Lan twazyèm pati sa a, mwen pral kontinye travay entwodiksyon sou yon gramè kreyòl mwen kòmanse depi plizyè semèn. Lan premye pati an, mwen te analize fonoloji kreyòl ayisyen; lan dezyèm pati an, mwen te egzaminen mòfoloji kreyòl ayisyen; lan ekspose sa a, mwen pral fè yon rale sou sentaks kreyòl ayisyen. Ki sa lengwis yo rele sentaks?
Sentaks se yon branch lan syans lengwistik ki etidye ki jan mo lan yon lang kapab konbine avèk lòt pou fòme inite lengwistik ki pi laj tankou fraz, pwopozisyon, sentagm… Lè nou di sentaks, nou dwe wè tousuit estrikti gramatikal yon lang. Sa vle di : lòd mo yo lan fraz la, wòl fleksyon yo (pou lang ki genyen fleksyon) ki montre nou relasyon mo yo antre yo, enpòtans mo gramatikal yo…Sentaks gen yon plas santral lan etid lengwistik. Sentaks yon lang se nannan lang lan. Yon lang se pa yon “sak mo” li ye. Menm si yon moun ta konnen tout mo ki lan yon lang, (se yon bagay ki enposib dayè), sa pa vle di li konnen lang lan pou sa. Fòk li konnen lan ki kalite relasyon mo yo pral antre. Se pa nenpòt kòman sa fèt. Men, lè yon lokitè konnen sistèm règ ak diferan kategori gramatikal ki lan yon lang, sa pèmèt li konbine mo yo jan yo dwe konbine pou bati fraz. Se travay sa a sentaks fè. Se yon travay kapital.
Donk, se pa nenpòt fason moun kapab konbine mo ki lan yon lang pou fòme fraz. Lan tout lang, genyen fraz ki gramatikal, epi gen fraz kiagramatikal. Gramatikal pa vle di kòrèk. Li pa enplike oken jijman valè sosyal. Agramatikal pa vle di enkòrèk. Li pa enplike lide tradisyonèl kote moun aprann jije nivo osnon bote lang moun pale. Lengwis yo konsidere yon fraz gramatikal lè moun ki natif natal lang lan aksepte fraz la tankou yon fraz ki posib. Yon fraz ki agramatikal se yon fraz natif natal yo konsidere tankou yon fraz ki pa posib lan lang lan. Ann pran kèk egzanp :
(1) Li bwè tout ji ki lan frijidè a
(2) *Li bwè ji tout ki lan frijidè a
(3) Kafe a fò, li bon
(4) *A kafe fò, li bon
(5) Diri sa a pa bon kalite
(6) *Diri sa a pa kalite bon
Lan analiz lengwistik, lè genyen yon asterisk (*) devan yon fraz, sa vle di fraz sa a pa gramatikal. Lan sis fraz ki anlè a, #1, 3, ak 5 se fraz gramatikal yo ye. Sa vle di yo suiv règ ki egziste lan gramè lang kreyòl. Kreyolofòn ayisyen p ap gen pwoblèm pou aksepte yo. Men, #2, 4, ak 6 pa gramatikal. Yo agramatikal. Sa vle di pa gen règ lan lang kreyòl ayisyen ki pèmèt lokitè yo fòme kalite fraz konsa. Pafwa, gen lengwis ki itilize ekspresyon « fraz byen fòme » olye ekspresyon “fraz gramatikal” osnon ekspresyon « fraz mal fòme » olye ekspresyon« fraz agramatikal ». Yon fraz kapab byen fòme men li pa fè sans. Chomsky (1957:15) te vini ak egzanp yon fraz konsa ke tout moun ki ap etidye syans lengwistik konnen kounyè a: Colorless green ideas sleep furiously. Fraz sa a konfòme li ak règ pou bati fraz ann angle (se yon fraz gramatikal) menm si li pa fè oken sans.
Twazyèm pati sa a, se yon entwodiksyon sou sentaks kreyòl li ye. Se pa yon liv gramè li ye. Li va ede nou konprann teyorikman sa yon gramè ye, sa gramè kreyòl la ye. Mwen genyen pou m devlope li yon lòt lè, pou m fè li yon liv gramè e m ap baze li sou travay sa a. Travay sa a p ap kouvri tout sa ki lan gramè kreyòl la. M ap chwazi sèlman kèk karakteristik ki rann kreyòl ayisyen yon sistèm lengwistik ki vrèman orijinal pa rapò a yon lang tankou franse ki se lang leksifikatris li.
Kategori sentaksik
Lan deskripsyon sentaksik yon lang, youn lan premye travay lengwis yo fè se idantifye lan ki kategori yo dwe mete mo ki lan lang lan. Se yon travay ki endispansab. Lengwis yo dwe fè sa, lokitè yo dwe konprann sa. Sa pèmèt nou konnen ki pwopriyete diferan mo ki lan yon lang, genyen. Se gras a sa, n a konnen ki jan osnon lan ki pozisyon nou dwe plase yon mo.
Grameryen tradisyonèl yo sèvi ak ekspresyon parties du discours, an franse ; parts of speech, ann angle. Ann rele li nou menm « pati lan diskou ». Genyen lengwis modèn ki itilize ekspresyon « kategori leksikal » pou dekri sa grameryen tradisyonèl yo rele « pati lan diskou ». Yo anplwaye ekspresyon « kategori leksikal » pou deziyen diferan klas mo ki egziste lan gramè yon lang. Byenke li sanble tout lang etabli yon distenksyon pami mo ki fè pati kategori leksikal, kapab genyen gwo diferans lan kantite ak jan distenksyon sa yo fèt. Lengwis yo òganize mo lan yon lang an de (2) kategori: yon kategori ki fè pati yon klas mo ki louvri epi yon lòt kategori ki fè pati yon klas mo ki fèmen. Lan kategori mo ki louvri, lengwis yo idantifye kat klas mo : non (N), vèb (V), adjektif (Adj), ak advèb (Adv). Lengwis yo rele kategori sa a, kategori louvri paske a nenpòt ki moman, nouvo mo kapab antre ladan li. Men, se sèlman yon ti gwoup fiks eleman ki fè pati kategori fèmen. Men yo: detèminan (Det), vèb oksilyè (Oks), prepozisyon (P), pwonon (Pwo), ak Konjonksyon, (K).
Kategori leksikal
Kategori leksikal louvri Egzanp
Non (N) flè, chapo, liv
Vèb (V) admire, jennen, vann
Adjektif (Adj) bon, jalou, entèlijan
Advèb (Adv) ansanm, raman, toujou
Kategori leksikal fèmen Egzanp
Detèminan (Det) la, sa a, yon
Vèb oksilyè (Oks) fèk, kapab, fin
Prepozisyon (P) apre, pami, nan
Pwonon (Pwo) mwen, li, yo
Konjonksyon (K) ak, anka, epi
An kreyòl ayisyen, pa genyen anpil mo ki fè pati kategori leksikal fèmen. Dayè, se konsa sa pase lan majorite lang ki fè distenksyon sa a. Se lan kategori leksikal louvri majorite mo yo konsantre.
Genyen lengwis ki sèvi ak yon lòt tèminoloji pou fè distenksyon sa yo. Yo pale de « mo leksikal » ak « mo gramatikal ». Non, vèb, adjektif, ak advèb fè pati « mo leksikal », alòske detèminan, vèb oksilyè, prepozisyon, pwonon ak konjonksyon fè pati « mo gramatikal ».
Mo ki lan menm kategori leksikal pataje kèk pwopriyete. Majorite kritè pou plase mo lan menm kategori leksikal se kritè gramatikal yo ye. Ann pran pa egzanp fraz sa a : Chen rayi chat. Chen avèk rayi pa sou menm nivo fonksyonèl paske chen kapab fonksyone kòm sijè osnon objè men rayi pa kapab. Donk, de mo sa yo chen ak rayi fè pati de (2) klas mo diferan. Men, lè nou konsidere chen ak chat, nou wè tousuit yo genyen menm distribisyon osnon menm fonksyon (toulede kapab jwe wòl sijè, toulede kapab jwe wòl objè). Sa esplike poukisa nou kapab mete yo lan menm kategori leksikal, kategori non.
