Komisyon Nasyonal Jistis ak Lapè mande tout kandida ki vle prezidan Ayiti pou yo reponn 18 kesyon.
Men repons Kandida Leslie Voltaire:
http://votezvoltaire.net/kreyl/
1. Ki sa ou konsidere kòm pi enpotan nan lavi ou jis kounye a ? Prezante tèt ou bay elektè yo.
Sa ki pi inpòtan pou mwen, se viv an akò avek prinsip mwen: entegrite, travay, lonè ak respè. Se valè sa yo ki toujou bousòl mwen depi m piti, e ki gide m nan vi pèsonèl ak pwofesyonèl mwen. Se menm valè sa yo ki pral sèvi m gid nan tout desizyon m ap pran nan tèt leta. Entegrite vle di ke mwen onèt ak tèt mwen e ak lòt moun. Li vle di ke mwen kanpe djanm, poum batay pou konviksyon mwen. Travay bay moun diyite, li bay moun valè, li pèmèt ou responsab ak fanmi w, e kontribye a sosyete a. Onè, se respekte pawòl ou ak pwomès ou. Respè, se sa ou dwe tout moun, lè ou koute moun, ou pran ka moun, ou ede moun, wakonpaye moun nan pwoblèm yo men se respè tèt ou tou, respete prinsip ou. Depi mwen komanse kanpay la, mwen panse anpil a yon lòt prinsip ki se disiplin. Pou nou ka soti peyi a nan mera sa, chak sitoyen pwal oblije devlope disiplin lakay li, li pwal oblije aprann respè lòd, respè lalwa pou moun ka viv ak moun nan sosyete a. Mwen swete ke avèk mwen, avèk egzanp mwen, chak moun ap tounen yon vre sitoyen e ap reprann konfyans nan leta.
2. Eske ou te jam nan fonkson Leta avan ? Ki wòl ou te genyen ? Si ou pa t nan Leta, ou ka pataje ki reskonsabilite ou te genyen ki montre ou kapab Prezidan yon peyi.
Mwen gen prèske 30 an ke map travay nan sektè prive ak piblik. Mwen te Minis Edikasyon Nasyonal, Minis Ayisyen Kap Viv Lòtbo Dlo (se mwen ki fè vote lwa Voltè a, ki pèmèt jodi a Ayisyen nan dyaspora a kapab gen plis dwa nan peyi a). Mwen travay anpil pou devlope tourism an Ayiti. Tou lòt jou la a, mwen te Anvwaye Espesyal nan NasyonZini. Wòl mwen se te jwenn opòtinite ki ka benefisye peyi Dayiti. Se tout eksperyans sa yo ki fè ke mwen konnen ki jan pou mwen jere Leta ak zafè peyi a. Fò mwen di tou ke mwen konn peyi a byen, mwen konn teren an. Mwen gen anpil eksperyans kòm Achitèk nan sektè prive ak piblik; Mwen prepare plan pou bati vil ak lojman bon mache pou moun kap viv nan zòn Pòtoprens, Kafou, Dèlma, Taba, Petyonvil e mwen anseye Achitekti pandan 15 an nan Inivèsite Deta dAyiti.
3. Politik Edikasyon ak fòmasyon lekòl
Ti moun yo, jenès la, se fòs peyi a. Fòk tout ti moun, tout jènn al lekòl, jwenn lasante ak manje. Nou pral travay ak tout fòs nou, ak tout kouraj nou pou dwa fondamantal sa tounen yon reyalite. Nou pral ogmante bidjè fonksyònman ak envestisman nan sektè edikasyon, lasante ak kantin eskolè. Men priyorite nou :
- Devlope edikasyon fondamantal, pou tout ti moun ale lekòl
- Ankouraje ti fi yo ale lekòl epi rete lekòl ;
- Fòme pwofesè yo ; amelyore kondisyon travay yo pou kalite ansèyman an ka amelyore tou.
- Devlope pwogram lekòl yo, devlope zouti ki pou pèmèt mezire kalite fòmasyon lekòl yo ap bay ti moun yo, ak rezilta fòmasyon yo pote pou ti moun yo.
- Devlope relasyon patnè ak sektè lekòl prive, kominotè, konfesyonèl, pou kalite ledikasyon an ameyiore.
- Ogmante pwogram bous pou elèv ak etidyan yo, ak estaj andedan tankou andeyò peyi a.
- Mete kanpe yon sèvis sivik miks ; rasanble jenn ki soti nan tout kouch sosyete a, pou pèmèt diferan sektè nan sosyete a rankontre ak viv yon ak lòt, pou pèmèt jenn yo aprann konnen peyi a se pa yo, ak reskonsabilite yo genyen pou ede kominote ki pi defavorize yo.
- Devlope fòmasyon teknik, profesyonèl ak inivèsitè.
4. Eske genyen you evalyasyon ki te fèt sou travay ou ak sou fason ou te jere byen Leta a.
Lè mwen te Minis Edikasyon Nasyonal (anvan kou deta militè a) mwen double kantite lise ki te egziste yo. Lè mwen te Minis Ayisyen Kap Viv Lòtbò Dlo, mwen fè vote yon lwa ki bay Ayisyen plis dwa ekonomik en Ayiti. Lè mwen te Anvoye Espesyal nan NasyonZini, wòl mwen se te ko òdone jefò kominote entènasyonal la pou benefisye Ayiti. Mwen te jwenn dechaj. Pa janm genyen kesyon ki poze sou jan mwen jere lajan leta. Mwen genyen lentansyon mete an plas yon sistèm ki ka pèmèt evalye efikasite moun kap travay nan leta pou ke anplwaye leta ka pran responsabilite yo.
5. Si ou ta Prezidan, ki jan ou ta vle abode kesyon ensekirite nan peyi a ? Ki sa ki sous ensekirite a ? Ki sa ki ensekirite ? Ki kalite politik pou gen sekirite w ap mete sou peyi pour asire sitwayen yo gen dwa jwenn pwoteksyon fizik nan men Leta a.
Pi gwo pwoblèm ensekirite ki genyen nan peyi Dayiti, se ensekirite ekonomik ak sosyal. Paske ensekirite sa egziste, paske leta se yon leta ki fèb anpil, malfektè monte sou moun. Yo fè abi sou fanm ak timoun, yo nan kidnapinn, yo nan rakèt dwòg, yo koronp lapolis ak lajistis. Mwen pwal remanbre lapolis la ak lajistis la, pou ke yo genyen mwayen nan menm yo pou ede mwen konbat ensekirite epi pou raketè pa vire lòlòj yo. Zam prinsipal pou nou konbat ensekirite a se kreye travay ak opotinite pou moun monte biznis nan peyi a.
6. Ki politik ou pral mete sou pye si ou ta Prezidan peyi a, pou fè refòm Lajistis ? Lajistis malad, popilasyon an pa fè l konfyans kom sa dwa/ Lajistis anb Egzekitif la ak anba mel Lejislatif la. Ki sa k dwe fèt pou Lajistis kabjwe wol i dwe genyen nan yon Leta dedwa ?
Mwen pral nomen yon Prezidan tribinal kasasyon pou refòme la jistis e pou bay sistèm jidisyè a indepandans li de pouvwa egzekitif la ak pouvwa lejislatif la. Fòk lajistis genyen bon jan jij, ki konn lalwa, ki pwofesyonèl e ki pap sèvi ak pouvwa yo pou fè lajan. Men fòk gen kontwòl ak enspeksyon ki fèt nan tribinal yo pou ke nou ka wè si jij yo ap fè bon travay. Sa ki malonèt yo dwe pèdi djòb yo dapre lalwa. Li lè, li tan pou nou refòme lwa nou yo epi ke nou pibliye tout lwa peyi a nan Kreyòl. Nou fèt pou apran pèp la sa lwa yo di pou ke yo pa pran nan mera lè yo vin devan jij. Gouvènman mwen pral genyen dosye detaye sou tout desizyon ke lajistis pran, depi tribinal lapè jouk rive nan kasasyon. Nou vle transparans nan tout bagay, sitou nan lajistis.
7. Si ou ta Prezidan ; ki sa popilasyon an kapab tann nam men ou nan domèn lit kont enpinite, lit kont koripsyon ? Ki jan n ap fè pou asire jesyon Leta a p fèt ak transparans, yon fason ki korèk ?
Sèl antidòt koripsyon, se transparans. Mwen pap tolere koripsyon ni enpinite. Gouvènman mwen an pwal refòme leta pou elimine manfouben ak chèk zonbi. Nou pwal elimine gaspiyaj. Nap fè evalyasyon anplwaye leta epi nap mete you system an plas ki favorize anplwaye ki bay randman, ki efikas nan travay la, ki fè leta sispan gaspiye lajan. Gouvènman mwen an pwal transfòme leta pou ke li vin vreman vre youn leta ki ap sèvi pèp la, pa youn leta ki ap souse pèp la. Nap bay popilasyon an mwayen pou li ka rann li kont li menm sa ki ap fèt nan leta. Kidonk nap louvri liv leta pou li ka enspekte li. Nap fòme li pou ke li ka fè egzijans sou leta.
8. Kom Prezidan peyi a, ki jan w qp jere kesyon prizon yo nan peyi a? Kounye a, lavi anndan prizon yo pa fèt pou moun/ Ajan yo tou blije travay nan kondisyon ki pa korèk.
Mwen dakò ke kondison nan prison yo mal anpil. Tou dabò genyen twòp moun nan prison yo. Anpil ladan yo pa sipoze nan prison ditou. Kidonk nou pral pran mwayen pou ke jij ka deside rapidman si wi osnon non yo ta sipoze nan prison. Genyen moun kin an prison paske yo fè youn zak kriminèl. Nou pral pwopoze you lwa ki pèmèt ke nou genyen asiz kriminèl pandan tout lane, pa sèlman 2 fwa chak ane. Sa vle di ke fòk nou genyen plis jij ak plis tribinal. Imediatman ke nou elimine 2 pwoblèm sa yo kondisyon prison yo pwal amelyore. Mwen kwè tou ke ka genyen nesesite pou retire prison yon an mitan lavil yo, konstwi lòt prizon an deyo lavil. Sa va bay vil tankou Potoprens ak Petionville youn lòt figi.
9. Depi 12 janvye 2010, anpil moun nan pèp la ap viv anba tant, yo pèdi tout sa yo te genyen, y opa kab reponnn diferan obligasyon yo genyen.
Travay la pap fasil, sitou apre katastròf 12 janvye a ki touye anpil moun e ki ravaje ekonomi an. Tou dabò, mwen kwè ke fòk nou mete travay nan peyi a pou ke moun ki pèdi travay yo, kay yo osnon byen yo kapab regenyen diyite yon an travay pou yo ka repran tèt yo. Answit, leta dwe pèmèt ke moun jwen kredi labank sou 30 an pou yo ka ashte pwopriyete osnon bati kay pouj yo ka viv. Pou evite ke kay yo kraze si youn siklòn osnon you trableman late pase ankò nap enpoze kondisyon sou konstriksyon yo. Fok yo ka pran shòk youn gwo tranbleman late epi reziste siklòn. Tout moun pwal blije akòde vyolon yo sou règleman sa yo. Nap ankouraje moun batik ay andeyo Potoprens. Se sak fè tou nou pral genyen youn politik pou ankouraje envestisman nan pwovens yo olye ke envestisman vin chita nan Põtoprens.
10. Ki politik agrikòl?
Mwen dakò ak tout moun ki di ke Ayiti ka pwodi plis diri, plis mayi, plis vyann, plis pwason, plis zoranj, bannann, pwa, flè, kafe, sik. Mwen dakò ke fòk nou chanje politik agrikòl pou ke Ayiti sispann depann sou manje etranje. Kidonk, gouvènman mwen an pwal renegosye èd letranje bay nou. Gouvenman an pwal envesti nan lagrikilti pou pèmèt ke pwodiksyon nasyonal la ogmante.
Nan domèn agrikòl la, pwogram nou an gen :
- Reyabilitasyon ak devlòpman enfrastrikti riral (irigasyon, wout riral…) pou pèmèt machandiz ki pwodwi nan peyi a sikile ;
- Pèmèt pwodiktè yo jwenn plis kredi pou achte entran bon kalite pou pèmèt pwodiksyon tè yo ogmante ;
- Devlope yon Sant Nasyonal rechèch nan agrikilti nan tèt kole ak gran sant rechèch lòt peyi, tankou nan peyi Brezil, pou rive devlope nouvo teknoloji ak nouvo varyete pwodwi agrikòl.
10. Kom Prezidan peyi a, ki politik travay w ap mete sou pye? Ki jan w ap jere kesyon travay ak anplwa nan peyi a sitou pou jèn yo? Envèstisman etranje ak nasyonal? Ki jan n ap asire pou lajan rete anndan peyi a, epi pour travayé yo jwenn travay ak yon sale ki korèk dapre ou menm?
Mwen kwè ke fòk nou chèche mete tout moun ki ka travay nan youn travay ki pèmèt li manje byen, peye ipotèk li osnon lwaye kay la, epi fè youn ti ekonomi lò li finn okipe fanmi li. Rebati peyia pwal mande anpil fòs kouray. Leta ka fè anpil pou ke se sitou travayè ak peyizan ki sispann pote chay peyi a sou do yo. Jounen Jodi a moun pèdi youn pakèt tan nan ale vini nan travay, pri transpò a byen wo. Nou pwal asire nou ke nou kolekte taks nan men tout konpayi ki dwe peye taks pou nou ka amelyore rezo wout yo, epi nou pral fikse tèt nou devwa pou nou kanalize envestisman nan kote ki ta merite envestisman pou ke travayè jwen travay nan pwovens pa yo, san yo pa bezwen vin gonfle kò yon an Pòtoprens.
11. Politik piblik sekirité sosyal
Anpil moun pa benefisye sèvis leta paske leta a fèb osnon li pa menm parèt tèt li nan anpil seksyon kominal. Lò li la, li pa rann sèvis. Kidonk youn nan pi gwo devwa’m tankou prezidan se remanbre leta pou ke leta ka vreman vre bay popilasyon an sèvis ke li dwe genyen kote li rete. Pi gwo inisyativ Leta ka pran pou asire sekirite sosyal nan moman n’ap viv la se se trase chimen pou met moun nan travay pou yo kapab retire tèt yo nan lamizè. Lò moun ap travay epi ap fè lajan, yo genyen sekirité lakay yo. Yo ka fè youn ti ekonomi. Yo ka mete lajan nan youn kay ki djanm. Mwen pwal fè anpil refòm nan leta pou ke lajan ki rantre nan kòf leta sèvi pou moun ka genyen toupre kote yo rete a doktè ak enfimyè ki ka ede yo lò yo tonbe malad, pou yo ka genyen lekòl primè ak segondè tou pre yo tou pou yo pa bezwen voye timoun yo fe restavèk lakay zòt nan zafè chèche lekòl. Se konsa n’ap koumanse bay sekirite sosyal.
13. Politik desantralizasyon. Tranblemandte a sòt montre n danje ki genyen nan santralize estrikti egzekitif peyi a nan yon sèl kote. Konsekans yo montre akle gen chanjman ki dwe pote nan rol rejyon yo.
Pou nou menm, desantralizasyon vle di Kreye pòs egzekitif rejional ki gen fòs ki dispoze mwayen leta pral bay yo pou yo ka reyalize politik nasyonal yo Desantralizasyon vle di tou kanalize envestisman nan pwovens yo pou ke moun ki ap viv la jwenn travay. Fòk nou devlope wout, elektrisite, dlo potab, irigasyon, ak telekominikasyon nan tout pwovens yo pou envestisman yo ka gaye epi bay moun travay. Nou bezwen envestisman nan lagrikilti pou nou ka genyen plis diri, pwa, mayi, viann elatriye. Nou bezwen envestisman nan lapèch pou nou ka manje plis pwason. Nou bezwen mennen plis touris nan pwovens yo pou depanse lajan. Lajan ke leta kolekte nan taks sou pwovens yo dwe rete nan pwovens yo pou ke sèvis leta nan pwovens say yo ka djanm. Nou vle wè ke sitwayen ak sitwayèn nan seksyon kominal yo genyen dizon sou kijan lajan pwal depanse nan seksyon kote yap viv la, nan komin kote yo rete a osnon nan pwovens pa yo a. Se poutèt sa nap goumen pou pran pouvwa a pou nou ka remanbre leta pou ke pèp la jwi pouvwa.
14. Kote wap jwen lajan?
Tou dabò nou kwè nan pawòl ki di “se grès kochon an ki pou kwit kochon an.” Kidonk lajan ki rantre nan kès leta akòz taks li rantre dwe kapab finanse politik desantralizasyon ak lot inisyativ gouvènman an pou ede pèp la soti nan grangou. Gouvenman déjà pran angajman ak kominote entènasyonal la pou envesti nan youn seri domèn. Nap kontinye angajman sila yo. Genyen ladan yo ke nou pral revise. Mwen anonse ke nou pral genyen youn diplomasi agresif, sa vle di ke nou pral defan enterè peyi a toupatou, e sitou lè nap negosye akò gouvènman ak gouvènman osnon akò miltinasyonal yo. Nou pral mete finans nou an òd pou nou yo ka fè n konfians. Nou pral elimine tout ti bagay biwokratik ki anpeche envestisman etranje, sitou envestisman dyaspora gaye nan peyi a.
15. Akò ak konvansyon entènasyonal
Ayiti dwe respekte angajman entènasyonal li epi fè posib li pou ke li mete tèt li nan menm liy ak youn leta modèn ki djanm. M’ap travay ak palman pou li ratifye akò li dwe ratifye yo. Gouvènman pa mwen an pwal yon gouvènman ki pral fè tout posib li pou respekte dwa moun. Se konsa mwen pran angajman pou mwen pouse pou siyati ak ratifikasyon konvansyon entènasyonal kap defan dwa moun.
16. Eske ou manm youn pati politik?
Mwen se kandida platform politik Ansanm Nou Fò pou prezidan Ayiti.
17. ki lot bagay ou ta vle di sitwayen ak sitwayèn nan moman eleksyon an
Se yon rèv nou tout ansanm nou pral reyalize Kidonk map ankouraje tout sitwayen ak sitwayèn ayisyen pou yo pwente tèt yo byen bonè 28 novanm pou yo vote pou mwen Leslie Voltaire, nimewo 22, kandida Ansanm nou Fò pou prezidan Ayiti. Ansanm ak nou, men nan men, nap monte eskalye ki ka pèmet nou kite lamizè dèyè nèt. Monte a pap fasil. Soutni mwen, map soutni nou. Ansanm nap reyisi,
18. Eske’w kapab pran youn angajman fèm pou respekte lwa elektoral la?
Mwen pran angajman fèm pou respekte lwa elektoral la.
Commenter cet article