Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Mesaj 2011 Lakou NY

Publié par siel sur 23 Janvier 2011, 10:24am

Catégories : #AYITI ACTUALITES

epi tradiksyon Kreyòl entèvyou Lakou NY te fè 28 Janvye 2010 ak defen jounalis Jamayiken John Maxwell

 

Fanmi yo,

 

Premye Janvye 2011 make 207 lannen depi zansèt nou yo te ranmase karaktè yo, ranmase kouraj yo pran yon angajman fèm devan bondje epi devan tout kritchen vivan pou yo te viv lib oswa yo te mouri. 2 Janvye se dat Ayisyen chwazi pou n jete dlo pou n salye zansèt nou yo, sa yo ki pran devan, fè travèse yo, men anvan y ale yo trase chimen, kite wout pou noumenm ki dèyè nou ka suiv.

 

Lakou New York ap di nou tout Pran Kouraj, sonje Matant Meprilya te toujou di nou “Loko basiye tèt anplas” pou nou pa kite satan jerenons, movèz espri detounen nou nan chimen nou. Apre li pousuiv pou l di nou "se lè jou pral louvri lannuit la pi fè nwa". Lakou NY ap di tout sè ak frè nou yo wout nou travèse a pi long pase chimen k devan nou an.

 

Pou ride n vanse n ap mande nou tout pran yon ti moman pou n Kriye Bravo epi salye memwa detwa pami vanyan ki pran devan pandan lane 2010 la.

 

N ap rele Ayibobo pou:

 

-TOUT viktim katastwòf tranblemanntè ki frape lakay nou 12 Janvye 2010 la

 

-TOUT viktim kolera-MINISTA yo k ap tonbe san konte depi mitan mwa Oktòb la

 

-Vanyan Daniel Simidor (Andre Elizee), konbatan ki fè travèse li nan Lakou NY 10 Janvye 2010. Nan tout lit kont zwazo bèk fè a, lit pou dwa grandèt peyi a k ap mennen nan dyaspora NY la Daniel Simidor te toujou reponn prezan. Simidor pa t janm ezite mache degrennen lè konsyans li te dikte l sa menm lè bon zanmi ak alye te fache.

 

-Vanyan Anil Louijuste, konbatan, edikatè asasen touye lakay menm jou 12 Janvye 2010 la. Anil te lite, ekri, òganize jèn yo ak tout Ayisyen pou nou ranmase responsabilite zansèt yo kite nan men nou an. Anil te ekri liv sou masak grandon yo, legliz katolik, ak lame d Ayiti fè nan Janrabèl; li ekri sou sistèm edikasyon peyi nou ak sou anpil anpil lòt bagay ankò. Li kite yon eritaj san manman pa p janm ka efase.

 

-Istoryen popilè, militan anachis Meriken Howard Zinn ki fè travèse li 27 Janvye 2010. Li te pwofesè nan inivèsite epi l ekri plis pase 20 liv. Liv li ki pi popilè rele “A People’s History of the United States” ki chavire lide ke se lelit ki “fè” listwa pandan pèp la l ap gade. Li te toujou di nou pa gen kanpe nan mitan. Fòk tout moun chwazi kan yo.

 

-Vanyan Pòtorikèn Lolita Lebron, ki fè travèse li Premye Out 2010. Pandan tout tan peyi Etazini ap pran pòz gwo defansè demokrasi, dwa pèp pou yo menm yo chwazi sa yo vle, apa zak malonèt l ap fè anba tab, nan figi lemonn antye li kenbe Pòtoriko anba grif li. Nan lannen 1954, Lolita te fè pati ekip Pati Nasyonalis Pòtoriken ki mennen yon atak zam alamen nan mitan Kongrè Meriken an pou defann dwa grandèt peyi li Pòtoriko.

 

-Vanyan Lucius Walker, responsab IFCO/Pastors for Peace, ki fè travèse li 7 Septanm 2010. Lucius fè tout lavi l ap batay pou bouske òganizasyon nan mitan sa k ap sibi yo. Depi plis ke 20 an òganizasyon sila a ap ranmase epi pote solidarite pèp Meriken an bay pèp Kiben an malgre anbago Gouvènman Meriken an kenbe sou Kiba. Se yo menm tou ki koòdone bous detid Kiba bay pou pèmèt jèn Meriken defavorize al etidye lamedsin gratis nan peyi Kiba.

 

-Vanyan Mary Hanssens, yon avoka Meriken ki te kòmanse lavi granmoun li kòm yon mè katolik. Pou misyon li Mary te chwazi travay ak prizonye. Enjistis brital sistèm lajistis Meriken an mennen li fè chwa retire rad mè a sou li pou l vin yon avoka k ap defann prizonye k ap kroupi nan koridò lanmò (death row) Meriken. Nan lannen 2000 Mary anbrase ka frè nou Borgela Philistin, Jr, grenn Ayisyen k ap jèmi nan koridò lanmò Meriken an. Malgre Borgela panko rive jwenn liberasyon l nou ka di karebare se gras ak jèfò Mary frè nou an vivan jouk jounen jodi. Mary fè travèse li 4 Novanm 2010.

 

-Konpatriyòt nou nan Lakou NY la Alberic Nelson ki te yon Ayisyen tankou plis pase 6 milyon Ayisyen ak pitit Ayisyen k ap chache lavi andeyò teritwa sakre zansèt nou yo mouri kite pou nou a. Konpatriyòt Alberic fè travèse li 2 Novanm 2010 isit nan Lakou NY la. Malgre laj avanse, tout manifestasyon, miting politik pou regle kòz Ayiti ak sa k regade kominote Ayisyen an, konpatriyòt Alberic toujou reponn prezan, bradsou bradsa ak madanm li akote l. Nou pa p janm bliye l.

 

-Jounalis Jamayiken John Maxwell ki fè plis ke 50 lannen l ap ekri, l ap pale pou defann lajistis nan peyi li epi tout lòt kote pi gwo ap kraze pi piti. Gen lontan depi John Maxwell ap pote Ayiti ak pèp Ayisyen an sou do l tankou yon kwa pou fè tout moun rekonèt Ayiti se manman libète, Ayiti se manman lajistis, Ayiti se manman demokrasi. John Maxwell fè travèse li 10 Desanm 2010 nan laj 76 an.

 

Paske bon koze se nan ti gòdèt sa vann epitou John pa t pale Kreyòl bonkou Ayisyen pa janm tande non l epi nou pa janm konnen travay li. Pou ride pèp Ayisyen an rann vanyan sila a lonè li merite Lakou NY tradui nan lang nou dènye entèvyou nou te fè ak John Maxwell 28 Janvye 2010 sou konsekans tranblemanntè 12 Janvye a ak repons sa yo rele Kominote Entènasyonal la.

 

Moun ki pale angle kapab tande entèvyou a limenm nan sit Lakou NY la:

 

http://lakounewyork.com/lakouny-johnmaxwellinterview1-28-10.mp3

 

********

 

Lakou NY 1-28-10 entèvyou avèk John Maxwell:

 

LNY: Se yon plezi pou nou gen sou liy nan avèk nou John Maxwell.  Se pa premye fwa n ap pale avèk John ki se yon jounalis Jamayiken k ap viv Jamayik.  Sa fè lontan John ap defann peyi d Ayiti epi sipòte pèp Ayisyen nan batay li. John, nou kontan ou pase wè nou yon lòt fwa ankò nan Lakou NY.

 

John: Mèsi frè m.

 

LNY: John, katastròf 12 Janvye a reprezante pou anpil nan nou youn nan pi gro trajedi peyi nou Ayiti konfwonte depi nou te kase chenn lesklavaj.  Nou ta renmen ou pataje avèk nou refleksyon w sou katastròf sa a ansanm ak refleksyon w sou repons sa yo rele kominote entènasyonal la pote jiskaprezan. 

 

John: Mwen kwè sitiyasyon an vrèman trajik, men se pa Ayiti sèlman k ap konfwonte reyalite trajik sila a.  Se tout desandan Lafrik yo atravè k ap viv yon sitiyasyon makawon.  Mwen kwè li lè pou nou gade reyalite sa a nan je.  Sa ki pi vekse m nan moman sa a se odas zòt lè yo panse yo kapab bati yon nouvèl Ayiti pou pèp Ayisyen an ou byen pou nenpòt lòt pèp. Sa tranblemanntè a ekspoze klèman pou tou moun wè se tray Ayiti ap pase lontan anba men zòt sa yo.  Epi youn nan yo pa pran okenn responsabilite pou zak kriminèl yo komèt kont Ayiti.  M ap pale de Etazini, Lafrans, Kanada, epi nan yon pwen menm Brazil paske se yo menm ki responsab sa k ap pase Ayiti paske yo refize respekte dwa pèp Ayisyen an.  

 

Fò n konprann, Ayiti se premye peyi nan lemonn ki rekonèt dwa tout moun epi ki konsidere tout moun egal ego.  Ayiti pa t fè tankou Lafrans ak Etazini ki te rekonèt dwa gason sèlman.  Ayiti te rekonèt dwa tout moun, gason kou fanm kou timoun, kit yo te posede kichòy kit yo pa t posede kichòy.  Sa se yon lide fondalnatal ki pa t devlope nan anpil lòt kote jis nan lane 1948 lè Nasyonzini parèt avèk Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun.  Sa vle di se an Ayiti youn nan prensip fondalnatal sivilizasyon gen rasin li.  E se prensip sa a menm Bill Clinton, Ban Ki Moon, George Bush, avèk anpil lòt ki pa gen okenn dwa foure bouch yo nan koze Ayiti eksepte pou yo mande padon pou mechanste yo ak enkonpetans yo, refize aplike nan relasyon yo ak Ayiti.  Yo refize aksepte ke yo pa gen okenn dwa pou yo dikte ki jan pou Ayisyen dirije zafè yo paske depi 1915 se nan trou y ap foure Ayiti.  Se yo menm ki met Ayiti tèt anba epi se sa k fè gen yon pakèt Ayisyen ki mouri.  Yo pa kapab vin di Ayisyen ke Ayisyen pa konn sa pou yo fè paske yo menm yo montre konbyen fwa yo pa konn sa pou yo fè.  Se Ayisyen ki poko janm gen yon chans montre sa yo menm yo kapab fè. 

 

LNY: John, depi evènman tranblemanntè a anpil moun ap aji tankou sibitman enemi Ayiti yo vin zanmi l, epi yo pral pran devan kounye a pou defann enterè Ayiti.   N ap plede eksplike yo ke katastròf la, malgre jan l grav, pa p rive fè moun ki lènmi Ayiti depi lontan tounen zanmi l.  Sa w panse sou sa?

 

John: E byen se ekzakteman sa m ap di depi byen lontan.  Yo desann sou Ayiti e y ap suiv pou yo wè kijan yo kapab eksplwate sitiyasyon tèt anba yo menm ankò kreye a.  Lè siklòn Jàn te frape Ayiti, mwen te konnen depi anvan l te frape Ayiti ki sa ki t apral pase.  An reyalite se Ameriken yo, Fransè yo ak Kanadyen yo ki pèmèt yon pakèt terorist detrui kapasite pèp Ayisyen an pou li defann tèt li e pou li pran swen tèt li.  Mwen te konnen ki sa k t apral pase. Mwen ekri sou sa e vrèman se sa k pase:  Ayiti kraze pi plis ke lòt zantiy yo pa paske siklòn Jàn frape l pi fò men paske li pa t gen kapasite pou l fè fas a rezilta siklòn nan.  Te gen zantiy ki te frape pi plis ke Ayiti men se Ayiti rezilta siklòn nan te pi grav.   E se konsa sa ye depi 200 zan.  Etazini pa kapab fè kòm si li se zanmi Ayiti tandis ke nan semèn anvan katastròf la yo tap depòte Ayisyen tounen Ayiti.

 

Bill Clinton pa kapab fè kòm si li se zanmi Ayiti tandis ke an 1994 li t ap fè sòlda li ranmase Ayisyen ki tap vwayaje nan kannòt pou l pimpe yo tounen Ayiti kote sanginè t ap tann yo pou tiye yo.  PJ Patterson ki t ap dirije Jamayik lè sa a pa kapab di li se zanmi Ayiti tandis ke li te met ansanm ak Clinton pou pran Ayisyen sou lanmè pou fè yo tounen Ayiti, yon zak ki toutafè illegal.  Pèsonn pa gen dwa pran refijye sou lanmè pou fè yo tounen menm kote yo t ap chache kouri kite pou chape pou l yo a.  Ban Ki Moon se yon enbesil, yon san konprann.  Li pa konnen anyen sou sa k ap pase Ayiti.  Heidi Anabi, ki te responsab sòlda LONI yo te enbesil menm jan.  Li mouri kounye a e yo di nou pa dwe pale moun ki mouri mal, men li klè MINUSTHA se yon zouti y ap itilize kont pèp Ayisyen an pou toupizi l.  Pa gen okenn jan MINUSTHA kapab defann pèp Ayisyen.   Fòk yo kite Ayiti.  Fòk pèp Ayisyen gen gouvènman pa li e menm lè pèp Ayisyen an ta bezwen èd fòk li dakò avèk kondisyon ki marye avèk èd sa a.  Gen yon pakèt Ayisyen k ap viv aletranje.  Gen yon pakèt Ayisyen ki gen konesans ak kapasite men ki oblije kite peyi yo akoz aktivite Ameriken yo, Kanadyen yo, ak Fransè yo ansanm ak teroris yo anplwaye yo.  Ayiti pa yon peyi ki pa gen konprann ak kapasite pou l fè.  Men Ayiti ap viv yon reyalite kote Ameriken yo anplwaye zouti teroris pou yo terorize l, ansanm ak zouti fè kadejak sou li pou yo pran ak fòs ponyèt yo sa ki pa l, e ak zouti zam ke yo lage nan men tout vagabon pou touye pèp la.  Pa gen anyen ki nouvo nan istwa sa a.  Fòk nou fè yon jan.

 

Lè yo vrèman deside pou ede Ayiti, m panse youn nan bagay ki dwe fèt se pou yo retire koze Ayiti nan men Konsèy Sekirite LONI an ki gen yon pakèt moun k ap dirije l ki pa konn anyen nan sa k ap pase pa bò isit.  Se Asanble Jeneral LONI an ki dwe pran chaj dosye ki konsène pèp Ayisyen an, pou defann dwa pèp Ayisyen an e pou defann tout sa pèp Ayisyen an reprezante nan 200 zan ki sot pase yo.  Ou konprann mwen?  

 

 

LNY: Nou klè sou tout sa w di yo.  Youn nan premye atik, (fòk nou di moun yo ke depi tranblemanntè a, frè nou John Maxwell ki te malad men ki reprann li kounye a ap travay di pou l met enfòmasyon deyò, apeprè 10 jiska 20 atik pa jou) - koneksyon telefòn nan koupe - Nou retounen sou liy nan avèk John.  John, jan m t ap di w, ou voye yon pakèt atik e 5 jou apre tranblemantè a, Sir Hilary Beckles te piblye youn pou li montre istorikman ke sa k ap pase Ayiti a se pa konsekans enkonpetans Ayisyen, men se rezilta mechanste zòt ki gen pouvwa nan kominote entènasyonal la.  Eske w ka di 2 mo sou sa?

 

 

John: E byen, m panse Hilary Beckles dakò ak anpil bagay m ap di depi on pakèt tan. Gen yon pakèt rasis ak moun fou Ozetazini ki soti pou dyabolize pèp Ayisyen, kòmkwa se yon pèp ki pa gen anyen ki bon lakay li.  Yo vle fè pèp Ayisyen an konprann ke se li menm ki pa bon.  Pat Robertson, yon pastè Meriken, te menm pèmèt li di ke pèp Ayisyen te siyen kontra ak dyab pou l pran endepandans li epi li di yon pakèt lòt tenten ankò tandiske reyalite a sè ke patikilyèman depi 1915 pa gen anyen ki fèt ann Ayiti ki se rezilta volonte pèp Ayisyen an eksepte lè Arisitid te opouvwa.  E menm lè sa a, Ameriken yo te trayi li.  Yo te promèt li lajan pou l met yon bon jan fòs lapolis sou pye epi yo pa bay lajan.  Sa te fòse Aristid blije boule ak fòs lapolis Divalieris la, ki pa t vrèman yon fòs lapolis serye epi ak yon lame ki pa t vrèman yon lame.  Anplis, yo detounen Aristid sou koze dlo a. Labank Entè Ameriken pou Devlopman te fin dakò pou prete l lajan pou met sou pye yon sistèm dlo potab. Apre dizon an te fin fèt, Depatman Deta Meriken vin foure bouch li nan koze a pou di labank nan pinga l prete Ayiti lajan an.   E nou pa kapab menm konprann rezon ki pouse yo aji konsa ki sètènman pa t gen okenn rapò ak sa pèp Ayisyen te fè ou byen te vle fè. 

 

Epi ou genyen tout vye ONG sa yo k ap kouri monte desann toupatou ann Ayiti ke Depatman Deta Meriken voye oubyen ke Depatman Deta oubyen CIA oubyen USAID oubyen Ajans Devlopman Entènasyonal Kanadyen ap peye.  Yon pil ak yon pakèt ONG e li klè ke sa y ap regle a pa gen okenn rapò ak sa pèp Ayisyen an vle.  Se zafè yo y ap regle e y ap chache defann pròp enterè yo.  Alaverite se yon pakèt parazit, tankou tik sou bèf, sof ke y ap si tèlman byen manje e yo vin si tèlman gra yo san lè fese bèf la atè.

 

 

LNY: N aprale fè yon ramase John, men nou konnen pandan n ap pale la a gen yon gwo konferans k ap fèt nan Davos, nan peyi Lasuis kote gwo peyi sousè yo chita y ap planifye lavni Ayiti.  Ki mesaj ou ta voye bay moun sa yo kounye a si yo ta va ap tande n?

 

John: Retire grif nou sou pèp Ayisyen an! Retire grif nou sou pèp Ayisyen an!  Al okipe zafè pa nou, nou fè kont dega deja an Ayiti.  Sa pou malfektè sa yo ta fè kounye a se mande padon pou tout mechanste yo fè pèp Ayisyen ak tout dega yo fè nan peyi a epi pou yo mete anpe zouti anplas pou pèmèt Ayiti mete tèt li kote li ta dwe ye a, paske Ayiti gen 200 zan depi li te deja pran devan nan koze sivilizasyon an.  Pa gen okenn rezon pou y ap trete pèp Ayisyen an kòmkwa Ayisyen se yon bann sovaj paske klèman se pa sa yo ye.  Sa yo bezwen se pou moun k ap bloke yo a retire tout anpechman ke yomenm yo fè esprè yo met nan chimen li.  Elit ki an Ayiti yo, fò n fè yon jan avèk yo.  Apre lagè avèk Alman yo, yo te gen yon program kote yo te chache derasinen chef Nazi ki te nan mitan yo.  Nou bezwen yon program konsa pou elit Ayisyen an, pou n mete yo aleka.  Petèt Etazini ke y ap rann sèvis depi lontan ka ba yo lajan ou byen voye yo yon lòt kote.  M pa konnen sa yo ta kapab fè avèk yo.  Se pa tout ki kont Ayiti, men se anpil nan yo.  Dayè anpil nan yo pa menm Ayisyen, e yo definitivman pa Ayisyen nan kè yo.  Kay yo avèk machin yo (ki kondisyone pou pa pran bal) ka Ayiti, men pòch yo avèk kè yo se lòt kote yo ye.  Se sa mwen ta di moun sa yo nan konferans nan.  M t a di yo pou yo tande sa k ap pase nan Fowòm Sosyal Mondyal la k ap fèt nan Porto Alegre nan Brezil kounye a.  Se la pèp yo yomenm yo reyini.  Yo kanpe sou yon platfòm ki konplètman opoze sa k ap fèt nan Davos la ke moun rich yo ap kontrole pou pròp enterè pa yo.  Men reyalite a se ke moun sa yo trò enbesil pou yo konprann.  Menm jan yo fè Ozetazini se menm jan y ap fè Ayiti.  Y ap detrui group travayè lakay yo epi y ap detrui ata sistèm komès pa yo a.  Yo pa konprann sa.  Yo si tèlman enbesil e se la nannan problèm nan ye.  Imajine w, y ap peye moun pou tire sou lòt moun nan lari Pòtoprens lè yo konnen ke moun sa yo se lavi lap chèche e manje y ap chache pran yo se manje ki deja gate ou byen ki pa lwen gate.  Anplis yo konnen, y apral jwenn lajan asirans pou manje sa yo e yo konnen ke moun yo bezwen manje a pou yo viv.  E ak tout sa, yo peye pou fè tire sou moun sa yo.  Eske ou kapab imajine yon bagay ki, wi li kriminèl, men eske ou kapab imajine w yon bagay ki pi sòt ke sa?  E se la nou ye nan reyalite k ap pase e ki ap pase lontan ann Ayiti: Anpe moun ki sitèlman vle tout pou yo yo pa menm kapab wè ke y ap foure tèt yo nan trou.  M pa konnen ki sa pou m di ankò.

 

LNY: Nou vle di w mèsi John pou tan ou pran pou pale avèk nou.  Nou gen Ayiti sou liy nan kounye a e n apral pran yon ti tan pou nou tradui pou moun k ap tande yo.  Mèsi anpil pou tan w ou pataje avèk nou.

 

John: Mwen regrèt mwen pa pale kreyòl.  Oke frè m, pote w byen.

 

LNY: Li pa trò ta John.

 

John: M konnen, m konnen.  Men ou konnen, m si tèlman okipe.  Se sa ki problèm nan.


--

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents