Un professeur souhaite une manifestation, le 7 février 2012, pour réclamer la justice pour le peuple haïtien
pou mande jistis pou pèp ayisyen an
mèkredi 1e fevriye 2012
Apre desizyon jij Carvès Jean pran sou afè ansyen diktatè Janklod Divalye a
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse nan dat premye fevriye 2012
Yon tèks Lemèt Zefi
Suite à la décision du juge Carvès Jean concernant l'affare de l'ancien dictateur Jean-Claude Duvalier, le document ci-après est parvenu à Alterpresse, le 1er février 2012
Mwenmenm, Lemèt Zefi, pastè evanjelik, pwofesè Inivèsite d Eta d Ayiti, mwen tande desizyon jij Carvès JEAN fè sou dosye ansyen diktatè Janklod Divalye a ak anpil endiyasyon.
Moi, Maître Zéfi, pasteur évangélique, professeur à l'Université d'Etat d'Haïti, j'ai entendu, avec une grande indignation, la décision du juge Carvès JEAN prise sur le dossier de l'ancien dictateur Jean-Claude Duvalier .
Mwen sezi tande jij Carvès JEAN pran kesyon lalwa peyi d Ayiti pa prevwa krim kont limanite a, krim ki atake diyite moun, nan sa moun ye toupatou sou latè a, kòm pretèks pou li blanchi Janklod Divalye.
J'ai été stupéfait d'entendre le juge Carves JEAN prendre comme prétexte pour blanchir Jean-Claude Duvalier, que, dans les lois d'Haïti ne sont pas inscrites le délit de crimes contre l'humanité, crimes qui attaquent la dignité des gens, l'essence de la vie des gens sur toute la terre.
Lè yon jij pran yon desizyon sou baz sa a, li vle fè sosyete a kwè Ayiti se yon bagay apa, Ayiti pa nan menm nivo ak rès monn lan, nan respè dwa moun ki viktim genyen pou yo jwenn jistis.
Quand un juge prend une décision sur une pareille base, il veut faire croire à la société qu'Haïti est un pays entièrement à part, qu'Haïti ne se place pas au niveau du reste du monde lorsqu'il s'agit du respect des droits des victimes à obtenir la justice.
Okontrè, dirijan yo mèt tounen bouwo pou moun yo te sipoze pwoteje yo, lè yo o pouvwa, yo mèt fè sa yo vle ak lavi moun, y a al kache aletranje jouk patizan yo repran pouvwa pou bosale lajistis an favè yo.
Au contraire, les dirigeants, une fois au pouvoir, peuvent se transformer en bourreaux de ceux qu'ils sont supposés protéger. lls peuvent faire ce qu'ils veulent de la vie des gens, puis, aller se cacher à l'étranger jusqu'à ce que leurs partisans reprennent le pouvoir et manipulent la justice en leur faveur.
Yè apre midi, mwen te pi sezi ankò, lè, sou Vizyon 2000, m tande Doktè Jean Reynold Eddy Bazin, prezidan Mouvman Kretyen pou yon Nouvèl Ayiti (MOCHRENA), yon kòlèg mwen respekte anpil, bat bravo lakontantman poutèt jij Carvès JEAN pa rekonèt Janklod Divalye merite jije pou krim kont limanite.
Hier après-midi, j'ai été encore plus stupéfait, quand, sur Radio Vision 2000, j'ai entendu Jean Reynold Eddy BAZIN, président du Mouvement chrétien pour une nouvelle Haïti ( MOCHRENA), un collègue que je respecte beaucoup, applaudir le juge Carvès JEAN pour avoir reconnu que Jean-Claude Duvalier ne méritait pas d'être jugé pour crimes contre l'humanité.
Kontantman doktè Bazen an chita sou yon agiman mwen mal pou konprann: akizasyon krim kont limanite, yo te mete sou do Janklod Divalye a, te divize sosyete a, epi se yon seri bagay ki pase depi 25 an.
La joie du docteur Bazin s'appuie sur un argument que j'ai du mal à saisir. Selon lui, l'accusation de crimes contre l'humanité à l'encontre de Jean-Claude Duvalier divise la société et puis, c'est une série de faits qui remontent à 25 années en arrière.
Nan yon dezyèm mouvman, poutèt tout lòt dirijan politik ki vini apre Divalye yo vòlè lajan leta tou, doktè Bazen regrèt jij la kenbe akizasyon pou krim ekonomik yo.
Dans un deuxième temps, étant donné que les dirigeants haïtiens arrivés après Duvalier auraient également volé l'argent de l'Etat, Docteur Bazin a regretté que soit maintenue l'accusation pour crime économique.
Sa vle di, piske se tout dirijan ayisyen ki vòlè lajan leta, nou mèt kite sa kon sa. Se yon pwoblèm ayisyen. Sa ap toujou kon sa.
Ce qui signifie que, vu que ce sont tous les dirigeants haïtiens qui volent l'argent de l'Etat, laissons les choses telles quelles. Il s'agit d'un problème haïtien. Ce sera toujours comme ça.
Lè kalite pawòl kon sa soti nan bouch yon lidè politik, ki fè pati sektè potestan an, fòk nou mande tèt nou : Kilès k ap kanpe pou lajistis nan peyi a?
Quand des paroles semblables sont émises par un leader politique qui fait partie du secteur protestant, nous sommes obligés de nous poser la question : qui se lèvera pour défendre la justice dans ce pays ?
Kilès k ap fè politisyen yo sonje :
« Lè gen jistis nan yon peyi, sa leve peyi a. Men, peche enjistis se yon wont pou yon nasyon.» Pwovèb 14.34 ? Desizyon jij Carvès JEAN an fè tout sitwayen, ki te fè lajistis peyi d Ayiti yon ti kras konfyans ,toujou sonje de (2) gwo verite :
1. Lajistis peyi d Ayiti gen tout mwayen pou li bay moun, ki fè sosyete a soufri, lisans pou yo kontinye menase viktim yo.
2. Lajistis lage de bra balan, de je l pete, lè se dosye viktim yo l ap analize.
Qui rappellera aux politiciens : " Quand la justice existe dans un pays, cela relève le pays. Mais le péché d'injustice est une honte pour une nation"Pwovèb 14.34 ?
La décision du juge Carvès JEAN, fait que tous les citoyens qui faisiant un petit peu confiance à la justice en Haïti, auront à se souvenir de deux ( 2) vérités.
1- La justice en Haïti possède l'ensemble des moyens pour donner aux gens qui accablent la société, la licence pour continuer de menacer leurs vctimes.
2- La justice se retrouve bras ballants, yeux crevés, dès qu'elle se trouve face aux dossiers des victimes.
O dènye rezime, lajistis se zouti grannèg, moun ki sou pouvwa, pou kore enpinite. Sa montre nou espwa peyi d Ayiti pa nan kalite jistis sa a.
En résumé, la justice c'est un instrument aux mains des gens riches, les gens au pouvoir, qui leur pemet de rester impunis. Ce qui nous montre qu'une justice de cette sorte ne peut pas faire partie de l'avenir d'Haïti.
Fòk nou goumen pou gen moun ki gen karaktè, ki endepandan, ki swaf yon sosyete ki chita sou jistis, nan tout nivo desizyon nan peyi a.
Il nous faut lutter afin que nous ayons des personnalités au caractère bien trempé, des personnes indépendantes qui aspirent à une société basée sur la justice, à tous les niveaux de décision dans le pays.
Fòk nou fòse dirijan ki la yo pran bon desizyon ki chita sou vrè jistis, kont patizan yo, kont pwòp tèt yo.
Il nous faut imposer aux dirigeants actuels, une décision qui s'appuie sur une vraie justice, contre leurs partisans, contre leurs propres têtes.
Mwen pwopoze tout sitwayen ayisyen, ki choke menm jan ak mwen, pou nou reflechi sou ki sa ki pi bon kòm pwotestasyon pasifik pou nou tout fè a midi pil, jou 7 fevriye 2012 la, k ap fè 26 zan depi ke makak la te kase : mach pasifik, nòt pou laprès, entèvansyon nan deba sou radyo ak televizyon, rankont solidarite ak viktim yo epi ak paran viktim ki mouri yo, klaksonnen machin nou byen fò pannan yon minit, rele : JISTIS POU PÈP AYISYEN…
Je propose à chaque citoyen haïtien, choqué comme je le suis, de réfléchir aux actions de protestations pacifiques les meilleures, que nous pourrions faire à midi exactement, le 7 février 2012, date qui marquera les 26 années depuis que le macaque a été brisé
Que ce soit une marche pacifique, des communiqués à la presse, des interventions sur les radio et télévisions, des rencontres de solidarité avec les victimes et aussi avec leurs parents, actionner les klaxons de nos véhicules pendant une minute, crier : JUSTICE POUR LE PEUPLE HAïtien
Mwen pa ka fini nòt sa a san yon dènye rapèl pou dirijan nou yo sou reskonsablite yo :
« Louvri bouch ou pale pou moun ki pa ka pale pou tèt yo. Defann kòz moun ki san sekou yo. Pale pou yo. Pa fè pati pri. Defann kòz malere yo ak endijan yo.” Pwovèb 31.8,9.
Je ne saurais terminer cette note, sans un dernier rappel aux dirigeants haïtiens concerant leurs responsabilités:"Parle pour ceux qui ne peuvent pas parler. Défends la cause de ceux qui sont sans secours. Parle pour eux. Ne fais pas de parti-pris Défends la cause des malheureux et de indigents." Pwovèb 31.8,9.
Lemèt Zefi
Maitre Zefi
Pastè Evanjelik
Pasteur Evangélique
Pwofesè Inivèsite d Eta d Ayiti
Professeur à l'Université d'Etat d'Haïti
Imèl: lemete2002@yahoo.fr
email : lemete2002@yahoo.fr
Commenter cet article