Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Komisyon electoral depatmantal fanmi Lavalas sidès

Publié par Elsie HAAS sur 10 Février 2009, 10:52am

Catégories : #AYITI ACTUALITES



9 Fevriye 2009

  Nòt deprès # 1

 
Fanmi Lavalas sidès peyi-a konstate desizyon politik konsèy de gouvènman-an pran pou  ekate, òganizasyon politik Fanmi Lavalas nan kous electoral la;

Fanmi Lavalas pa ebranle de yon desizyon politik pou fè enemi pèp la plezi.

Fanmi Lavalas apresye deklarasyon kèk zanmi nan entènasyonal la,

Fanmi Lavalas ap profite pou anonse manm, zanmi Fanmi-an, kominote entènasyonal la ak konsèy de gouvèneman-an konnen; Fanmi Lavalas pral nan eleksyon swa ak konsèy de gouvèneman-an oubyen ak yon konsèy electoral endepandan.

 

Fanmi Lavalas sidès peyi-a mande, tout manm Fanmi-an pou yo rete mobilize pasifikman, an atandan revokasyon desizyon politik konsèy de gouvèneman-an.

 

Reprezantan Nasyonal la: son ekselans Dr.Jean Bertrand Aristide mande tout 12 kandida pou senatè fanmi-an nan 10 depatman yo,  kontinye fè kanpay san rete, toujou rete an kontak ak komite ki la pou sa-a nan fondasyon Aristid pou demokrasi-a ( komite ekzekitif la) pou tout mo dòd pasifik.

 

Fanmi Lavalas sidès peyi-a te toujou kwè lespwa patka grandi anba wòch trayizon.

Fanmi Lavalas ap toujou rete bò kote pèp la, batay pou sila yo meprize yo.

 

Mo dòd la: mobilizasyon, mobilizasyon pasifik, nou di pasifikeman.

 

Si defansè pòp yo te la, Jezikris) li ta di nan langaj ebrayik la: Lavalas se Alittihado quoa sa vledi: Lavalas se linyon fè lafòs.

 

Content Wilnet

Koòdonatè komisyon depatmantal la

Kandida pou senatè novanm 2009.

 

Wilson Pierre Louis

Delege

 

Biron Pierre Guillaume

Chef propaganda


**************************************************

Forwarded by Ezili's Haitian Lawyers Leadership Network

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents