. N ap kontinye demontre atak sa yo pa ko janm chita sou okenn rezon ki valab — n ap montre klè se kout lang ak difamasyon! Mwen te ekri 2 premye atik yo — an jiyè 2020 epi an fevriye 2022 — nan lespwa Berrouët-Oriol te gen yon minimòm entegrite, respè ak konpetans pwofesyonèl lakay li. Men, kounye a, mwen vin reyalize se twòp optimis ak jantiyès ki te fè m gen espwa sa a kòm ki dirè Berrouët-Oriol ta ka gen kapasite kòm «linguiste terminologue» vre. Jodi a, pa ka gen dout sou sa: Berrouët-Oriol ansanm ak sòlda li yo (gen «Chevalier» ladan tou) ap patisipe nan yon laboratwa reyaksyonè difamasyon kont MIT-Ayiti pou avantaj Lagrandyab.
Ki donk, jodi a, fòk nou mande tèt nou: Ki VRE ajannda ki kache dèyè voye wòch sa yo? Nan analiz mwen, kanpay difamasyon Berrouët-Oriol sa a se miwa yon rayisman k ap sèvi gwojemoni neyo kolonyal kont objektif fondamantal Inisyativ MIT-Ayiti a nan nannan mouvman kreyòl la. Mouvman sa a te kòmanse depi anvan 1804 an ba lidèchip Jean-Jacques Dessalines lè li te deklare kreyòl se «lang a nou» ki fè li te ensiste nou pa bezwen franse ki se «lang lèzòt» epi li te mande, nan deklarasyon endepandans Ayiti nan dat 1e janvye 1804, pou n pa janm mete konfyans nou nan «l’eloquence des agents de la France».
Pou n analize rasin rayisman sa a, nou pral dokimante pratik 2 pwa 2 mezi lakay Berrouët-Oriol: yon pwa ak yon mèzi pou l devalorize travay mwen kòm grenadye kreyolis nan MIT-Ayiti nan mouvman kreyòl epi yon lòt pwa ak yon lòt mezi pou l valorize sòlda frankofolis tankou Dany Laferrière nan Académie Française; Michaëlle Jean, ansyen Sekretè Jeneral nan Organisation Internationale de la Francophonie (OIF); epi Lyonel Trouillot, Chevalier des Arts et des Lettres pou Lafrans. Jan mwen pral demontre sa nan repons mwen, mi wo mi ba lakay Berrouët-Oriol konsènan kreyòl kòm lang nasyonal peyi d Ayiti makonnen ak divès pratik rejte nou jwenn pami klas mwayèn lan an ba enfliyans elit sosyo ekonomik, politik ak entelektyèl, dwat e gòch, k ap sèvi Lagrandyab (egal: puisans enperyalis frankofolis ak yankifolis) ansanm ak oligaki lokal la. Pratik rejte sa yo derefize aksepte kreyòl kòm fondasyon konesans, libète ak jistis ann Ayiti. Sosyològ Jean Casimir ak Antwopològ Philippe Richard Marius ka ede n konprann dimansyon lengwistik prejije kont moun nwa ak moun an ba nan pratik rejte sa yo pami elit dwat e goch yo, kèlkelanswa koulè po a yo, ann Ayiti.
Pou sila yo ki p ap gen tan pou yo li atik manch long, n ap jwenn 2 ti rezime sou Facebook — la epi la —k ap ede n reyalize Berrouët-Oriol se yon enpostè depi nan tit «linguiste terminologue» li bay tèt li rive nan jouman «PHTK» l ap simaye nan imel difamasyon li yo.
An reyalite, pandan Berrouët-Oriol pran pòz li se yon anti PHTK, li twò kontan flate patizan PHTK (tankou Dany Laferrière ak Michaëlle Jean) ansanm ak enstitisyon neyo kolonyal frankofolis (tankou Organisation Internationale de la Francophonie) k ap goumen kont souverènte Ayiti e kont pwomosyon lang nasyonal la — kreyòl. (Detay yo an ba la a.)
Suite dans le lien.
/https%3A%2F%2Fi0.wp.com%2Frezonodwes.com%2Fwp-content%2Fuploads%2F2022%2F11%2Fdegraff.png%3Ffit%3D1320%2C1000%26ssl%3D1)
Michel Degraff reponn Robert Berrouët-Oriol
Ki moun ki Robert Berrouët-Oriol?Èske se yon "lengwis tèminològ" pou lang kreyòl?Oswa se yon enpostè mantadò k ap sèvigwojemoni frankofolis? @MichelDeGraff | 21 desanm 2022, revizyon 30 des...
Commenter cet article