Non an kreyòl
Distenksyon ant non ak vèb ta sanble li inivèsèl. Men, gen espesyalis ki kesyone inivèsalite distenksyon sa a. Lengwis yo rele non yon klas mo kote nou jwenn jan yo rele moun (Mari, Andre), objè konkrè (biwo, machin, liv) osnon abstrè (senserite, lide, lajistis) ak kote (pak, estad, lavil). Fonksyon non leplisouvan se sèvi kòm sijè osnon objè tankou lan egzanp sa yo avèk mo ki souliye yo :
Fi a byen abiye
Lapolis debake
Li bwè anpil lèt
Pyè achte yon machin
An kreyòl, genyen yon distenksyon ki fèt ant non komen ak non pwòp. Yo sèvi ak non komen pou pale de nenpòt ki manb lan yon klas moun (tifi, ti gason), lan yon klas liv (woman), osnon lan yon klas kote (lavil). Yo sèvi ak non pwòp pou pale de yon moun presi (Monik, Jak, Toni).
Gramè tradisyonèl yo aprann nou ke non se yon klas mo ki deziyen èt vivan osnon objè (chat, plim). Yo pa di anyen sou mo yo konsidere tankou mo abstrè (konesans, lajistis) alòske se non tou yo ye.
Jan(r) avèk nonb an kreyòl
Genyen lang kote gen yon relasyon ant kategori janr ki se yon kategori lengwistik avèk kategori sèks ki se yon kategori natirèl. Pa egzanp, lan lang franse, yon èt anime ki gen sèks maskilen, yo ba li yon non maskilen; si li gen sèks feminen, yo ba li yon non feminen. Men, li enpòtan pou nou sonje ke janr pa koresponn obligatwaman lan tout lang avèk opozisyon maskilen vs feminen.
An kreyòl ayisyen, genyen kote nosyon janr lan parèt men se pa yon konstant li ye nan lang lan. Genyen non ki endike èt anime e ki kapab deziyen swa yon moun sèks maskilen, swa yon moun sèks feminen.
Ayisyen Ayisyèn
Travayè Travayèz
Peyizan Peyizàn
Men, pa gen anpil mo an kreyòl ki suiv varyasyon sa a. Anplis, varyasyon sa a pa mache ak detèminan an piske detèminan an pa janm chanje. Se non an sèlman ki chanje. Egz.
Yon Ayisyen Yon Ayisyèn
Yon travayè Yon travayèz
Yon peyizan Yon peyizàn
An kreyòl ayisyen, non pa pran mak gramatikal tankou ‘s’ pou li montre pliryèl. Pou endike pliryèl, lokitè a sèvi ak mo ki reprezante twazyèm pèsonn pliryèl pwonon pèsonèl ki se « yo ».
Pwofesè a Pwofesè yo
Machin lan Machin yo
Vèb an kreyòl
Vèb se yon klas mo ki endike aksyon, sansasyon, santiman osnon eta. Lengwis yo fè yon distenksyon ant vèb aktif ki eksprime aksyon ak vèb deta ki eksprime yon eta. Men kèk egzanp:
Jaklin danse byen
Li pa santi anyen
Lwiz renmen Franswa
Youn lan fonksyon gramatikal vèb se sèvi kòm predika. Sa vle di yon eleman ki jwe yon wòl santral lan yon fraz: li atire tout lòt eleman yo e tout lòt eleman yo depann de li. Men, n a wè pi devan ke sitiyasyon an pi konplike pase sa.
Adjektif an kreyòl
Tradisyonèlman, yo defini adjektif kòm yon klas mo ki idantifye kalite, ak pwopriyete yo bay moun oswa objè. An kreyòl, adjektif kapab fonksyone kòm yon eleman ki modifye yon non. Si m di pa egzanp, ouvriye yo pòv anpil, mo pòv endike yon atribi ouvriye yo. Men, an kreyòl, dapre sèten lengwis, adjektif kapab fonksyone tankou yon predika. Lengwis John Holm (1988) pibliye analiz sou sa men lengwis Michel DeGraff (2007) ki pibliye anpil rechèch sou kesyon sa a pa wè li menm jan.
Adjektif kapab parèt swa devan, swa dèyè non li modifye a. Genyen yon ti gwoup adjektif ki parèt devan yon non.
Yon bèl chemiz
Li rete lan yon gwo kay
Poukisa ou renmen vye machin sa a?
Men, laplipa adjektif parèt aprè non an.
Nèg sa a twò entèlijan pou mwen
Pè sa a pa moral menm
Advèb an kreyòl
An jeneral, lengwis ak grameryen defini advèb tankou inite lengwistik ki kapab modifye vèb, adjektif, ak lòt advèb. An kreyòl, majorite advèb sòti lan franse (yè, ansanm, toujou), genyen anpil ki fini an –man, tankou separemen, sensèman, kareman, onètman, sibitman, siman…men, genyen yon ti gwoup ki orijinal lan jan yo fòme. Men kèk egzanp :
Li kanpe rèdtòk sou desizyon l.
Lapli ap tonbe rèdmare
Manmzèl ap travay rèdchèch (Valdman 2007 : 620-622)
Deplizanpli an kreyòl, nou jwenn adjektif ki tounen advèb lè yo parèt apre yon vèb.
Li pale bwòdè
Yo fè chèlbè
Ou chante fo
Kategori leksikal fèmen
Jan nou te di anlè a, mo nou jwenn lan kategori leksikal fèmen se yon seri mo ki fè pati yon lis ki fèmen. Kantite mo sa yo pa janm ogmante lan lang lan, kontrèman a mo ki lan kategori leksikal louvri. An kreyòl, mo ki fè pati kategori leksikal fèmen se : detèminan, vèb oksilyè, prepozisyon, pwonon, ak konjonksyon.
Detèminan
An lengwistik, yo rele detèminan yon klas gramatikal mòfèm ki pèmèt non an fòme yon sentagm nominal lan yon fraz. An kreyòl, genyen sis kategori detèminan: atik, adjektif demonstratif, adjektif posesif, adjektif nimeral, adjektif endefini, adjektif entèwogatif. Nou kapab divize sis kategori sa yo an de (2) sou- kategori: Lan premye sou-kategori a, genyen atik, adjektif demonstratif, adjektif posesif. Yo toujou plase apre non an, esepte atik endefini ki parèt devan non an :
Tab la
Kay sa a
Machin mwen
Yon òdinatè
Dezyèm sou- kategori an genyen adjektif nimeral ak adjektif endefini. Yo toujou plase devan non an:
Gen kat etidyan ki pa vini
Kèk moun kòmanse kriye
Adjektif entèwogatif (ki, konbyen) toujou plase devan non yo modifye.
Ki moun sa a ?
Konbyen kòb li koute ?
Vèb oksilyè
An lengwistik, yo rele vèb oksilyè yon kategori vèb ki depann de vèb prensipal la e ki sèvi pou fè distenksyon avèk tan, mòd, aspè, (TMA). An kreyòl, pami vèb oksilyè yo, genyen fèk, kon, kapab, fin, vin, sòt, dwe…Nou pa dwe konfonn sèten ladan yo ak fòm long tankou fini, konnen, vini, sòti ki yo menm fonksyone tankou vèb regilye. Genyen ladan yo ki kapab mache ak mak tan, mòd, aspè, tankou te, ap, ta, t ap, pral,… Youn lan etid enteresan ki fèt sou vèb oksilyè an kreyòl se etid lengwis ayisyèn Hélène Magloire-Holly (1982).
Prepozisyon
Lan gramè tradisyonèl yo, yo prezante prepozisyon tankou yon seri mo zouti ki sèvi kòm lyen ant de (2) tèm. Pou lengwis modèn yo, prepozisyon fè pati klas mo gramatikal ki presede swa non, pwonon, osnon sentagm nominal ki ede fòme yon fraz. An kreyòl, yo konsidere kòm prepozisyon mo tankou:
Jan pase devan Pyè
Ki liv ou pi renmen pami liv sa yo
M ap tann bis la depi midi
Pwonon
Gramè tradisyonèl yo defini pwonon tankou yon mo ki ranplase yon non. An reyalite, se pa yon definisyon ki egzat. Si m di m ap aprann chinwa osnon pèsonn pa di anyen, m ak pèsonn ki toulede se pwonon pa ranplase oken non. Yon pwonon kapab ranplase yon sentagm osnon tout yon fraz. Pa egzanp, pwonon li lan fraz li bèl kapab ranplase meurent kanaval la, osnon ti kouzin Jan Mari an.
An kreyòl, se menm fòm pwonon pèsonèl la ki fonksyone kòm posesif osnon kòm sijè vèb, kòm objè vèb, osnon kòm objè prepozisyon.
Lan fraz sa yo, menm fòm pwonon pèsonèl yo sèvi kòm sijè yon vèb :
Mwen fèk aprann nouvèl la
Li tounen al viv New York
Y ap vini aswè a
Yo sèvi tou kòm objè dirèk :
Li konprann li kab kaponnen m
Pa okipe li.
Jandam lan frape yo
Yo sèvi tou kòm objè endirèk :
Yo ban m machin lan
Koute sa m di w
Osnon objè yon prepozisyon :
Misye vide bèt sou nou
Mari danse ak yo
Menm fòm pwonon pèsonèl la fonksyone tou kòm adjektif posesif :
Ti fi a fade bouch li
Diksyonè mwen an tou nèf
Konjonksyon
Wòl konjonksyon lan yon fraz se mare ansanm de (2) osnon plis pase de (2) eleman. Se wòl sa a li jwe tou lan kreyòl ayisyen. An jeneral, grameryen yo divize konjonksyon an de (2) gwoup : youn se konjonksyon koòdinasyon, lòt la se konjonksyon sibòdinasyon. Konjonksyon koòdinasyon sèvi pou mare ansanm inite lengwistik ki gen menm estati, tankou men, osnon, epi, ak… Konjonksyon sibòdinasyon sèvi pou endike yon eleman ki antre anndan yon konstriksyon ki pi laj. Paske, lè, si, ke…se kèk egzanp konjonksyon sibòdinasyon.
Jaklin ak Jàn se de bon zanmi
Li ta achte machin lan, men li pa gen lajan (Valdman 2007 : 478)
Li pa ka vini paske li malad
Rele mwen lè ou rive Boston
Lan pwochen atik la, m ap kontinye 3èm pati sou sentaks kreyòl. M ava pale sou estrikti gramatikal lan lang kreyòl ki orijinal e ki montre jan lang kreyòl diferan lang franse.
Hugues Saint-Fort
New York, 27 jwen 2013
Referans mwen site:
Chomsky, Noam (1957) Syntactic Structures. Mouton: The Hague and Paris.
DeGraff, Michel (2007) Kreyòl Ayisyen, or Haitian Creole (‘Creole French’). In Comparative Creole Syntax. Parallel Outlines of 18 Creole Grammars. Edited by John Holm and Peter L. Patrick, Battlebridge Publications. United Kingdom.
Holm, John (1988) Pidgins and Creoles. Volume 1. Theory and Structure. Cambridge University Press: New York.
Magloire-Holly, Hélène (1982). Les modaux: Auxiliaires ou verbes? In Syntaxe de l’haïtien. Lefebvre, Magloire-Holly, Piou, rédacteurs. Karoma Publishers, Inc. Ann Arbor.
Valdman, Albert and alii. (2007) Haitian Creole-English Bilingual Dictionary. Indiana University, Creole Institute.
Commenter cet article