Sa fè kèk tan mwen lanse yon atak politik ak kominikasyon kont pèse Guy Philippe la ki reyèl ; ke mwen vle l ke m pavle l ! Se yon atak ki soulve anpil entewogasyon asavwa si yon repridjistis tankou Guy Philippe ka yon solisyon pou Ayiti esi l gen lejitimite etik ak jiridik pou li ta ala tèt Leta ayisyen ?
/image%2F1034110%2F20240104%2Fob_eec298_thumbnail-6.jpeg)
Yon peyi devaste pa vyolans, ipokrizi, divizyon, enkonpetans, koripsyon, gang ame, elatriye. Dotanplis, endivi sa a enplike nan yon pakèt zak antidemokratik nan istwa pwofesyonèl li, ki plis divize pèp ayisyen an ke li ini l. Notamman, nan bôykotaj Bisantenè Endepandans nasyonal la, an 2004, ak Blan Fransè, Ameriken, Kanadyen e majorité sektè prive a, sa nou rele oligak konronpi yo. Nou pap bliye nonplis, Group 184 la, kite te lese li pyeje nan yon kanpay dyabolizasyon kont Prezidan J.B. Aristide lanse pa Loksidan kote yo te achte yon bann jounalis machann mikwo.
Men se pa sijè sa a mwen vle soulve jodi a. M jis vle reponn a kòmantè ki fèt sou pòs mwen fè sou paj Facebook mwen an.
Kômantè ki sòti nan pôs mwen yo fè m obsève twa kategori moun nan pwoblematik Guy Philippe la.
Yon premye kategori, se yon bann fanatik san etik, kriminèl, imoral, vwayou, ki sòti nan yon PHTK divize ant yon kouran jovnelis ki pèdi tout pouvwa l ak yon kouran matelis ki opouvwa.
Mwen pa kache di nou, moun sa yo, menmsa ki konn li byen, menmsa ki konn li apèn, yo gen yon sèl diskou baze senpman sou ensilt obsenite sou do manmanm, ke modèl yo Mateli te aprann yo. E daprè yo se toujou youn nan kan fanmi phtkk ki peye m. Ousinon mwen se yon ratpakka, lavalas sal ki dwe al manje kaka…
Dézyèm kategori a, se yon gwoup Ayisyen, ke mwen panse ki gen bônvolonte, ki tèlman soufri desak ka p pase an Ayiti, sitou ak pwoblèm ensekirite, kote ni Blan an ni rejim PHTK a ki sou pouvwa pa pwopoze okenn solisyon pou pèp la (nisa ki deyò nisa ki anddan) ka viv san pwoblèm sikolojok sa a ki plonje nan sèvo l.
Moun sa yo, pa iyorans ou pa mank enfòmasyon ou enstriksyon k ap evolye san modèl, san entriksyon sivik patriyotik ke Ledikasyon nasyonal retire nan pwogram la. Menmsi se ta dyab la anpèsòn, tankou Guy Philippe, k ap fè divèsyon, ki pwopoze rezoud pwoblèm ensekirite a yo ta p aksepte. Yo gen yon degou kont klas politik la.
Twazyèm kategori moun yo, se yon bann sitwayen konsekan, konpetan ki konn sa Mounite ak ideyoloji vle di kipa janm aksepte limoralite ak kriminèl blayi kòyo nan mitan sosyete a pou dirije Larepiblik. Kwakilariv, si nou vle inite ak etik repiblikèn, yon endividi tankou Guy Philippe pa yon bon reprezentan pou pèp ayisyen, dotanplis ke l konsyan Konstitisyon ayisyèn lan ap ba l baraj si l tagen entansyon kandida nan yon pòs elektif nan peyi a. Se dayè pou sèl rezon li paka pwopoze pèp la lòt bagay ke revolisyon bòkatedral. Eske l gen yon dezyèm misyon Blan an bali pou l destabilize Ayiti ? Mwen pa gen prèv, men antout lojik, Guy Philippe pa gen avni politik.
M ap pwofite di moun ki di yo peye m pou m atake Ti Guy, Ariel Henri e tout mafya PHTK yo, kit yo opouvwa, kit yo deyò, tout oligat k ap souse san peyi, ak tout politisyen san vizyon yo, pyès moun pa peye m ni yo paka achte m pou m vin benyen nanmenm salte ak yo. Mwen se yon pitit sòyèt ki gen chans ki fòme eki pa vle bliye orijin sosyal mwen. Tout lit mwen se espère yon jou pitit sòyèt ki pa gen menm chans ak mwen ka rive yon jou al lekòl, enstwi l kapab nouri l kòrèteman.
Mwen jis pran responsabilite sitwayen konsekan m antan ke chèchè antwopolojik sosyopolitik e jounalis endepandan pou m denonse malfektè, e enstwi pèp la achakfwa yap manipile l pou yo mennen l nan yon move chimen. Kitli PHTK, kitli Fanmi Lavalas e rès yo, sa pa chanje anyen pou mwen. Zòt te mèt kontinye ap antre nan bounda manman m sou rezososyo, dayè dèke mwen wè se malad mantal ki kòmante pòs mwen yo, mwen jis zape bann vwayou sa yo, fatra, malfektè phtkk. M kite moun ki sanble yo li e ogmante pwopo yo ki lese m totalman endiferan !
E saki trete m de Lavalas sal yo, m ap di yo si m se Lavalas m pa sal pousa. Si Lavalas se yon fòm ideyoloji k ap konbat ladwat reyaksyonè ak lekstrèmdwat an ayiti, mwen aksepte volontye mwen se Lavalas apaantyè ki pajanm pwofite kwakseswa nan yon rejim lavalas.
En 2016, sa pat anpeche m ekri yon atik entitile : « Pourquoi je suis lavalassien », kote mwen te deja ekri toutsa New-York Times te vin revele kèk ane aprè. Erezman nan tan sa a te gen yon gwoup Ayisyen kou etranje ki tap reflechi sou rezon sabotaj rejim Aristide yo. Sa te pèmèt mwen konprann, denonse e eksplike enje jewopolik ak ekonomik yon kouran pwogresis opouvwa an Ayiti reprezante pou enperyalis la ak alye oligak li yo nan peyi Dayiti.
M ap fè tout vwayou fanatik phtkk ikonpri pa Guy Philippe yo konnen, m ap kontinye batay la menmsi se yon gout dlo patriyotik mwen vèse nan oseyan malpwòpte ke pèp ki sanvwa a ap benyen depi Lendepandans Dayiti. Se lit sa a mwen chwazi pou m fè. Mewn pa ditou anvi desann pantalon m bay enkonpetan ak kriminèl k ap gouvène Ayiti !
Commenter cet article