Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Communiqué de BAZ FANMI LAVALAS NAN NÒ (en créole)

Publié par Elsie HAAS sur 10 Février 2009, 10:17am

Catégories : #AYITI ACTUALITES

 

Nou menm reprezantan plizyè baz Lavalas nan Nò peyi a Reyini nan Lenbe jodi 8 fevriye 2009 la pou nou reflechi sou desizyon anti demokratik KEP la  pran kont Fanmi Lavalas.

Fanmi Lavalas se yon òganizasyon ki chwazi pou mache ak moun ki pi pòv yo nan peyi a. Revandikasyon mas peyizan ki pa gen tè pou travay, ouvriye kap bourike  pou yon ti kraze monnen, ti machann kap toupizi ak kout ponya epi kap rann san pa bokit ak taks la Dwann,  komèsan nan provens ke gouvènman  kale je pa wè mete ajenou devan komèsan potoprens, etidyan inivsite ki pa gen ni espwa ni esperans, tout sa se chay sou do Fanmi Lavalas.

Fanmi Lavalas kwè nan demokrasi, Fanmi Lavalas kwè nan eleksyon lib onèt epi demokratik. Tout moun konen, e yo konnen byen ke Fanmi Lavalas pa abitye pran pouvwa nan koudeta ni ak kout zam, militan Lavalas kwè nan bilten vòt.

Baz Fanmi Lavalas nan Nò Peyi-a sezi wè  ki jan KEP la vle bay Fanmi Lavalas kat wouj nan eleksyon yo. Eleksyon pa ka fèt san Fanmi Lavalas, paske se nou ki pi plis, se nou ki pi fò. Rezon prezidan KEP la bay la pa kenbe, li pa kanpe sou anyen e li pa gen okenn fondman. Se pa prezidan Aristid ki voye tèt li an ekzil depi 5 lane. Konsa nou mande pou KEP a korije dikte yo ba li nan telefòn pou bloke Fanmi Lavalas la.

Nou konprann pou ki sa fèt.

 a- Kantite konplo ki gen pou mare sou do peyi a pap ka pase nan palman an si gen        palmantè Fanmi Lavalas la.

b- KEP a bay Fanmi Lavalas kat wouj  yon jou apre kongrè ameriken an pran rezolisyon       pou yo vin fè ankèt sou koudeta 29 fevriye a, donk pa dwe gen palmantè Lavalas nan palman an pou patisipe nan ankèt la. Konsa reprezantan nasyonal la, Doktè JeanBertrand Aristide  a toujou nan kanpe lwen

c- Si kandida Fanmi Lavalas yo nan kous la , kandida kout sakèt kandida ofisyèl  konseye prezidansyèl yo pap pase, san nou pa bliye kandida konminezon ke gwo chabrak nan KEP a lage sou tèren an

d- Si gen palmantè Fanmi Lavalas nan palman an lwa baboukèt sou kat telefòn lan pap pase

                  KEP sa fè nou sonje KEP  KNG Jean Gilbert ya

Nap pwofite mande pou kad ou dirijan  Fanmi Lavalas yo rive chita pou yo antann yo, epi antant sa ap ranfòse antant nan mitan baz yo, fouchèt divizyon pa bwè soup eleksyon. Epi nan chire pit Fanmi Lavalas pap ka ranmase revandikasyon pèp la.

Nap mande tout lòt òganizasyon baz nan tout peyi a pou yo soude youn ak lòt pou kontinye mache ak mas pèp la.

 

Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò , ansanm ansanm nou se  Lavalas.

 

Nòt sa ekri nan Lenbe jou ki 8 Fevriye 2009

 

 

Men moun ki siyen:

 

Pou Dondon : Bien Aime Selichrist, Jean Jacques Torius, Beline Liconte

Sen Rafayel : Severe Adonijah, Duchange Moise, Patrik jean

Plendinò      : Brunel Joseph

Milo            : Philistin Dorvil ( Kowodonate mouvman Peyizan Milo)

                      Jeancuius Jacques (MPJDM), Jacquelin Dalusma

Plezans       : Abel Geffrard, Duchaine Franklin, Jean Lukner

Pilat            : Franklin Jn Baptiste, Isema Vixama, Antoni Michel

Borgne       : Samuel Pierre, Adelson Exume , Marcelin Joseph

Limbe        : Louis Marcelin,

L'Acul       : Charlemagne Derozin,Wilton Jn Baptiste, Ronel Osias

Pignon       : Brillant Witny, Eugene Woodeline

Ranquitte   : Fortune Valcina, Elichrist Augustin

Okap          : Lorgeat Claude,Georges Edwin,Pierre Aston ( OPLAD)

                      OSee Fils aime, Jacques Caleb, Giordany st Ulysse

                     Ostain Louis, Herve chery, Jean  Elysee ( OPVS)

                     Rony Paul  ( GARNORD)

                      Alex Jules, Fritzner Petit ( FIOP).

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents