Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Yon repons a divèsyon, dilatwa e foutèz Pierre Esperance yo ! -Par Sergo Alexis

Publié par Sergo Alexis sur 16 Mai 2024, 19:49pm

Catégories : #AYITI ACTUALITES

 

Pwoblèm swadizan ke Konsèy prezidansyèl tranzisyon an ap travèse yon kriz pwofon, antanke jounalis endepadan, editoryalis e sitwayen patriyot, mwen pote yon demanti kategorik a akizasyon sa a. Sevre te gen kèk afrontman politik pou pataj poyvwa prezidansyèl la nan Konsèy la, kriz ke manm Konsèy yo rezoud rapidman.

Mwen desann chapon m byen ba pou 2 manm : dabò Edgard Leblanc Fils, paske kan lòt twa manm yo pat dakô nominsyon/eleksyon l lan e pote majorite a 5 pou vote gwo dosye tankou nominasyon Premye minis la, misye pa fè okenn opozisyon, li te menm vote chanjman yo. Pou lòt moun, mwen desann chapon m tou, se pou Fritz A. Jean. RED/EDE konteste prezidans 4 ki te vote a, F. Jean retire kô l, li bay EDE/RED ak Smith Augustin 4èm plas la. Paske se tap vrèman ridikil yon prezidans tounan a 5manm. 2 lôt yo ta pwal di poukwapa 7. Ela a nou tap nan kriz ! 

Tout chanjman sa yo fèt rapidman. Kidonk mwen pa wè kote Pyè Esperans sòti rans li a.

Toutsa li jwenn pou l di, sèke kominote entènasyonal la konte anvayi Ayiti si Konsèy la echwe. Papa l Blan an pwal aplike atik 149 Konstitisyon an. Daprè l, fòk Konsèy la respekte Akò 3 avril la. Kòmsi yon akò patka dezakòde pou enterè nasyonal. Misye plis sanble ak yon tanbou de bounda : Dwadelôm e konze. Yonsòt de ajandoub k ap maniganse, fè dilatwa ak divèsyon pou divize peyi a. Si misye bezwen fè politik aktif, fôk li kreye yon pati politik. Kanta kominote entènasyonal la, li an Ayiti depi 2004 e kriz ensikirite ogmante nan men yo, se yo ki dwe respekte angajman yo, pou ede Lapolis nasyonal debarase l de gang yo. Pou yo mete vrè mwayen jiskaske yon prezidan anplas. Esa ka dire plis ke 2 zan. Men si gouvènman tranzisyon an fè bon travay, li debarase pèp la de gang yo... Sa ap fè blabla, men se pap yon sousi pou pèp la. 

Jiskaprezan Konsèy la fè prèv desajès pou pa tonbe nan pyèj moun ki pa vle INITÈ yo. Neyanmwen, sa mwen krent lan, se nominasyon premye mininis ki riske pran anpil tan, paske se pa trè zentelijan dangaje tout ôganizasyon ak sitwayen ki vle patisipe nan pwosesis nominasyon Premye minis la. Se vrèman ridikil. Yon veritab pyèj ki pwal bay Pyè Esperans blabla pou l rakonte.

Pwosesis te ka fèt ant konseye yo ki se reprezantan ôganizasyon yo. Yo chak te ka prezante yonsèl kandida e yon vòt te fèt pou seleksyone youn. Leblanc Fils te di nan 10 jou Konsèy la tap gen yo Premye minis, ki déjà pase. Kounya a Fritz Jean di nan 2 semèn. Mesye Konsèy yo pran tèt nou. Yon akô ka toujou dezakôde pou enterè kolektif !

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents