Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Robert Berrouët-Oriol écrit à M. Lemète Zéphyr concernant l'Académie créole qu'il qualifie de « bèl zanno dekoratif »

Publié par siel sur 17 Février 2024, 19:20pm

Catégories : #CULTURE, #PEUPLE sans mémoire...

Bonjour Lemète et bonne journée ! 

 J’ai écouté attentivement ton entrevue avec Frantz Bernier et JE TE FÉLICITE pour la rigueur de ton analyse, entre autres en ce qui a trait à l’inutilité de l’Académie créole (entrevue : « Ki itilite Akademi kreyòl ayisyen an », lien : https://www.youtube.com/watch?v=VSOWnV03II8).

 Jouk jounen jodi a gen moun ann Ayiti ki kwè « bèl zanno dekoratif » sa a (Akademi kreyòl ayisyen an) ap fè bèl mèvèy, kòm si zafè amenajman lang kreyòl la se yon… « lamayòt » li ye… Atik Yves Dejean ou site a enpòtan anpil : li ranmase bon jan agiman syantifik pou esplike pou kisa « bèl zanno dekoratif » la, kidonk Akademi kreyòl ayisyen an, pa itil anyen, li pa menm rive reyalize misyon l dapre « lwa fo mamit » li a (« Loi portant création de l'Académie du créole haïtien », 7 avril 2014). Divès « créolistes fondamentalistes », divès « Ayatollahs du créole » pa janm site osnon kontredi agiman syantifik Yves Dejean yo, yo menm eseye fè kwè Yves Dejean te toujou dakò ak pwojè lamayòt Akademi kreyòl ayisyen an… 

 Atik Yves Dejean ou site nan antrevi a enpòtan anpil, li te parèt ann Ayiti nan jounal Le Nouvelliste 26 janvye 2005 : « Créole, Constitution, Académie ». Fòk tout moun ta reli atik sa a, konsa yo va konprann pi byen pou kisa « bèl zanno dekoratif » la (Akademi kreyòl ayisyen an) pa regle anyen nan peyi dAyiti, menm lè li siyen yon « accord decoopération bidon », yon « akò kosmetik » ak ministè Edikasyon nasyonal. la Tèks ofisyèl akò sa a rele « Pwotokòl akò ant Ministè Edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl (Menfp) ak Akademi kreyòl ayisyen (Aka) », dat li se 8 jiyè 2015. Sòti 2015 rive 2024, « akò kosmetik » sa a se yon lamayòt li ye, li pa bay okenn rezilta ni lan 17 000 lekòl piblik nou yo ni nan Administrasyon piblik Ayiti (al gade atik sa a : « Accord du 8 juillet 2015 -  Du defaut originel de vision à l’Academie du créole haïtien et au ministère de l’Éducation nationale », Robert Berrouët-Oriol, Montray kreyòl, 25 juillet 2015).

 Atik Yves Dejean ou site nan antrevi a enpòtan anpil. M ap fè w sonje mwen te site plizyè pasaj atik sa a nan yon tèks mwen te pibliye ann Ayiti 18 janvye 2022 nan jounal Le National, « L’Académie du créole haïtien : autopsie d’un échec banalisé (2014 – 2022) ». Men younn nan sitasyon atik Yves Dejean an w ap jwenn nan tèks mwen an :

 « Dans un article très peu connu paru à Port-au-Prince dans Le Nouvelliste du 26 janvier 2005, « Créole, Constitution, Académie », Yves Dejean précise comme suit sa pensée au sujet de l’Académie créole : « L’exemple à ne pas suivre / Haïti n’a que faire de l’acquisition d’une « formidable machine à faire rêver » et d’un « symbole décoratif ». Dans le même article, il ajoute, au paragraphe « Mission impossible et absurde », que « L’article 213 de la Constitution de 1987 doit être aboli, parce qu’il assigne à une Académie créole, à créer de toute pièce, une tâche impossible et absurde, en s’inspirant d’un modèle archaïque, préscientifique, conçu près de 300 ans avant l’établissement d’une discipline scientifique nouvelle, la linguistique (…) On sait, à présent, qu’il est impossible de fixer une langue ; que les cinq à six mille langues connues constituent des systèmes d’une extrême complexité en dépendance de l’organisation même du cerveau humain et relèvent de principes universels communs propres à l’espèce ; que les changements dans la phonologie, la syntaxe, la morphologie, le vocabulaire ne sont pas à la merci des fantaisies et des diktats de quelques individus et d’organismes externes à la langue. » 

 Kritik ou fè sou « Premye rezolisyon AKA a sou òtograf kreyòl la » chita sou syans lang, kidonk li solid. MWEN FELISITE W TOU POU SA. 

 Nan menm atik mwen an, « L’Académie du créole haïtien : autopsie d’un échec banalisé (2014 – 2022», mwen di konsa « le linguiste « Lemète Zéphyr dénonce les lacunes de la résolution de l’Aka sur l’orthographe du créole » (Montray kreyòl, 19 juin 2017), tandis que le linguiste Renauld Govain analyse la position officielle de l’AKA dans son texte « Konprann ‘’Premye rezolisyon sou òtograf lang kreyòl ayisyen’’ an » (AlterPresse, 28 juin 2017). [À linstar de Lemète Zéphyr, Renauld Govain analyse et] éclaire cette « Première résolution », précisant, entre autres, que l’Académie créole confond orthographe, alphabet et graphie : « Rezolisyon an manke jistès nan chwa tèminolojik li yo. Sanble li konfonn òtograf, alfabè, grafi yon pa, epi yon lòt pa, li konpòte tèt li tankou yon trete òtograf, jan nou kapab verifye sa nan dispozisyon 2, 4, 5, 8, 9. »

 Je te souhaite, cher Lemète, une agréable fin de semaine.

 Avec ma haute considération,

 Robert Berrouët-Oriol

Pour en savoir plus sur le travail du linguiste Berrouët-Oriol visionnez le lien

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents