Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


FWON PATRIYOTIK POPILÈ- FPP Nòt pou laprès

Publié par siel sur 19 Novembre 2023, 18:04pm

Catégories : #AYITI ACTUALITES, #AYITI EXTREME DROITE, #AYITI ROSE RAKET, #AYITI SEISME, #AYITI ECONOMIE, #PEUPLE sans mémoire..., #DUVALIER

         ÉQUIPE MORTFÉRE TÈT KALE 3 de l'association des malfaiteurs en bande organisée et alliés

Lagè ant peyi Ikrèn ak Larisi kontre ak jenosid Izrayèl ap fè sou pèp Palestinyen an melanje ak katyouboumbe Ayiti a tounen yon zo pwason pou reyeleksyon Prezidan Biden Ozetazini. Pou evite foulay, administrasyon Biden nan, ak mepri e awogans ki se mak fabrik enperyalis yo, deside friz dosye Ayiti nan mande tout elit restavèk la al ranfòse epi pwolonje pouvwa PM defakto a ak yon nouvo Akò. Ekip Biden nan, mande pèp Ayisyen vin manifeste rekonesans etènèl li pou bann apatrid ki mete peyi a nan kalamite sa a.

Rezilta : komisè sivil debake vin redi zòrèy politisyen, k ap kouri dèyè pouvwa pou pouvwa, pou raple yo kiyès ki granmoun yo. Sa w tande a, politisyen tradisyonèl tonbe depale e gentan ap renye tout angajman yo te pran nan divès rankont ak deklarasyon yo te fè. Nouvo komisè sivil la sèlman kontante l pou l raple tout moun grenn konsesyon meriken deside asepte kòm solisyon nan kriz la se elaji HCT kwoupyon an epi pèmèt kèk lòt dirijan politik -fanm kou gason- vin gagote nan yon "gouvènman tout moun jwenn" pou al prepare eleksyon pike kole.

Koze sa a te gentan kont pou reveye apeti tout politisyen tradisyonèl ki pa konsevwa al nan eleksyon si yo pa gen minis ak direktè jeneral nan gouvènman an pou koupe rache pou yo. Nan moman an, mas yo tonbe. Pa gen benyen kache lonbrik ankò. Elit tradisyonèl la kanpe rèd dèyè do PM Aryèl Anri pou kenbe estatikwo a epi pwoteje yo kont sanksyon Nasyonzini yo. Yon lòt fwa ankò, y ap pare pou kache dèyè okipasyon militè etranje pou kontinye yaya sou do pèp la.

Pou Fwon Patriyotik Popilè (FPP), se gouvènans restavèk 21 desanm nan ki anfonse peyi a nan tyouboum sa a sou lobedyans Etazini, li pa gen plas li ankò alatèt peyi a. Gouvènman sa a konplis nan tout kalite krim pandan 2 zan ak kèk mwa li gen sou pouvwa a. Pou FPP, premye pwoblèm ki merite rezoud pou sòti nan kriz malouk sa a se mobilizasyon sosyete a pou l reprann kapasite l pou l chanje ekip atoufè ki alatèt Leta a, pou mete nan tèt nasyon an moun li fè konfyans, sitwayen -fanm kou gason- kredib, onèt, ki pa nan paspouki, pou ranplase PM defakto Aryèl Anri ak gouvènman lawont sa a.

Ayisyen pa bliye, majorite kriz ki frape Ayiti nan dènye tan yo derape apre eleksyon konteste. Prensipal objektif yon gouvènman tranzisyon jodi a se tabli kondisyon pou kalamite sa a pa repete, nan kreye bonjan anviwònman pou pèp la chwazi an granmoun, san bri san kont, veritab patriyòt ki pou mennen bak nasyon an epi òganize eleksyon ki pap kreye kriz elektoral apre. Gouvènans 21 desanm nan paka òganize eleksyon souvren, lib ak kredib akoz li chaje anndan l pati politik k ap koupe rache pou prepare eleksyon pou tèt yo. Ranfòse epi kenbe gouvènman sa a opouvwa nan fason meriken vle sa fèt la se plonje sosyete a tèt dwat nan plis vyolans ak deblozay toujou.

Pou FPP, òganizasyon eleksyon souvrèn se koze sosyete a. Se yon gouvènman non patizan ki ka òganize eleksyon souvrèn, transparan, san paspouki. Se sak fè FPP bat chalbari dèyè pouvwa 21 desanm ki reprezante fòmil bat tanbou epi danse li a. Tout moun konnen sa kap pare

FWON PATRIYOTIK POPILÈ

Nòt pou laprès

a. Konsèy Elektoral Patizan (KEP) an pare deja pou al fè eleksyon pou pati politik ki anndan Akò 21 desanm nan.

Yon lòt fwa ankò, FPP ap leve vwa l byen wo pou mande ayisyen-fanm kou gason- alawonnbadè kanpe sou tèt zòtèy yo pou evite repete menm erè yo. Ayisyen dwe goumen jouk mayi mi pou anpeche zòt kontinye ap enpoze n ekip moun pa yo, ekip moun ki responsab dezas sa a, pou dirije peyi a. Jodi a, pwogresis ak patriyòt konsekan dwe chache epi jwenn antant sou kouman mobilize fanm ak gason konsekan pou ranplase gouvènman lawont sa a pou tabli yon Gouvènman Sovtaj Nasyonal ki konpoze ak sitwayen, sitwayèn onèt e konsekan ki pa pral itilize aparèy Leta a pou mete l osèvis ni Da, ni Sikseda nan eleksyon pike kole.

Ayisyen abitye defye gwo pisans yo, Ayisyen abitye pwofite kontradiksyon nan mitan yo pou kreye pwòp chimen l. Sitiyasyon entènasyonal la mete Ayiti nan yon kalfou konsa ankò jounen jodi a.

Pòtoprens, 19 novanm 2023

Pou otantifikasyon:

Jean William Jeanty Camille Chalmers

page2image1769792 page2image1770016

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents