Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Ayiti ! par Michèle Voltaire

Publié par Elsie HAAS sur 14 Mars 2010, 10:43am

Catégories : #AYITI ACTUALITES



ayiti peyi pikan, peyi mizè
peyi bèl fanm, bèl malè
peyi fè pam, peyi kouray
peyi koupe tèt, boule kay
peyi tout voum se do, sansib pa jwe
peyi bay kou bliye, pote mak sonje
peyi dèyè mòn gen mòn
peyi ka twoke kòn
peyi bèl mèvey
peyi wòch nan dlo, wòch nan soley
peyi kase fey kouvri sa
peyi manman penba
peyi voye wòch, kache men
peyi jou va, jou vyen
peyi jan chache, jan twouve
peyi lwi jan boje
peyi lave men, siye a tè
peyi wè pa wè, antèman pou katrè
peyi twa fwa pase la, se la denyè ki restera
peyi f-i-fi, n-i-ni, kaba?
peyi premye kou pa kou
peyi se dènye kou ktouye koukou
peyi se dwèt mwen li ye
m'pa ka koupe'l
peyi'm pou mwen li ye
se mwen'k pou sove'l

michèle voltaire marcelin
02-10

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents